Nouvo Testaman 2023
6–12 Fevriye. Jan 2–4: “Ou Dwe Fèt Ankò”


“6–12 Fevriye. Jan 2–4: ‘Ou Dwe Fèt Ankò’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“6–12 Fevriye. Jan 2–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Jezikri ap pale avèk Nikodèm

6–12 fevriye

Jan 2–4

“Ou Dwe Fèt Ankò”

Nan yon klas Primè tou kout, ou p ap gen tan pou ansenye chak prensip enpòtan nan Jan 2-4 Chèche asistans espirityèl konsènan sa pou aksantye pou satisfè bezwen ak enterè timoun yo pi byen.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ankouraje timoun yo pataje sa y ap aprann ak eksperyans yo ap fè, mande yo kisa yo te fè resamman pou yo te ka vin “pechè lèzòm” (Matye 4:19 Ou gen dwa vle revize leson semèn pase a avèk yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jan 3:1–10

M bezwen batize ak konfime pou m ka retounen viv avèk Papa nou ki nan Syèl la.

Timoun w ap anseye yo ap prepare yo pou yo pran etap enpòtan pou yo ka viv avèk Pè Selès la ankò lè yo pran desizyon pou yo batize (fèt nan dlo) ak konfime (fèt nan Lespri). Kijan w ka ede yo konprann enpòtans de òdonans sa yo?

Aktivite posib

  • Fè rezime istwa Jezi ki ap ansenye Nikodèm (gade nan Jan 3:1-10). Pwomèt timoun yo ke lè yo batize, Pè Selès la ap ba yo don Sentespri a.

  • Montre timoun yo paj aktivite semèn sa a, epi mande yo pou yo dekri desen yo. Li Jan 3:5, epi temwaye ke nou bezwen batize ak konfime pou n ka retounen al viv avèk Pè Selès la ankò.

  • Mande timoun yo pou yo pale de sa yo fè lè y ap lave men yo. Montre yo foto yon Tifi ki ap batize (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no.104), epi ede yo fè konparezon ant lave men yo avèk dlo a avèk vin pwòp espirityèlman pa mwayen batèm nan.

Jan 3:16

Pè Selès la renmen m, se poutèt sa, li te ban m yon Sovè.

Kijan w ka ede timoun yo aprann verite presye sa a?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo konplete fraz tankou sa a: “Paske paran m renmen mwen, yo …” Li Jan 3:16. Apre sa ede chak timoun repete Jan 3:16, pandan y ap ranplase mo “mond lan” pa pwòp non pa yo. Ede timoun yo remake ke vèsè sa a di ke Papa nou ki nan Syèl la te fè sa paske L renmen nou. Envite timoun yo pou yo fè foto tèt yo. Kite youn pataje desen yo avèk lòt epi eksprime lanmou yo pou Sovè a,

  • Chante ansanm yon chan sou Jezikri, tankou “Il envoya son Fils aimé, (Chants pour les enfants, 20–21). Kite timoun yo kenbe yon foto Jezikri chak fwa yo chante yon mo tankou “Pitit Gason,” “Jezi” oubyen “Sovè”

Jan 4:5–15

Jezikri se “dlo vivan” mwen.

Tout timoun ki nan klas ou a konn sa ki rele swaf. Kijan w ka itilize eksperyans sa a pou ede yo konprann konbyen nou bezwen dlo vivan Jezikri ofri a?

Aktivite Posib

  • Itilize foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a pou w rakonte istwa Jezi ak fi ki te bò pi a (gade nan Jan 4:5–15). Mande timoun yo pou yo rakonte istwa a ankò.

  • Montre yon vè dlo, epi pale avèk timoun yo de rzon ki fè nou bezwen dlo. Rezime rapidman Jan 4:5–15, epi temwaye ke Jezikri ak levanjil li a bay lespri nou lavi, menm jan dlo bay kò nou lavi a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jan 2:1–11

Mwen ka onore manman m jan Jezi te fè a.

Nan nòs Kana a, Mari te di Jezi diven an te fini. Selon Tradiksyon Joseph Smith lan, Jezi te reponn manman l avèk kesyon sa a: “Madanm, ki sa w ta renmen m fè pou ou? Epi m ap fè l” (nan Jan 2:4, referansa). Jezi se yon egzanp sou fason noudwe trete manman nou.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo li Jan 2:1–11 epi pou yo chak re-rakonte istwa a nan pwòp mo pa yo lè tou pa yo rive.

