Konferans Jeneral
Disip Prens Lapè a
Konferans jeneral avril 2023


Disip Prens Lapè a

Si nou fè efò pou n devlope kalite tankou sa Sovè a genyen yo, nou ka vin tounen enstriman lapè Li nan mond lan.

Nan akonplisman pwofesi yo te bay Zakari a,1 Jezi te antre triyonfalman nan Vil Sent la sou yon bourik, ke yo te konsidere nan literati a kòm yon “ansyen senbòl wayote Juif,”2 jan sa te vrèman kadre ak Wa tout wa yo ak Prens Lapè a.3 Li te antoure pa yon miltitid disip kontan ki te etann rad yo, fèy palmis, ak lòt fèy sou tout wout kote Jezi t ap pase a. Yo t ap adore Bondye, yo t ap di byen fò, “Benediksyon pou Wa ki vini nan non Senyè a, kè poze pou tout moun nan syèl la, lwanj pou Bondye.”4 Epi ankò, “Ozanna pou Pitit David la: Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a; Ozana nan pi wo a.”5 Evenman majestye sa a, ke nou selebre nan jou sa a ke yo rekonèt kòm Dimanch Ramo a, sete yon prelid jwaye pou evenman atwòs ki t apral rive pandan semèn fatidik sa a ki te debouche sou sakrifis dezenterese Sovè a ak mirak mayifik tonbo vid la.

Antanke disip Li, nou se pèp apa pou Li, ki aple pou pwoklame vèti L yo,6 anbasadè lapè ke yo ofri nou avèk si gwo jenewozite atravè Limenm ak sakrifis ekspyatwa L la. Lapè sa a se yon kado yo pwomèt pou tout moun ki vire kè yo bay Sovè a epi ki viv nan lajistis; lapè sa a ba nou fòs pou nou jwi lavi mòtèl la epi li pèmèt nou andire eprèv douloure yo nan egzistans nou.

An 1847, Senyè a te bay enstriksyon byen presi pou Sen pyonye yo ki te bezwen lapè pou yo te ka rete kalm ak ini pandan yo t ap fè fas ak difikilte sanzatann nan vwayaj yo pou ale nan lwès la. Pami lòt bagay, Senyè a te enstwi Sen yo pou yo te “sispann fè chirepit youn kont lòt; sispann pale mal youn kont lòt.”7 Ekriti yo afime ke moun ki pratike zèv lajistis yo epi ki fè efò pou yo mache nan dousè Lespri Senyè a, yo jwenn pwomès lapè y ap bezwen pou yo siviv nan jou ajitasyon yo n ap viv jodi a.8

Antanke disip Prens Lapè a, nou resevwa enstriksyon pou nou viv avèk “kè nou makonnen ansanm nan inite ak lanmou youn pou lòt.”9 Pwofèt byeneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, te deklare dènyèman: “Kontansyon vyole tout bagay Sovè a te defann ak anseye yo.”10 Pwofèt nou an te enplore nou tou pou nou fè tout sa nou kapab pou mete fen nan konfli pèsonèl ki aktyèlman ap fè raj nan kè nou ak nan lavi nou yo.”11

An nou konsidere prensip sa yo nan pèspektiv lanmou pur Kris la pou nou epi ke nou, antanke disip Li, ap chèche genyen youn pou lòt la. Ekriti yo defini kalite lanmou sa a kòm charite.12 Lè n reflechi sou charite, an jeneral, lespri nou konsidere zak ak don jenere pou soulaje soufrans moun k ap rankontre difikilte fizik, materyèl oswa emosyonèl. Men, charite non sèlman gen rapò avèk yon bagay nou bay yon moun, men se yon atribi Sovè a epi ka vin fè pati karaktè nou. Se pa etonan ke Senyè a enstwi nou pou nou abiye tèt nou avèk lyen charite a, “ki se lyen pèfeksyon ak lapè.”13 San charite, nou pa anyen,14 epi nou pa kapab eritye plas Senyè a te prepare pou nou nan chato Papa nou ki nan Syèl la.15

Jezi te pafètman egzanplifye kisa sa vledi pou nou posede lyen pèfeksyon ak lapè sa a, espesyalman lè L t ap fè fas a evenman atwòs ki te vin anvan mati L la. Reflechi yon ti moman sou sa Jezi dwe te santi pandan L t ap lave pye disip Li yo, pandan ke L te konnen ke youn nan yo ta pral trayi Li jou swa sa a.16 Oubyen lè, kèk èdtan annapre, Jezi te geri zòrèy youn nan mesye ki te akonpaye Jida yo, ki te trayi L la, pou arete L.17 Oubyen menm lè Sovè a, ki te kanpe devan Pilat, te akize enjisteman pa prèt an chèf yo ak ansyen yo, epi Li pa t pwononse menm yon mo kont fo akizasyon kont Li yo, epi Li te kite gouvènè Women an etone.18

Atravè twa ensidan trajik sa yo, Sovè a, malgre L te akable anba tristès ak gwo strès, te anseye nou pa egzanp Li ke “charite gen pasyans, epi li janti; … li pa gen anvi; … li pa fè grandizè, li pa chaje lògèy, li pa chèche enterè pa l, li pa p fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè l, [epi] li pa panse mal.”19

Yon lòt aspè enpòtan pou mete aksan, epi ki gen enplikasyon dirèk sou lavi nou kòm disip ak sou fason nou ankouraje lapè Sovè a, se fason nou youn trete lòt. Pandan ministè tèrès Li a ansèyman Sovè a te fokis—non sèlman, men patikilyèman—sou vèti tankou lanmou, charite, pasyans, imilite, ak konpasyon—atribi fondamantal pou moun ki vle vin pi pwòch Li ak ankouraje lapè Li. Atribi sa yo se kado Bondye bay, epi si nou fè efò pou devlope yo, n ap kòmanse wè diferans ak feblès pwochen nou yo avèk plis konpasyon, sansiblite, respè ak tolerans. Youn nan siy ki pi evidan ki montre ke nou ap pwoche pi pre Sovè a epi vin plis tankou Li se fason eman, pasyan, ak janti nou trete moun parèy nou, kèlkeswa sikonstans yo.

