Nouvo Testaman 2023
13–19 Fevriye. Matye 5; Lik 6: “Benediksyon pou Nou”


“13–19 Fevriye. Matye 5; Lik 6: ‘Benediksyon pou Nou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“13–19 Fevriye. Matye 5; Lik 6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023

Imaj
Jezi ki ap ansenye sou yon mòn

Jesus Preaching Sermon on the Mount [Jezi k Ap Preche Sèmon sou Montay la], pa Gustave Doré

13–19 Fevriye.

Matye 5; Lik 6

“Benediksyon pou Nou”

Opòtinite pou ansenye timoun yo presye. Pandan w ap prepare tèt ou espirityèlman, Senyè a ap gide w.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo pou yo pataje yon bagay yo te fè semèn sa a pou pataje limyè levanjil la avèk yon moun—petèt lè ou se yon bon egzanp oubyen lè w montre lanmou ak jantiyès.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye 5:9

M ka yon patizan lapè.

Timoun w ap ansenye yo ka gen enfliyans puisan lakay yo lè yo trete lòt moun avèk lanmou ak jantiyès.

Aktivite Posib

  • Li Matye 5:9 pou timoun yo, epi eksplike ke moun ki fè lapè fè tout kote gen lapè, kèlkeswa kote yo ye. Ekri sou moso papye kèk egzanp sitiyasyon chirepit timoun yo ta gen dwa konfwonte (pa egzanp, frè ak sè ki ap goumen pou yon jwèt). Envite chak timoun pran on moso papye. Pandan w ap li chak senaryo, mande timoun yo pou yo pataje kijan yo ka on moun ki fè lapè nan sitiyasyon sa a. Oubyen pataje kèk senaryo fiktif, epi ede timoun yo idantifye si wi ou non moun ki ladann yo ap fè lapè.

  • Envite kèk nan paran timoun yo vin vizite klas ou an epi pataje egzanp lè pitit yo te fè lapè andedan kay la.

Matye 5:14–16

Jezi vle pou m yon limyè pou lòt moun.

Timoun piti kapab gen enfliyans puisan sou lòt moun Kijan ou ka enspire yo pou yo kite limyè yo limen?

Aktivite Posib

  • Montre timoun yo plizyè bagay ki bay limyè, epi montre yon foto timoun. Li Matye 5:14-16, epi di timoun yo ke bon egzanp yo ka tankou yon limyè pou lòt moun ka wè. Kijan ou ka itilize limyè w pou mennen lòt moun bay Bondye?

  • Klere yon flach nan sal la, envite timoun yo pou yo suiv limyè a avèk zye yo. Itilize limyè a pou dirije je yo al sou yon foto Sovè a. Kijan limyè ede nou? Kòman nou ka yon limyè pou mond lan? Kouvri flach la. Kisa k pase lè nou pa pataje limyè nou oubyen lè nou kache l?

  • Kache flach la nan sal la, epi etenn limyè yo. Kite timoun yo eseye jwenn li. Revize Matye 5:15, e pale de rezon ki fè nou pa dwe kache limyè nou.

  • Ede timoun yo jwenn epi kolorye bouji ki kache nan paj aktivite semèn sa a.

  • Chante avèk timoun yo yon chan konsènan fason pou nou yon limyè pou lòt moun, tankou “Brillant pour lui,” “Petite est la lumière en moi,” oubyen “Vois L étoile au ciel” (Chants Pour Les Enfants, 60–61, 144, 163).

Imaj
Jezi ki ap anseye disip li yo

Nou kapab kontan lè nou viv jan Jezi te ansenye an.

Matye 5:44–45

Jezi vle pou m renmen tout moun.

Timoun piti yo ka kòmanse pratike montre lanmou, menm lè kamarad oubyen frè ak sè yo trete yo enjis. Pandan w ap li Matye 5:44-45, konsidere jan ansèyman Sovè a aplike a timoun w ap ansenye yo.

Aktivite Posib

  • Refòmile Matye 5:44 avèk mo ak sitiyasyon timoun yo ap konprann. Mande timoun yo pou yo pataje moman kote yo te montre lanmou pou yon moun menm lè sa te difisil. Kijan eksperyans sa yo te fè yo santi yo?

