“Apendis A: Pou paran yo—Prepare Timoun Nou yo pou Tout Yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Apendis A,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Apendis A
Pou Paran yo—Prepare Pitit Nou yo pou Tout yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a
Paske Li renmen w, Li fè w konfyans, epi Li konnen potansyèl ou, Pè Selès la ba ou opòtinite pou w ede timoun ou yo antre ak pwogrese sou chemen alyans Li a, chemen ki mennen nan lavi etènèl la (gade Doktrin ak Alyans 68:25–28). Sa enkli ede yo prepare yo pou yo fè ak kenbe alyans sakre, tankou alyans batèm lan ak alyans ki fèt nan tanp yo. Atravè kòmandman sa yo, timoun ou yo ap atache yo ak kèkontna nan Sovè a, Jezikri.
Gen anpil fason pou w prepare timoun ou yo pou vwayaj sa a sou chemen alyans lan, epi Pè Selès la ap ede w dekouvri meyè fason pou ede yo. Pandan w ap chèche enspirasyon, toujou sonje ke se pa tout bagay moun rive aprann pandan leson ki pwograme yo. Anfèt, yon pati nan sa k fè aprantisaj nan fwaye a si puisan konsa se opòtinite pou aprann palegzanp epi atravè ti moman senp yo—kalte moman ki rive tou natirèlman nan dewoulman lavi chak jou. Menm jan suiv chemen alyans lan se yon pwosesis konsistan ki dire tout yon lavi a, se konsa aprann osijè chemen alyans lan ye tou. (Gade “Fwaye ak Fanmi,” Anseye nan Fason Sovè a [2022], 30–31.)
Anba la a gen kèk ide ki ka mennen nan plis enspirasyon. Ou ka jwenn ide adisyonèl pou anseye timoun laj Primè yo nan “Apendis B: Pou Primè—Prepare Timoun yo pou Tout Yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a
Batèm ak Konfimasyon
Nefi te anseye ke “pòt pou [nou] antre sou” chemen alyans lan “se repantans ak batèm nan dlo” (2 Nefii 31:17 Efò w pou ede pitit ou yo prepare yo pou batèm ak konfimasyon an ka ede yo mete pye yo fèm sou chemen sa a. Efò sa yo kòmanse avèk anseye yo sou lafwa nan Jezikri ak sou repantans. Yo enkli anseye sou kijan nou renouvle alyans batèm nou yo lè nou pran sentsèn chak semèn tou.
Nefi te anseye ke “pòt pou [nou] antre sou” chemen alyans lan “se repantans ak batèm nan dlo” (2 Nefii 31:17).
Men kèk resous ki ka ede ou: 2 Nefi 31; piblikasyon espesyal pou revi Zanmi an konsènan batèm; Sijè ak Kesyon yo, “Batèm,” Libreri Levanjil la.
-
Kèlkeswa lè w fè yon eksperyans ki fòtifye lafwa w nan Pè Selès la ak nan Jezikri, pataje l avèk pitit ou. Ede l konprann ke lafwa se yon bagay ki ka grandi vin pi solid e pi solid pandan tout lavi nou. Ki kèk bagay pitit ou a ka fè pou devlope yon lafwa ki pi puisan nan Kris la avan l batize?
-
Lè pitit ou fè yon move chwa, pale avèk kè kontan konsènan don repantans lan. Epi lè w fè yon move chwa, pataje lajwa ki vini lè w repanti. Temwaye ke paske Jezikri te soufri epi mouri pou peche nou yo, nou ka repanti chak jou, jwenn padon, epi resevwa pouvwa pou nou chanje. Lè pitit ou chèche padon, padone l san rezèv epi ak lajwa.
-
Pale pitit ou konsènan batèm ou. Montre foto yo epi pataje souvni yo. Pale konsènan jan ou te santi w, kijan kenbe alyans batèm ou yo ede w vin konnen Jezikri pi byen, ak kijan yo kontinye beni lavi w. Ankouraje pitit ou pou li poze kesyon.
-
Lè gen yon batèm nan fanmi w oswa nan pawas ou a, mennen pitit ou pou l wè l. Pale ansanm konsènan sa oumenm ak pitit ou a te wè ak santi. Si sa posib, pale avèk moun ki ap batize a epi poze kesyon tankou sa a: “Kijan w te fè pou w pran desizyon sa a? Kijan w te prepare?