Nou souvan wè moun ki angaje yo nan kòmantè negatif e menm dezoblijan sou karakteristik, feblès, ak opinyon aparan lòt moun, sitou lè karakteristik ak opinyon sa yo diferan oswa kontredi fason y aji ak panse. Li trè kouran pou n wè moun sa yo transmèt kòmantè sa yo bay lòt moun, ki repete sa yo te tande san yo pa vrèman konnen tout sikonstans ki antoure yon sitiyasyon. Malerezman, rezo sosyal ankouraje kalite konpòtman sa a nan non verite ak transparans relatif. San retni, konvèsasyon dijital souvan mennen moun nan atak pèsonèl ak diskisyon anflame, kreye desepsyon, blese kè, ak simaye ostilite anflame.

Nefi te pwofetize ke nan dènye jou yo, enmi an t ap anraje e fè moun yo fache kont sa ki byen.20 Ekriti yo ansenye ke “tout bagay ki envite epi pouse moun fè byen, ak renmen Bondye, ak sèvi l, se enspirasyon Bondye.”21 Yon lòtbò, “sa ki move sòti nan dyab la; paske dyab la se ènmi Bondye, e l ap goumen avèk li tout tan, li envite e pouse moun nan peche, epi pou yo fè sa ki mal tout tan.”22

Lè nou konsidere ansèyman pwofetik sa a, li pa etonan ke youn nan taktik advèsè a se soulve ostilite ak rayiman nan kè pitit Bondye yo. Li kontan lè l wè moun k ap kritike, ridikilize youn lòt epi fè medizans youn sou lòt. Konpòtman sa a ka detwi karaktè, repitasyon, ak estim tèt yon moun, patikilyèman lè yo jije l enjisteman. Li enpòtan pou nou sinyale ke lè nou pèmèt kalite atitid sa a nan lavi nou, nou fè plas nan kè nou pou lènmi an plante semans diskòd nan mitan nou, e nou riske tonbe nan pyèj devoran li a.

Si nou pa pote atansyon a panse, pawòl, ak aksyon nou, nou ka vin twouve nou anpetre nan pyèj rize enmi an, k ap detwi relasyon nou avèk moun ki bò kote nou ak moun nou renmen yo.

Frè m ak sè m yo, antanke pèp apa pou Senyè a ak pwomotè lapè Li, nou pa ka pèmèt nou kite riz malen sa yo pran plas nan kè nou. Nou pa ka pote yon fado k ap si wonje nou konsa ki ap detwi santiman, relasyon, e menm lavi. Levanjil la reprezante bòn nouvèl gwo lajwa.

Natirèlman, okenn nan nou pa pafè, e sètènman, gen defwa kote nou sedui anba tip konpòtman sa a. Nan lanmou pafè Li ak konesans omnisyan Li de tandans imen nou yo, Sovè a toujou ap eseye avèti nou kont danje sa yo. Li te anseye nou, “Paske Bondye va jije nou menmjan nou jije lòt yo: Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se limenm menm Bondye va sèvi pou mezire nou.”23

Chè frè m ak sè m yo, pandan n ap fè efò pou nou devlope kalite tankou pa Sovè a, nou ka vin enstriman lapè Li nan mond lan dapre modèl ke Limenm te etabli a. Mwen envite nou konsidere fason nou ka transfòme tèt nou pou nou vin moun edifyan ak ankourajan, moun ki gen yon kè konpreyansif ak padonan, moun k ap chèche sa ki bon nan lòt moun, k ap toujou sonje ke “si gen nenpòt bagay ki gen vèti, ki emab, oubyen ki gen bon rapò oubyen ki atire louwanj, nou chèche bagay sa yo.”24

Mwen pwomèt nou ke pandan n ap pousuiv ak devlope kalite [atribi] sa yo, n ap vin plis anplis akeyan ak sansib a bezwen kretyen vivan parèy nou25 epi n ap fè eksperyans lajwa, lapè, ak pwogresyon espirityèl.26 San okenn dout, Senyè a ap rekonèt efò nou yo epi L ap ba nou don nou bezwen yo pou nou ka pi toleran ak pasyan pou diferans, feblès, ak enpèfeksyon lòt yo. Anplis de sa, n ap kapab reziste pi byen kont anvi pou nou pran ofans oubyen ofanse moun ki blese nou. Jan Sovè a te fè a, dezi nou pou padone moun ki maltrete nou oswa pale mal sou nou yo ap ogmante epi l ap vin fè pati karaktè nou.

Se pou jodia, nan Dimanch Ramo sa a, nou etann rad lamou nou ak fèy palmis charite nou, pandan n ap mache nan mak pye Prens Lapè a pandan n ap prepare pou selebre Dimanch sa a k ap vini an, mirak tonbo vid la. Antanke frè ak sè an Kris, an nou pwoklame ak kè kontan: “Osanna pou Pitit David la: Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a; Ozana nan pi wo a.”27

Mwen temwaye ke Jezikri vivan epi lanmou pafè Li, ki eksprime atravè sakrifis ekspyatwa L la, akòde a tout moun ki vle mache avèk Li epi jwi lapè Li nan mond sa a ak nan mond k ap vini an. M di bagay sa yo nan non Sovè ak Redanmtè a, Jezikri, amèn.