Konferans Jeneral
Rasanble Lakay an Sekirite
Konferans jeneral avril 2023


Rasanble Lakay an Sekirite

Nou nan yon pozisyon espesifik pou rasanble Izrayèl nan toulède bò vwal la kòm jamè oparavan anba plan Papa a.

Prezidan Russell M. Nelson, pwofèt byeneme nou an, pwofondeman mete aksan sou responsablite san parèy nou pou ede rasanble Izrayèl dispèse a epi prepare mond lan pou Dezyèm Vini Jezikri a.1 Papa lespri nou an vle pou pitit Li yo rasanble lakay an sekirite.

Plan Papa nou ki nan Syèl la pou rasanble pitit Li yo an tout sekirite nan kay selès nou an pa baze sou siksè monden, sitiyasyon ekonomik, edikasyon, ras, oswa sèks. Plan Papa a baze sou jistis, sou respekte kòmandman L yo, ak sou resevwa òdonans sakre ak onore alyans nou fè yo.2

Doktrin divinman enspire ki di nou tout se frè ak sè epi “tout moun sanble devan Bondye” a souliyen gwo travay rasanbleman sa a. Doktrin sa a ann akò avèk moun ki pwofondeman vle pou moun divès sitiyasyon ekonomik ak rasyal viv pi bon lavi yo. Nou bat bravo epi nou ini nou nan efò sa yo. Anplis de sa, nou vle pou tout pitit Bondye yo vin jwenn li epi resevwa benediksyon etènèl Li ofri atravè levanjil li a.3 Nan prefas Senyè a bay pou Doktrin ak Alyans yo Li deklare: “Koute nou menm pèp ki lwen yo; ak nou menm ki nan zile nan lanmè yo, nou tout vin tande.”4

Mwen renmen ke premye vèsè nan Doktrin ak Alyans yo enkli moun ki nan “zile lanmè yo.” Mwen te gen twa apèl espesifik pou m te sèvi ak viv nan zilelanmè yo. Mwen te sèvi premyèman kòm yon jèn misyonè nan Zile Britanik yo, dezyèmman kòm yon nouvo Otorite Jeneral nan zile Filipin yo, epi apresa kòm Prezidan Entèrejyon nan Zile Pasifik yo, ki enkli Zile Polinezi yo.

Toulètwa domèn sa yo te reyisi rasanble kwayan yo nan levanjil retabli Jezikri a. Misyonè yo te rive nan Zile Britanik yo an 1837. Se te yon ane apre Joseph Smith te fin konsakre Tanp Kirtland nan, kote Moyiz te retabli “kle rasanbleman Izrayèl yo soti nan kat kwen tè a, ak dirije dis tribi yo soti nan peyi Nò a.”5 Premye siksè nan Zile Britanik yo lejandè. Rive 1851, plis pase mwatye manm Legliz la sete konvèti batize ki t ap viv nan Zile Britanik yo.6

An 1961, Èldè Gordon B. Hinckley te vizite epi kòmanse efò misyonè aplentan nan Zile Filipin yo. Nan moman sa a, te gen yon sèl detantè Prètriz Mèlkisedèk Filipino. Etonaman, gen plis pase 850.000 manm Legliz jodi a nan Zile Filipin yo. Mwen admire pèp Filipin nan; yo gen yon lanmou pwofon ak dirab pou Sovè a.

Petèt sa moun mwens konnen se efò misyonè kontinyèl nan Zile Polynezi yo. Li te kòmanse an 1843 lè yo te voye Addison Pratt nan sa ki kounye a rele Polynezi Fransèz la.7 Anpil Polynesian te deja kwè nan fanmi etènèl7epi yo te aksepte Jezikri kòm Sovè yo. Jodi a prèske 25 pousan Polynezyen, nan Zile Polynezi yo, se manm Legliz la.8

Yon fwa mwen te tande yon tifi 17 tan sou yon zile byen lwen nan Tayiti ki sete yon manm 7tyèm jenerasyon. Li te rann omaj a zansèt li yo ki te konvèti nan 1845 nan Tibuai, dezan anvan premye manm Legliz yo te rive nan Vale Salt Lake la.9