-
Kèlkeswa lè ou remake pitit ou ap fè yon bagay li te pwomèt pou l fè, se pou w montre l apresyasyon sensè. Siyale ke respekte angajman yo ede nou prepare pou nou respekete alyans nou fè lè nou batize yo. Kisa nou pwomèt Bondye lè nou batize? Kisa Li pwomèt nou? (Gade Mozya 18:8–10, 13.)
-
Pale konsènan resevwa konfimasyon epi vin yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te beni w. Pa egznap, kijan w vin pi pre Pè Selès la ak Jezikri pandan w ap sèvi lòt moun ak pandan lòt moun ap sèvi w? Ede pitit ou panse a fason pou l sèvi ak fòtifye lòt moun antanke yon manm Legliz la. Ede yo to pou fè eksperyans ak rekonèt lajwa ki vini nan sèvis.
-
Lè oumenm ak pitit ou fè yon eksperyans sakre ansanm (tankou nan legliz la, pandan n ap li ekriti yo, oswa pandan n ap sèvi yon moun), pale l konsènan santiman oswa enpresyon espirityèl ou genyen yo. Envite pitit ou pataje kijan li santi l. Remake divès fason Lespri a ka pale avèk moun, enkli fason Li pale avèk oumenm pèsonèlman. Ede pitit ou rekonèt moman kote l kapab ap fè eksperyans enfliyans Sentespri a.
-
Gade ansanm kèk nan videyo nan koleksyon Libreri Levanjil la ki rele “Hear Him (Tande L)!” Pale ansanm konsènan diferan fason sèvitè Senyè a tande vwa Li. Envite pitit ou a desine yon foto oswa fè yon videyo konsènan fason li tande vwa Sovè a.
-
Fè sentsèn nan tounen yon evenman sakre ki pote lajwa pou fanmi w. Pataje avèk pitit ou kijan ou fokis sou Jezikri pandan sentsèn nan. Ede pitit oiu yon plan pou montre ke senstèn nan sakre pou li. Pa egzanp, koute pawòl senstsèn yo ka fè nou sonje alyans batèm nou yo.
-
Anpil nan nimewo revi Zanmi an genyen atik, istwa, ak aktivite pou ede timoun yo prepare yo pou batèm ak konfimasyon. Kite pitit ou chwazi kèk pou l li pataje jwa avèk ou. (Gade tou nan koleksyon “Preparasyon pou Batèm” nan seksyon timoun yo nan Libreri Levanjil la.)
Pouvwa, Otorite ak Kle Prètriz yo
Prètriz la se otorite ak pouvwa Bondye ke L itilize pou beni pitit Li yo. Prètriz Bondye a sou tè a jodi a nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. “Tout manm nan Legliz la ki respekte alyans yo—enkli timoun yo—beni avèk pouvwa prètriz Bondye a nan fwaye yo pou yo fòtifye tèt yo ak fanmi yo” (Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen dènye jou yo, 3.6, LIbreri Levanjil). Pouvwa sa a ap ede manm yo nan fè travay sali ak egzaltasyon Bondye a nan lavi pèsonèl yo ak nan fanmi yo (gade Manyèl Jeneral, 2.2).
Lè gason ak fi sèvi nan apèl nan Legliz la, yo fè sa avèk otorite prèriz la, sou direksyon moun ki gen kle prètriz yo. Tout pitit Papa nou ki nan Syèl la—pitit gason L yo ak pitit fi L yo—ap beni lè yo vin pi byen konprann prètriz la.
Nou resevwa òdonans yo pa otorite prètriz la. “Manm gason ki diy nan Legliz la resevwa otorite prètriz la lè yo konfere prètriz la sou yo epi yo òdone yo nan ofis nan prètriz la” (Manyèl Jeneral, 3.4). Moun yo ki genyen prètriz yo nan prètriz la ka jwenn otorizasyon yon moun ki genyen kle yo nan prètiz la pou akonpli òdonans yo nan prètriz la.
