Konferans Jeneral
Benediksyon Patriyakal ou—Direksyon Enspire Papa nou ki nan Syèl la
Konferans jeneral avril 2023


Benediksyon Patriyakal ou—Direksyon Enspire Papa nou ki nan Syèl la

Benediksyon patriyakal mwen te ede m konprann vrè idantite etènèl mwen—kiyès mwen te reyèlman ye ak kiyès mwen te ka devni.

Mwen te elve pa paran mèveye ki te renmen pitit yo epi ki te fidèlman anseye yo levanjil la. Malerezman, paran byeneme m yo te gen difikilte nan maryaj yo pandan dèzane. Mwen te yon timoun nan Primè lè yo te di m ke yo ta pral siman divòse yon jou epi frè m ak sè m yo avèk mwen t ap bezwen chwazi avèk ki paran pou nou t al viv. Kòm rezilta, pandan dèzane, mwen te fè eksperyans gwo enkyetid; sepandan, yon kado Papa m ki nan Syèl la te finalman chanje tout bagay pou mwen—benediksyon patriyakal mwen.

Lè m te gen 11 an, mwen te plis anplis enkyete pou relasyon paran m yo, mwen te pwofondeman anvi pran benediksyon patriyakal mwen. Mwen te konnen Ke Papa nou ki nan Syèl la te konnen m pafètman, epi Li te konnen sikonstans espesifik mwen te ye a. Mwen te konnen tou ke m t ap resevwa direksyon nan men Li. Imedyatman apre m te gen 12 zan, mwen te resevwa benediksyon patriyakal mwen. Sa te pase plis ke on demi syèk, men mwen sonje detay sou ekperyans sakre sa a klè.

Erezman, nou gen direksyon enspire sou benediksyon patriyakal nan Manyèl JeneralLegliz la:

“Chak manm batize ki diy gen dwa resevwa yon benediksyon patriyakal, ki bay direksyon enspire ki soti nan men Papa nou ki nan Syèl la.”

Yon manm ta dwe gen “matirite ase pou l konprann siyifikasyon ak nati sakre benediksyon an” epi “konprann doktrin debaz levanjil la.”

“Idealman manm nan ta dwe jèn ase pou ke anpil desizyon enpòtan l ap gen pou l pran nan lavi li yo devan l toujou.” “Dirijan Prètriz yo pa ta dwe etabli yon laj minimòm pou yon manm resevwa yon benediksyon patriyakal.”

Chak benediksyon patriyakal sakre, konfidansyèl, ak pèsonèl. …

“Yon moun ki resevwa yon benediksyon patriyakal ta dwe cheri pawòl li yo, medite sou yo, epi viv pou diy pou resevwa benediksyon li pwomèt nan lavi sa a ak nan letènite yo.”1

Prezidan byennemen nou an, Russell M. Nelson, te anseye plizyè fwa sou enpòtans yon benediksyon patriyakal,2 ki bay chak moun ki resevwa l “yon deklarasyon sou lineyaj li jiska Abraram, Izaak, ak Jakòb”3 epi l se “yon ekriti pèsonèl pou ou.”4

Benediksyon partiyakal mwen an te ekstrèmeman enpòtan pou mwen lè m te jèn pou anpil rezon. Premyèman, benediksyon patriyakal mwen te ede m konprann vrè idantite etènèl mwen—kiyès mwen te reyèlman ye ak kiyès m te ka devni. Li te ede m konnen, jan Prezidan Nelson te anseye a, ke m sete “yon pitit Bondye,” “yon pitit alyans lan,” ak “yon disip Jezikri.”5 Mwen te konnen ke Papa m ki nan Syèl la ak Sovè m nan te renmen m epi Yo te pèsonèlman enplike nan lavi mwen. Sa te ede m anvi rapwoche pi pre Yo epi ogmante lafwa m ak konfyans mwen nan Yo.