Doktrin nou an klè ki di ke pral gen yon tan ak yon sezon pou tout moun resevwa epi reponn a mesaj levanjil la. Egzanp sa yo se jis yon pati nan yon vizyon ki pi gwo. Prezidan Nelson kontinyèlman souliyen ke “rasanbleman Izrayèl la se “pi gwo defi, … kòz, ak … travay sou tè a jodi a.”10

Jiska Retablisman Legliz Jezikri a, enkli parisyon Liv Mòmon an ak revelasyon ak kle prètriz yo ke yo te bay Pwofèt Joseph Smith la, konpreyansyon sou “rasanbleman Izrayèl la” te piti ak limite.11

Non distenktif “Izrayèl” la sete yon tit yo te konfere sou Jakòb.12 Li te vini pou reprezante posterite Abraram atravè Izaak ak Jakòb. Pwomès ak alyans orijinal yo te fè Papa Abraram nan dekri nan Abraram 2:9–10, ki li an pati:

“Epi m pral fè w tounen yon gwo nasyon, …

“Epi m pral beni [tout nasyon] yo pa mwayen non ou; paske tout moun ki resevwa Levanjil sa a pral pote non ou, epi yo pral konte kòm desandan ou, epi yo pral leve pou yo beni w kòm papa yo.”

Pandan Konsèy nan Syèl la nan egzistans premòtèl la, yo te diskite plan sali a epi soutnili. Li te gen ladan sèten lwa ak òdonans Prètriz ki te etabli anvan fondasyon mond lan epi ki repoze sou rasanbleman an.13 Li te gen ladan l prensip primòdyal libabit la tou.

Apre plizyè syèk kòm pèp puisan, enkli rèy Sayil, David ak Salomon yo, Izrayèl te divize. Tribi Jida a ak yon pati nan tribi Benjamen an te vin tounen wayòm Jida a. Rès yo, ke yo idantifye kòm dis tribi yo, te vin tounen wayòm Izrayèl la.14 Apre 200 ane nan egzistans separe, premye dispèsyon Izrayèl la te rive an 721 AK lè wa Asiryen an te mennen dis tribi Izrayèl yo an kaptivite.15 Annapre, yo t al nan peyi ki nan nò yo.16

An 600 AK, nan kòmansman Liv Mòmon an, Pè Leyi te mennen yon koloni Izrayelit nan Amerik la. Leyi te konprann dispèsyon Izrayèl la ke l te fè pati a. Nefi te site l kote l te di ke kay Izrayèl la “ta dwe konsidere tankou yon pye oliv, ki gen branch li ki kase, dispèse sou tout sifas tè a.”17

Nan sa yo rele Nouvo Mond lan, istwa Nefit yo ak Lamanit yo jan yo di l nan Liv Mòmon an fini nan apeprè 400 AK. Desandan Pè Leyi yo simaye nan tout Amerik la.18

Sa dekri klèman pa Mòmon nan 3 Nefi 5:20, ki di: “Mwen se Mòmon, m se yon vrè desandan Leyi. Mwen gen rezon pou m beni Bondye m nan ak Sovè m nan, Jezikri, poutèt li te wete zansèt nou yo nan peyi Jerizalèm nan.”19

Klèman, pi gwo pwen nan istwa kwonolojik Izrayèl la se nesans, mesaj, ministè, ak misyon Senyè ak Sovè nou an, Jezikri.20

Apre lanmò ak Rezirèksyon Sovè a ki fasone letènite a, yon dezyèm dispèsyon byen koni sou Jida ki te fèt ant 70 ak 135 AK lè, akoz opresyon ak pèsekisyon Women yo, Juif yo te dispèse nan tout mond moun te konnen lè sa a.

Prezidan Nelson anseye: “Liv Mòmon an te vini kòm yon siy Ke Senyè a te kòmanse rasanble pitit alyans [yo].”21 Konsa, Liv Mòmon an, ki te tradui pa Pwofèt Joseph Smith pa mwayen don ak pouvwa Bondye, prepare pou desandan Leyi yo, pou Izrayèl dispèse a, ak pou Janti yo ki adopte nan tribi Izrayèl yo. Antèt 1 Nefi 22 a li an pati, “Izrayèl pral dispèse sou tout sifas tè a—Janti yo pral okipe epi nouri Izrayèl avèk levanjil la nan dènye jou yo.” Paj tit Liv Mòmon an di ke youn nan objektif li se pou “konvenk Juif ak Janti ke Jezi se Kris la.” Avèk Retablisman ak Liv Mòmon an, konsèp “rasanbleman Izrayèl la” elaji anpil.22

Moun ki aksepte levanjil Jezikri yo kèlkeswa linye yo vin fè pati Izrayèl rasanble a.23 Avèk rasanbleman sa a ak pil tanp ki bati e ki anonse yo, nou nan yon pozisyon espesifik pou rasanble Izrayèl nan toulède bò vwal la kòm jamè oparavan anba plan Papa a.