Poju aprann plis konsènan prètriz la, gade Russell M. Nelson, “Trezò Spirityèl,” Lyawona, Nov. 2019, 76–79; Russell M. Nelson, “Pri Pouvwa Prètriz la,” Lyawona, Me 2016, 66–69; “Prensip Prètriz,” chapit 3 nan Manyèl Jeneral.
-
Fè òdonans prètriz yo tounen yon eleman konsistan nan lavi fanmi nou. Pa egzanp, ede pitit ou prepare espirityèlman pou reyinyon sentsèn chak semèn nan. Ankouraje pitit ou pou l chèche benediksyon prètriz lè l malad oubyen lè l bezwen rekonfò oswa direksyon. Fè sa tounen yon abitid pou siyale fason Senyè a ap beni fanmi w atravè pouvwa prètriz la.
-
Lè n ap li ekriti yo ansanm, chèche jwenn opòtinite pou diskite sou fason Bondye beni moun atravè pouvwa Li. Pataje pwòp eksperyans pa w sou lè Bondye te beni w atravè prètriz Li a. Pou egzanp sou benediksyon nou resevwa nan men Bondye atravè prètriz la, gade Manyèl Jeneral, 3.2, 3.5.
-
Anseye pitit ou ke apre batèm, yo ka resevwa pouvwa prètriz la nan respekte alyans batèm nan. Revize ansanm mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Trezò Espirityèl yo” (Lyawona, Nov. 2019, 76–79). Di pitit ou kijan òdonans prètriz yo te pote pouvwa Bondye nan lavi w. Pou yon lis sou kèk nan fason nou beni pa pouvwa prètriz la, gade Manyèl Jeneral, 3.5.
-
Diskite kesyon “Avèk kisa yon sèvitè Senyè a sanble?” Li ansanm Doktrin ak Alyans 121:36–42, epi chèche jwenn repons yo. Kèlkeswa lè w remake pitit ou (oswa yon lòt moun) ap aplike youn nan prensip oswa atribi yo ki nan vèsè sa yo, siyale sa.
-
Lè oumenm oswa pitit ou itilize kle pou ouvri yon pòt oubyen pou demare yon machin, pran yon moman pou konpare kle sa yo avèk kle dirijan prètriz yo genyen yo. (Pou yon definisyon sou kle prètriz, gade Manyèl Jeneral, 3.4.1). Kisa kle prètriz yo “dekadnase” oswa “demare” pou nou? Gade tou Gary E. Stevenson, “Ki Kote Kle ak Otorite Prètriz la Ye?,” LyawonaMe 2016, 29–32; “Ki Kote Kle yo Ye?” (videyo), Biblyotèk Levanjil la.
2:51Where Are the Keys?
-
Lè y ap mete w apa pou yon apèl, envite pitit ou pou l prezan, si posib. Kite pitit ou wè oumenm ki ap ranpli apèl ou. Ou gendwa menm chèche jwenn fason apwopriye yo ka ede w. Dekri kijan ou santi pouvwa Senyè a nan apèl ou.
Vin Batize ak Konfime pou Zansèt yo
Tanp yo se yon pati nan plan Papa nou ki nan Syèl la pou pitit Li yo. Nan kay Senyè a, nou fè alyans sakre avèk Pè Selès la lè nou patisipe nan òdonans sakre yo, tout pwente sou Jezikri. Pè Selès la founi yon mwayen pou tout pitit Li yo fè alyans epi patisipe nan òdonans yo, enkli moun ki pa t resevwa yo nan lavi sa a. Nan kòmansman ane a kote pitit ou vin gen laj 12 a, yo gen laj ase pou yo batize epi konsime nan tanp lan pou zansòt yo ki te desede (gade tou 1 Korentyen 15:29).
-
Ale nan kay Senyè a osi souvan ke sitiyasyon pèsonèl ou pèmèt ou. Pale pitit ou de rezon ki fè ou prale ak kijan tanp lan ede w santi w pi pre Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.
-
Revize epi diskite sou kesyon rekòmandasyon tanp yo ansanm. Ou ka jwenn yo nan paj 36–37 nan Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa yo (2022). Pale pitit ou de sa ki pase nan yon entèvyou pou rekòmandasyon tanp. Pataje rezon ki fè genyen yon rekòmandasyon tanp enpòtan pou ou.