Mwen gen yon bon zanmi m ki te antre nan Legliz la lè l te yon jèn adilt, ki te di m: “Lè patriyach la te mete men l sou tèt mwen epi li te site non mwen, tout bagay te chanje … pa sèlman lè sa a, men pou tout rès lavi mwen. Mwen te imedyatman santi ke—atravè pouvwa li t ap pale a—Yo te konnen m entimman ak pwofondeman. Pawòl li te di yo te penetre nan tout mwenmen. Mwen te konnen ke Papa nou ki nan Syèl la te konnen m, andedan ak deyò.”

Lefètke m te konnen kiyès mwen te vrèman ye a te ede m konprann ak anvi fè sa Bondye te atann de mwen.6

Sa te mennen m nan etidye alyans mwen te fè yo ak benediksyon Bondye te pwomèt yo nan alyans Li te fè avèk Abraram nan.7 Sa te ban m yon pèspektiv etènèl ki te enspire m pou m te pi konplètman kenbe alyans mwen yo.

Mwen te etidye benediksyon patriyakal mwen an souvan epi kòm yon jèn, anpil fwa chak jou, sa ki te ede m santi rekonfò, enfliyans gidans Sentespri a, ki te ede ede m diminye enkyetid yo lè m te suiv enspirasyon L yo. Sa te ogmante dezi mwen pou m te aktivman envite limyè, verite, ak Sentespri a nan etidye ekriti m yo epi priye chak jou epi eseye pou m te gen plis dilijans nan etidye ak suiv ansèyman pwofèt ak apot Bondye yo. Benediksyon patriyakal mwen an te ede m plis anvi soumèt mwen devan volonte Papa m ki nan Syèl la, epi konsantrasyon sa a te ede m fè eksperyans lajwa, malgre sikonstans pèsonèl mwen yo.8

Mwen te resevwa fòs espirityèl chak fwa m te etidye benediksyon patriyakal mwen. Lè paran m yo te finalman divòse, benediksyon patriyakal mwen an, jan Prezidan Thomas S. Monson te anseye a, te vin “yon trezò pèsonèl presye ak inestimab,” menm “yon Liahona pèsonèl.”9

Kounye a, tanpri pa mal konprann mwen. Mwen pa t pafè. Mwen te fè tout kalite erè. Konpay etènèl mwen an ka konfime ke m konsa toujou. Men, benediksyon patriyakal mwen an te ede m epi li kontinye ede m gen anvi pou m fè pi byen epi vin pi bon.10 Paske m te etidye benediksyon patriyakal mwen souvan, sa te ogmante dezi m pou m te reziste anba tantasyon. Sa te ede m gen dezi ak kouraj pou m te repanti, epi repantans te vin plis anplis yon pwosesis plen lajwa.

Sa te enpòtan anpil pou mwen pou m te resevwa benediksyon patriyakal mwen pandan m te jèn nan e pandan temwayaj mwen te ankò ap grandi. Epi mwen etènèlman rekonesan dèske paran m ak evèk mwen te konprann ke dezi m nan te endike ke m te pare.

Lè m te gen 12 an, mond lan te gen mwens konfizyon ak mwens pètibasyon ke mond jodi a. Prezidan Nelson dekri epòk jodi a kòm “youn nan epòk ki pi konplike nan istwa mond lan,” yon mond ki “satire ak peche” epi ki “konsantre sou pwòp tèt li.”11 Erezman jèn nou yo jodi a gen plis matirite pase m te genyen lè m te gen 12 an, epi yo menm tou yo gen desizyon enpòtan anpil pou yo pran pandan yo jèn nan! Yo bezwen konnen kiyès yo reyèlman ye tou epi ke Bondye renmen yo e Li pafètman konnen yo!