Prezidan Spencer W. Kimball, an palan de rasanbleman literal Izrayèl, te deklare: “Kounyea, rasanbleman Izrayèl la se antre nan veritab legliz la epi …jwenn aksè nan konesans vrè Bpmdue a. … Se poutèt sa, nenpòt moun ki aksepte levanjil retabli a, epi ki kounyea ap chèche adore Senyè a nan pwòp lang pa li epi avèk Sen yo nan nasyon kote l ap viv la konfòme li avèk lwa rasanbleman Izrayèl la epi li se eritye tout benediksyon yo te pwomèt Sen yo nan dènye jou sa yo.”24

“Rasanbleman Izrayèl la enplike konvèsyon kounyea.”25

Nan yon pwendvi byen klè, manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo gen gwo privilèj pou yo renmen, pataje, envite, ak ede rasanble Izrayèl, pou yo ka resevwa plenitid benediksyon alyans Senyè a. Sa enkli Afriken ak Ewopeyen yo, Amerik diSid ak Amerik diNò, Azyatik, Ostralyen, ak moun ki nan zile sou lanmè yo. “Paske vwa Senyè a se pou tout moun.”26 “Rasanbleman sa a ap kontinye jiskaske moun ki jis yo reyini nan kongregasyon Sen yo nan nasyon yo nan mond lan.”27

Okenn lòt moun pa adrese rasanbleman an pi dirèk pase Prezidan Nelson: “Chak fwa ou fè yon bagay ki ede yon moun—sou nenpòt bò nan vwal la—fè yon pa nan direksyon pou l fè alyans avèk Bondye epi resevwa òdonans esansyèl batèm ak òdonans tanp yo, w ap ede rasanble Izrayèl. Se osi senp ke sa.”28

Ki kote Legliz la ye jodi a? Nan 62 ane depi m te kòmanse sèvi yon misyon an 1960 la, kantite misyonè aplentan k ap sèvi anba yon apèl nan men pwofèt la ogmante soti 7.683 pou rive nan 62.544. Kantite misyon yo ogmante soti 58 rive 411. Kantite manm yo ogmante soti nan apeprè 1.700.000 pou rive apeprè 17 milyon.

Pandemi Covid-19 la te afekte kèk nan opòtinite nou pou n pataje levanjil la. Li te ba nou eksperyans tou nan itilize nouvo teknoloji, sa ki pral grandman amelyore rasanbleman an. Nou rekonesan dèske manm yo ak misyonè yo kounyea ap fè anpil efò pou rasanble Izrayèl dispèse a. Kwasans ap kontinye toupatou, espesyalman nan Amerik diSid ak an Afrik. Epitou, nou apresye ke si anpil moun atravè mond lan te reponn envitasyon puisan Prezidan Nelson an pou ogmante sèvis misyonè a. Sepandan, angajman nou pou renmen, pataje, ak envite a kapab grandman elaji.30

Yon pati esansyèl nan efò misyonè sa a se pou manm yo endividyèlman vin tounen egzanp limyè29 kèlkeswa kote n ap viv la.30 Nou pa ka nan kamouflaj. Egzanp Kretyen nou sou bonte jistis, bonè, ak lanmou sensè pou tout moun ka kreye non sèlman yon limyè k ap gide yo, men tou, yon konpreyansyon ke gen yon refij ki an sekirite nan òdonans sali ak egzaltasyon levanjil retabli Jezikri a.