  • Chante ansanm yon chan ki gen rapò avèk renmen lòt moun, tankou “Aimez Vos Frères” (Chants Pour Les Enfants, 74). Kisa nou aprann nan eksperyans sa yo sou sèvi lòt moun?

  • Bay timoun yo kè an papye avèk mo “M ap montre tout moun lanmou m.” Mande yo pou yo dekore yon kè epi kwoke l anndan kay yo kòm yon rapèl pou yo renmen lòt moun.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye 5:3–12

M ka kontan lè m ap viv jan Jezikri te ansenye a.

Pandan w ap li Matye 5:3–12, ki mo ak ekspresyon ki distenge? Nan ki fason ansèyman sa yo ap beni lavi timoun w ap ansenye yo?

Aktivite Posib

  • Trase de kolòn sou tablo a ki rele Moun ki Beni avèk Benediksyon. Envite timoun yo chache nan Matye 5:3-–12 ap chache kalite Jezi te di k ap beni yo ak benediksyon L te pwomèt yo. Apre sa ranpli tablo a avèk sa yo jwenn. Diskite avèk timoun yo sa chak kalite ak benediksyon ki koresponn avèk yo a vle di.

  • Ekri sa chak kalite nan vèsè sa yo sou yon kat ak benediksyon ki koresponn nan sou on kat. Pa egzanp, yon kat ka di “dou,” e lòt la ka di “erite tè a” (vèsè 5). Kite timoun yo matche kalite yo ak kalite ak benediksyon yo. Mande timoun yo pou yo chwazi youn nan kalite nan vèsè sa yo ke yo vle devlope.

Matye 5:9, 21–24, 38–47

M ka yon pasifikatè.

Jezikri te ansenye ke y ap rele pasifikatè yo pitit Bondye. Kijan w pral enspire timoun yo pou yo vin pasifikatè?

Aktivite Posib

  • Envite yon timoun pou l li Matye 5:9 a wot vwa. Kisa sa vle di lè yon moun renmen lapè? Nan ki fason nou ka rpasifikatè nan fanmi nou ak avèk zanmi nou? (Pou kèk ide, gade vèsè 21-24, 38-47.)

  • Mande chak timoun pou yo panse a yon sitiyasyon kote yo ka bezwen èd yon moun ki renmen lapè. Kisa yon pasifikatè tap fè nan sitiyasyon sa a?

  • Envite timoun yo pou yo pataje yon lè kote yo te montre lanmou pou yon moun, menm lè moun nan diferan de yo menm oubyen te difisil pou moun renmen.

Matye 5:14–16

Ekzanp mwen kapab yon limyè pou lòt moun suiv Jezi.

Plizyè nan timoun w ap ansenye yo te fè alyans batèm. Reflechi sou pawòl Sovè a nan Matye 5:14-16 ak jan sa gen rapò ak alyans yo a. Ki mesaj Senyè a ka genyen nan pasaj sa a pou timoun nan klas ou a?

Aktivite Posib

  • Ede yo memorize Ezayi 5:16 Ekri vèsè sa yo sou tablo a. Li ansanm plizyè fwa, efase kèk mo chak fwa. Envite timoun yo pou yo desine kèk bagay yo ka fè pou yo ka yon limyè pou lòt moun. Pale de jan nou ranpli alyans batèm nou an lè nou se yon limyè pou lòt moun (gade Mozya 18:8-10).

  • Chante ansanm yon chan sou pataj limyè, tankou “Petite est la lumière en moiChants pour les enfants,96). Kijan nou ka pataje limyè Sovè nou an?

  • Mande timoun yo pou yo desine bagay ki ba nou limyè. Li Matye 5:14–16. Mande yo poukisa Jezi vle pou nou yon limyè pou mond lan.

  • Envite de timoun yo pou yo rete fas a fas, epi mande youn pou l eseye fè lòt la souri san l pa touche l. Pale de pouvwa timoun yo genyen pou yo pote lajwa anpou lòt moun.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo chèche yon pasifikatè semèn sa a. Nan kòmansman klas semèn pwochen an, envite yo pou yo pale de moun ak kisa yo te wè.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun yo pou yo patisipe aktivman. “Lè w ap anseye timoun, kite yo konstwi, fè desen, kolorye, ekri, ak kreye. Bagay sa yo plis pase aktivite ki amizan—yo endispansab pou aprantisaj” (Anseye nan Fason Sovè a,25