-
Li ansanm Malachi 4:6. Pale de fason kè w ta kapab vire sou zansèt ou yo. Aprann plis konsènan zansèt ou yo nan eksplore istwa familyal nou ansanm nan FamilySearch.org. Chèche jwenn zansèt ki bezwen resevwa batèm ak konfimasyon. Konsiltan tanp ak istwa familyal nan pawas ou a ka ede w.
-
Revize ansanm kèk nan resous ki nan koleksyon ki rele “Tanp” lan nan seksyon timoun yo nan Biblyotèk Levanjil la. (Gade tou “Prepare Pitit ou pou Batèm ak Konfimasyon nan Tanp” nan ChurchofJesusChrist.org.)
Resevwa yon Benediksyon Patriyakal
Yon benediksyon patriyakal ka yon sous konsèy, rekonfò, ak enspirasyon. Li genyen ladan l konsèy pèsonèl Pè Selès la dispoze pou nou epi li ede nou konprann idantite nou ak objèktif etènèl nou. Ede pitit ou prepare l pou resevwa yon benediksyon patriyakal nan anseye l siyifikasyon ak nati sakre benediksyon patriyakal yo.
Pou aprann plis, gade ak Kesyon yo, “Benediksyon Patriyakal,” Bibliyotèk Levanjil; Julie B. Beck, “You Have a Noble Birthright,” Lyawona, Me 2006, 106–8.
-
Pataje avèk pitit ou eksperyans ou nan resevwa yon benediksyon patriyakal. Ou ta kapab pataje bagay tankou kijan w te prepare w pou resevwa l, kijan li te ede w vin pi pre Bondye, ak kijan Li kontinye gide ou atravè benediksyon sa a. Ou ta kapab envite pitit ou tou pou l pale avèk lòt manm fanmi an ki te resevwa benediksyon patriyakal yo.
-
Repase ansanm mesaj Eldè Randall K. Bennett “Benediksyon Patriyakal Ou—Direksyon Enspire ki soti nan Pè Selès la” ak mesaj Eldè Kazuhiko Yamashita “Lè pou Resevwa Benediksyon Patriyakal Ou” (Lyawona, Me 2023, 42–43, 88–90). Pataje avèk youn lòt sa nou aprann apati mesaj sa yo konsènan rezon Pè Selès la vle pou nou resevwa yon benediksyon patriyakal. Pou aprann konsènan pwosesis pou resevwa yon benediksyon patriyakal, gade Manyèl Jeneral, 18.17.
-
Si w gen zansèt ki te resevwa benediksyon patriyakal, li gendwa enspiran pou w li kèk ladan yo avèk pitit ou. Pou mande benediksyon zansèt yo ki te mouri, konekte nan ChurchofJesusChrist.org, klike Zouti nan kwen anlè adwat ekran an, epi seleksyone Benediksyon Patriyakal.
-
Apre pitit ou a fin resevwa yon benediksyon patriyakal, envite nenpòt manm fanmi an ki te prezan pou anrejistre enpresyon yo epi pataje yo avèk pitit ou a.
Resevwa Dotasyon an
Bondye vle dote, oswa beni, tout pitit Li yo avèk “pouvwa ki soti anwo” (Doktrin ak Alyans 95:8). Nou ale nan tanp pou nou resevwa pwòp dotasyon pa nou yon fwa sèlman, men alyans nou fè avèk Bondye yo ak pouvwa espirityèl Li ba nou kòm yon pati nan dotasyon an kapab beni nou chak jou nan lavi nou.
-
Afiche yon foto tanp lan nan fwaye ou. Pale pitit ou konsènan santiman w te fè eksperyans yo nan kay Senyè a. Pale souvan konsènan lanmou w pou Senyè a ak kay Li a ak alyans ou fè ladan l yo. Chèche jwenn opòtinite pou ale nan tanp lan avèk pitit ou pou akonpli batèm ak konfimasyon pou zansèt yo.
-
Eksplore ansanm temples.ChurchofJesusChrist.org. Li ansanm atik tankou “Konsènan Dotasyon Tanp lan” ak “Prepare pou Kay Senyè a.” Kite pitit ou poze nenpòt kesyon li genyen konsènan tanp lan. Pou gidans konsènan sa nou ka pale konsènan deyò tanp lan, gade mesaj Èldè David A. Bednar “Prepare pou Jwenn Tout Bagay ki Nesesè” (Lyawona, Me 2019, 101–4; gade espeyalman nan seksyon ki rele “Aprantisaj ki Santre nan Fwaye ak Sipò Legliz la epi Preparasyon Tanp”).