Tanpri konprann ke gen benediksyon remakab nan pataje levanjil Jezikri a. Ekriti yo pale de lajwa ak lapè, padon pou peche, pwoteksyon kont tantasyon, ak pouvwa soutyen n ap jwenn nan men Bondye.31 Si nou gade pi lwen pase lavi mòtèl sa a, n ap prepare pou nou pataje levanjil la avèk moun ki “nan tenèb ak anba esklavaj peche yo, nan gran mond dèzespri mò yo.”24

Priyè espesifik mwen jodi a se pou chak timoun, jènjan, jènfi, fanmi, ak kowòm, Sosyete Sekou, ak klas revize fason nou endividyèlman ak kolektivman aksepte konsèy ekstraòdinè pou ede rasanble Izrayèl la ke Senyè a ak pwofèt byeneme nou an bay la.

Nou respekte libabit. Nan mond pwofàn sa a, anpil moun p ap reyaji e yo p ap patisipe nan rasanbleman Izrayèl la. Men anpil moun pral fè l, epi Senyè a atann ke moun ki resevwa levanjil Li a pou yo fè efò an tout ijans pou yo vin yon egzanp limyè ki pral ede lòt moun vin jwenn Bondye. Sa pèmèt frè ak sè nou yo atravè tè a pou yo jwi benediksyon ak òdonans diven yo nan levanjil retabli Jezikri a epi pou yo rasanble lakay yo an sekirite.

Mwen rann temwayaj apostolik asire ak sèten mwen sou divinite Jezikri ak Plan Papa nou ki nan Syèl la pou nou an, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Russell M. Nelson, “Welcome Message,” Liahona, May 2021, 7.

  2. Gade Doktrin ak Alyans 20:37.

  3. Gade 2 Nefi 26:33.

  4. Doktrin ak Alyans 1:1. Nan Doktrin ak Alyans 1:4, Senyè a kontinye: “Epi vwa avètisman an pral jwenn tout moun, nan bouch disip mwen yo ke m chwazi nan dènye jou sa yo.”

  5. Doktrin ak Alyans110:11.

  6. An 1851 te gen 52,165 manm total Legliz la. Selon rejis Legliz yo ak “Religious Census of 1851 (Resansman Relijye 1851) ”, te gen plis pase 28.000 manm an Anbletè ak Pays de Galles (gade Robert L. Lively Jr., “Some Sociological Reflections on the Nineteenth-Century British Mission,” nan Mormons in Early Victorian Britain, ed. Richard L. Jensen ak Malcolm R. Thorp [1989], 19–20).

  7. Gade Les Saints: Histoire de l… église de Jésus-Christ dans les derniers jours, vol. 1, L’étandard de la vérité, 1815–1846 (2018), 494–95, 514–15, 573.

  8. Tonga: 45 pousan; Samoa:31 pousan; Samoa Ameriken:22.5 pousan; ak Polynesi Fransèz: 7 pousan.

  9. Gade Les Saints, 573–74.

  10. Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl” (devosyon mondyal pou jèn yo, 13 Jen , 2018), HopeofIsrael.ChurchofJesusChrist.org.

  11. Doktrin unique ak puisan sa a nan Liv Mòmon an epi ki rezime nan dizyèm atik lafwaa, ki kòmanse konsa, “Nou kwè nan rasanbleman literal Izrayèl ak nan retablisman Dis Tribi yo” (gade James E. Talmage, Atik Lafwa, 12th ed. [1924], 314–44).

  12. Jan sa ekri nan Jenèz 32:28, resi ekriti a di, “Non ou pa dwe rele non ou ankò Jakòb, men Izrayèl la: paske kòm yon prens ou gen pouvwa avèk Bondye epi avèk lèzòm.”

  13. Gade Joseph Smith, nan “History, 1838–1856, volume D-1,” 1572, josephsmithpapers.org; gade tou Joseph Smith, “Discourse, 11 June 1843–A, as Reported by Wilford Woodruff,” [42–43], josephsmithpapers.org; Joseph Smith, “Discourse, 11 June 1843–A, as Reported by Willard Richards,” [241], josephsmithpapers.org.

  14. Gade Diksyonè Bib la, “Israel, Kingdom of”; Jak E. Talmage, Atik Lafwa yo, 315. Pandan ke Rhoboam ak moun li yo te koni kòm Wayòm Jida a epi yo te sitiye nan pati sid Izrayèl modèn nan.

  15. Gade 2 Wa 17:23.

  16. Gade Doktrin ak Alyans 133:26; gade tou Doktrin ak Alyans 110:11.

  17. 1 Nefi 10:12. Amon te di nan apre, “Wi, non Bondye m nan beni, li pa bliye pèp li a, ki se yon branch nan pyebwa Izrayèl la, ki te separe nan kò a, pou l pèdi nan yon peyi etranje” (Alma 26:36).