  • Mande timoun yo pou yo fè lis bagay kote manman yo ta ka bezwen èd yo. Envite yo pratike sa yo ta kapab di l pandan y ap itilize kèk nan mo Jezi te itilize yo: “Kisa w ta renmen m fè pou ou?” Jan 2:4, referansa

  • Envite kèk manman pou yo vin nan klas la epi pou di kisa pitit yo te fè pou yo te montre respè pou yo.

Imaj
Jezi ki ap pale avèk Mari nan resepsyon nòs la

Jezi te di manman l: “Kisa w ta renmen m fè pou ou?” (Tradiksyon Joseph Smith, Jan 2:4 [nan Jan 2:4, referansa.

Jan 3:1–8

Lè yon moun batize ak konfime se tankou l fèt ankò.

Lè nou batize, sa Jezi te rele “fèt nan dlo a,” nou resevwa padon pou peche nou yo epi nou ka “antre nan wayòm Bondye a” (Jan 3:5). Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann kisa fèt ankò vle di?

Aktivite posib

  • Fè bann mo ki montre pawòl Sovè a nan Jan 3:3, epi mande timoun yo pou yo mete yo nan lòd kòrèk. Nan ki fason batize ak konfime sanble avèk fèt ankò.

  • Montre foto yon tibebe ki fèk fèt ak yon moun ki ap batize ak konfime (gade nan (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 104–5). Ki resanblans ki genyen ant yon tibebe ki fèk fèt as lè nou fin batize ak konfime? (gade Jan 3:3–5).

  • Envite timoun yo pou yo pataje sa yo sonje sou batèm yo. Li Mozya 18:8–10 ak Doktrin ak Alyans 20:37 pou revize alyans batèm nan. Anseye timoun yo ke pran sentsèn nan yon espri refleksyon chak semèn se yon fason pou nou kontinye pwosesis fèt ankò a.

  • Ede yo memorize Atik Lafwa 1:4la.

Jan 3:16–17

Pè Selès la renmen m, se poutèt sa, li te voye Pitit Gason l lan.

Kijan w ka ede timoun yo konnen ke vini Jezikri sou tè a se yon ekspresyon lanmou Pè Selès la pou nou.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo desine kado prefere yo ak moun ki te bayo kado sa a. Apre sa mande yon timoun pou l li Jan 3:16. Ki kado Pè Selès la te ba nou? Kijan kado sa a montre lanmou L?

  • Mande timoun yo pou yo koute repons kesyon “Poukisa Pè Selès la te voye Jezikri ba nou?” pandan y ap li Jan 3:16–17 oubyen chante oswa koute “Il envoya son Fils aimé,”Chants pour les enfants,20–21).

Jan 4:5–23

Jezikri ofri m “dlo vivan” an.

Menm jan Jezi te itilize dlo pou l te anseye fi Samaritèn nan, ou ka itilize dlo pou anseye timoun yo rezon ki fè nou bezwen levanjil Jezikri a.

Aktivite posib

  • Avèk Jan 4:5–23, fè rezime fraz ki nan istwa dam ki te bò pui a. Mande timoun yo pou yo refere yo a vèsè sa yo pou yo mete fraz yo nan òd kòrèk la. Kisa Jezi t ap eseye anseye fi a?

  • Bay timoun yo dlo pou yo bwè, epi mande yo pou yo pale de moman kote yo te swaf. Mande yo kijan yo te santi yo lè yo te finalman jwenn dlo pou yo te bwè. Envite timoun yo pou yo site kèk bagay, tankou yon vè dlo, ki ka satisfè nou pou kounyeya. Ki bagay ki tankou “dlo vivan” ki ka satisfè nou pou tout tan?

  • Ekri sou tablo a ki diferans ki genyen ant levanjil e dlo?. Mande timoun yo pou yo reflechi sou jan yo tap reponn kesyon sa a pandan yo tap li Jan 4:5–23.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Anvizaje pou mande timoun yo pou yo bay manm fanmi yo dlo pou yo bwè lè yo rive lakay yo. Pandan y ap fè sa a, yo ka pataje sa yo te aprann osijè dlo vivan an.

Amelyore ansèyman nou

Itilize paj aktivite yo. Pandan timoun yo ap konplete paj aktivite yo, itilize tan an pou w revize prensip ki nan leson an.