-
Lè oumen ak pitit ou a patisipe oswa temwen nan lòt òdonans (tankou sentsèn oswa yon benediksyon pou gerizon), pran yon moman pou diskite sou senbolis ki enplike nan òdonans lan. Kisa senbòl yo reprezante? Kijan yo rann temwayaj sou Jezikri? Sa ka ede pitit ou a prepare pou medite sou siyifikasyon senbolik òdonans tanp yo, ki rann temwayaj sou Jezikri tou.
-
Ede pitit ou a remake kijan y ap respekte alyans batèm yo ki dekri nan Mozya 18:8–10, 13. Ede pitit ou remake tou kijan Senyè a ap beni yo. Bati konfyans pitit ou nan kapasite yo pou respekte alyans yo.
-
Pale ouvètman e souvan konsènan fason alyans tanp ou yo gide chwa w yo epi ede w grandi vin pi pre Jezikri. Ou ta kapab itilize Manyèl Jeneral, 27.2, pou revize alyans yo nou fè nan tanp lan. Si ou te resevwa dotasyon, pale pitit ou konsènan fason gaman tanp la ede ou sonje alyans ou yo avèk Jezikri (gade “Rad Sakre Tanp [Sacred Temple Clothing]” [videyo], Bibliyotèk Levanjil la).
Sacred Temple Clothing
Sèvi yon Misyon
Èldè David A. Bednar te anseye: “Grenn bagay ki pi enpòtan ou ka fè pou prepare w pou yon apèl pou sèvi se vin yon misyonè lontan avan w ale nan yon misyon. … Pwoblèm nan se pa ale nan yon misyon, okontrè, pwoblèm nan se vin tounen yon misyonè epi sèvi pandan tout lavi nou avèk tout kè nou, kapasite, panse, ak fòs nou. … W ap prepare pou yon travay misyonè pou tout yon lavi” (“Vin tounen yon Misyonè,” Lyawona, Nov. 2005, 45–46). Eksperyans yo pitit nou fè nan vin tounen yon misyonè ap beni yo etènèlman, pa sèlmam pou peryòd tan li kapab ap sèvi kòm misyonè a.
Pou aprann plis, gade Russell M. Nelson, “Preche Levanjil Lapè a,” Lyawona, Me 2022, 6–7; M. Russell Ballard, “Sèvis Misyonè Beni Lavi M pou Toutan,” Liahona, May 2022, 8–10; “Preparasyon Misyonè: Ajisteman pou Lavi Misyonè,” Bibliyotèk Levanjil la.
-
Demontre kijan pou pataje levanjil la nan fason tou natirèl. Toujou rete vijilan devan opòtinite pou pataje avèk lòt moun sa w santi konsènan Pè Selès la ak Sovè a ak benediksyon ou resevwa ki soti nan levanjil retabli Sovè a epi kòm yon manm Legliz Li a. Envite lòt moun pou yo rejwenn fanmi ou nan Legliz la- ak aktivite ki gen rapò avèk fanmi.
-
Chèche jwenn opòtinite pou fanmi w gen entèaksyon avèk misyonè yo. Envite yo pou yo anseye zanmi w, oswa ofri pou w kite yo anseye moun nan fwaye w. Poze misyonè yo kesyon sou eksperyans y ap fè ak kijan sèvis misyonè ap ede yo vin pi pre Jezikri. Mande yo kisa yo te fè (oswa swete yo te fè) pou yo te prepare yo pou vin misyonè.
-
Si w te sèvi yon misyon, pale ouvètman e souvan konsènan eksperyans ou yo. Oubyen envite zanmi oswa manm fanmi w ki te fè misyon pou yo pale konsènan pa yo. Ou ta kapab pale tou konsènan fason ou te pataje levanjil la avèk lòt moun pandan tout lavi w. Ede pitit ou reflechi sou fason yo ka pataje levanjil la.