  18. Prezidan Spencer W. Kimball, ki t ap pale de Izrayèl Lamanit la, te anseye ke Siyon se tout Amerik la. Prezidan Kimball te di: “Nou nan pèp Izrayèl la epi n ap rasanble” (Enseignements de Spencer W. Kimball, ed. Edward L. Kimball (1982), 439.

  19. Lè Pè Leyi te resevwa enstriksyon pou l te pran fanmi l e pou l te pati al nan dezè a, omwen yon pati nan rezon an sete ke Jerizalèm t apral detwi.e 1 Nefi 2). Destriksyon Tanp Salomon an, chit Jerizalèm nan, ak kaptivite tribi Jida a te fèt nan anviwon 586 AK.

    Izrayèl te konkeri apeprè 720 anvan J.K, epi yo te mennen 10 tribi li an egzil “ [Nan] Jerizalèm … Tanp Salomon an te sibi plizyè atak pa pouvwa etranje anvan finalman, nan ane 586 anvan epòk nou an, li te totalman detwi pa lame Neboukadnetsar, wa Babilòn nan” (David B. Green, “The History of the Jewish Temple in Jerusalem,” Haaretz, Out 11, 2014, haaretz.com/jewish/.premium-history-of-the-temple-in-jerusalem-1.5256337). Gade tou 2 Wa 25:8–9.

  20. Gade Tad R. Callister, Ekspyasyon Enfini an (2000).

  21. Russell M. Nelson, “Pitit Alyans lan,” Ensign, Me 1995, 33; gade tou “Alyans,” Liahona, Nov. 2011, 88.

  22. Russell M. Nelson, in R. Scott Lloyd, “Seminar for New Mission Presidents: ‘Swift Messengers’ to Scattered Israel,” Church News, July 13, 2013, thechurchnews.com. Prezidan Russell M. Nelson te di: “Chwa pou vin jwenn Kris la se pa yon zafè lokasyon fizik; se yon zafè angajman endividyèl. Moun yo kapab ‘vin gen konesans sou Senyè a’ [3 Nefi 20:13] san yo pa kite peyi yo” (“Rasanbleman Izrayèl Dispèse a,” Liahona, Nov. 2006, 81). Gade tou 3 Nefi 21:1–2.

  23. Doktrin nou an klè; Senyè a te dispèse tribi Izrayèl yo poutèt rebelyon yo ak enjistis yo. Sepandan, Senyè a te itilize dispèsyon pèp chwazi L la nan mitan nasyon yo nan mond lan pou beni nasyon sa yo tou. Gade nan Gid Ekriti yo, “Izrayèl—Dispèsyon Izrayèl,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org.)

  24. Spencer W. Kimball, Enseignements de Spencer W. Kimball, 439.

  25. Spencer W. Kimball, Enseignements de Spencer W. Kimball, 438. Gade tou “All Are Alike unto God (Tout Moun Parèy pou Bondye),” ed. E. Dale LeBaron (1990), yon koleksyon 23 istwa konvèsyon pa Sen Dènye Jou Nwa Afriken yo. Sè Julia N. Mavimbla te di anvan li te antre nan Legliz la epi li te vini wè mo Izrayèl, la, li ta voye liv la sou kote epi li di, “Li se pou blan yo, li pa pou nou. Li se pou nou. Nou pa chwazi. Jodi a mwen konnen mwen fè pati yon fanmi wayal si m viv nan lajistis. Mwen se yon Izrayelit, e lè m t ap fè òdonans mwen nan tanp lan, m te santi ke nou tout sou tè a kòm yon sèl fanmi.” (nan “All Are Alike unto God,” 151).

  26. Doktrin ak Alyans 1:2.

  27. Spencer W. Kimball, Enseignements de Spencer W. Kimball, 438.

  28. Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl.”

  29. Apot Pòl te di Timote, zanmi l lan Timote pou l “vin … yon egzanp kwayan yo.” (1 Timote 4:12).

  30. Gade 3 Nefi 18:24.

  31. Gade Mozya 18:8–13; 3 Nefi 18:25; Doktrin ak Alyans 18:10–16; 31:5; 62:3.

  32. Doktrin ak Alyans 138:57.