Se pa tout moun ki ap anvi pran benediksyon patriyakal yo nan laj mwen te fè sa a. Men mwen priye pou ke manm ki poko resevwa benediksyon patriyakal yo, yo ka priye pou yo chèche konnen lè yo pare. Mwen pwomèt ke si ou prepare espirityèlman, eksperyans ou, tankou pa m nan, pral sakre pou ou. Mwen priye tou pou ke moun ki deja resevwa benediksyon patriyakal yo etidye li ak cheri li. Apresyasyon m pou benediksyon patriyakal mwen an pandan m te jèn nan te beni m avèk kouraj lè m te dekouraje, ak rekonfò lè mwen te pè, lapè lè mwen te santi m enkyete, espwa lè mwen te santi m dezespere, ak kè kontan lè m te bezwen sa pi plis. Benediksyon patriyakal mwen an te ede ogmante lafwa m epi mete konfyans mwen nan Papa m ki nan Syèl la ak nan Sovè m nan. Li te ogmante lanmou m pou Yo tou—e li kontinye fè sa.12

Mwen temwaye ke benediksyon patriyakal yo bay direksyon enspire ki soti nan men Papa nou ki nan Syèl la. Mwen rann temwayaj konsènan reyalite vivan Papa nou ki nan Syèl la, ak Pitit Gason L lan—Sovè nou an, Jezikri, ki konnen nou, ki renmen nou, epi ki vle beni nou. Mwen temwanye avèk asirans ke Russell M Nelson se pwofèt Bondye sou tè a jodia. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 18.17, 18.17.1, ChurchofJesusChrist.org

  2. Gade Russell M. Nelson, “Mèsi pou Alyans lan” (Devosyon Inivèsite Brigham Young, Nov. 22, 1988), speeches.byu.edu, “Yon Esperans Pi Ekselan” (Devosyon Inivèsite Brigham Young, Jan. 8, 1995), speeches.byu.edu, ““Idantite, Priyorite, ak Benediksyon” (Devosyon Inivèsite Brigham Young, Sept. 10, 2000), speeches.byu.edu; “Rasin ak Branch,” Liahona, Me 2004, 27–29; “Alyans,” Liahona, Nov. 2011, 86–89; “Jèn ki gen Nesans Nòb yo: Kisa Nou Pral Chwazi?” (Devosyon Inivèsite Brigham Young–Hawaii, Sept. 6, 2013), broadcasts.ChurchofJesusChrist.org; “Liv Mòmon an, Rasanbleman Izrayèl, ak Dezyèm Vini an,” Ensign, Jiyè 2014, 26–31;; Liahona, Jiyè 2014, 24–29; “Bay Bondye Priyorite,” Liahona, Nov. 2020, 92–95; “Alyans Etènèl la,” Liahona, Okt. 2022, 1–6.

  3. Russell M. Nelson, “Alyans,” 88.

  4. Russell M. Nelson, “Mèsi pou Alyans lan,” speeches.byu.edu

  5. Russell M. Nelson, “Chwa pou Letènite” devosyon mondyal pou jèn adilt yo, Me 12, 2022), ChurchofJesusChrist.org; italik ajoute.

  6. Gade Russell M. Nelson, “Alyans,” 86–89.

  7. Gade Jenèz 17:1–10; gade tou Russell M. Nelson, “Pitit Alyans an,” Ensign, Me 1995, 32–34.

  8. Russell M. Nelson, , “Lajwa ak Sivi Espirityèl,” Liahona, Nov. 2016, 81–84.

  9. Thomas S. Monson, “Benediksyon Patriyakal ou: Yon Lyawona Limyè,” Ensign, Nov. 1986, 65–66.

  10. Russell M. Nelson, “Nou ka fè pi byen e vin pi bon,” Liahona, Me 2019, 67–69.

  11. Russell M. Nelson, , “Venk Mond lan epi Jwenn Repo,” Liahona, Nov. 2022, 95–96.

  12. Enspire pa James E. Faust, “Benediksyon Prètriz,” Ensign, Nov. 1995, 62–64.