-
Bay pitit ou opòtinite pou l anseye fanmi w prensip levanjil yo. Pitit ou ta kapab pratike pataje kwayans yo avèk lòt moun tou. Pa egzanp, ou ta ka diskite sou kesyon tankou “Kijan nou t ap entwodui Liv Mòmon an pou yon moun ki pa janm tande pale de li?” oswa “Kijan nou t ap dekri nesesite yon Sovè pou yon moun ki pa yon Kretyen?”
-
Ede pitit ou vin alèz nan pale avèk moun. Èske w ka site kèk bon fason pou moun kòmanse yon konvèsasyon? Ankouraje pitit ou aprann koute sa lòt moun di, konprann sa ki nan kè yo, ak pataje verite levanjil ki ta kapab beni lavi yo.
-
Chèche jwenn opòtinite pou pitit ou aprann konsènan lòt kilti ak relijyon. Ede yo rekonèt ak respekte bon ak vrè prensip nan kwayans lòt moun.
Resevwa Òdonans Sèlman an
Nan tanp lan, yon mari ak yon madanm ka marye pou letènite. Sa rive nan yon òdonans ki rele “sèlman.” Malgre òdonans sa a ka pran anpil ane pou pitit fi oswa pitit gason ou, ti bagay piti, senp, konsistan nou fè ansanm yo pandan ane sa yo ka ede yo prepare pou benediksyon mèvèye sa a.
-
Li ansanm “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” (Bibliyotèk Levanjil la). Kisa pwoklamasyon sa a anseye konsènan lajwa nan lavi familyal ak konsènan maryaj ki reyisi yo? Avèk pitit ou, chwazi youn nan prensip ki nan lis ki nan pwoklamasyon an pou nou etidye. Ou ta kapab chèche jwenn ekriti ki gen rapò avèk prensip sa a nan Gid Ekriti yo. Ou ta kapab fikse bi pou aplike prensip sa a pi konplètman nan fanmi w tou. Lè w ap travay sou bi w yo, diskite ansanm sou efè ke viv prensip sa a genyen sou lavi familyal.
-
Avèk piitt ou, li mesaj Prezidan Dieter F. Uchtdorf la “Nan Louwanj pou Moun Ki Sove yo” (Lyawona, Me 2016, 77–80). Lè w rive nan seksyon ki rele “Yon Sosyete Bagay Jetab,” ou ta gendwa chèche jwenn bagay nan fwaye a ki jetab ak lòt bagay ki pa jetab. Pale de kijan w trete bagay yo nan fason diferan lè w vle yo dire anpil tan. Kisa sa sigjere sou fason nou ta dwe trete relasyon maryaj nou ak relasyon familyal nou yo? Ki lòt bagay nou aprann nan mesaj Prezidan Uchtdorf la konsènan fason Sovè a ka ede nou bati maryaj ak fanmi ki solid?
-
Rete dispoze pou pale ak pitit ou konsènan bagay yo ou ak konjwen ap aprann konsènan genyen yon marayj etènèl santre sou Kris epi fason n ap esye amelyore. Si oumenm ak konjwen w te sele nan tanp, montre pitit nou atravè egzanp nou kijan n ap fè efò pou nou respekte alyans nou yo avèk Senyè a. Pale pitit ou kijan n ap efò pou nou mete Pè Selès la ak Sovè nan sant relasyon nou ak kijan Y ap ede ou (gade tou Ulisses Soares, “An Patenarya avèk Senyè a,” Lyawona, Nov. 2022, 42–45).
-
Lè gen desizyon ki pou pran nan fanmi an, fè konsèy familyal epi diskite ansanm. Asire w ke nou koute ak valorize opinyon tout manm fanmi an. Itilize diskisyon sa yo kòm yon opòtinite pou demontre bon kominikasyon ak jantiyès nan relasyon familyal, menm lè tout moun pa wè bagay yo menm jan. (Gade M. Russell Ballard, “Konsèy Familyal,” Lyawona, Me 2016, 63–65.)
-
Lè gen yon dezakò oswa konfli nan fanmi an, demontre pasyans ak konpasyon. Ede pitit ou wè kijan jere konfli nan fason Kris la kapab ede l prepare l pou yon maryaj plen lajwa. Li ansanm Doktrin ak Alyans 121:41–42, epi pale konsènan fason prensip ki nan vèsè sa yo ka aplike nan maryaj.