“Apendis C: Pou Primè—Enstriksyon pou Peryòd Chante ak Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Apendis C,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Apendis C
Pou Primè—Enstriksyon pou Peryòd Chante ak Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo
Chan Primè yo se yon zouti puisan pou ede timoun yo aprann plan bonè Pè Selès la ak verite fondamantal yo nan levanjil Jezikri a. Lè timoun yo chante chan sou prensip levanjil yo, Sentespri a ap rann temwayaj sou verasite yo. Pawòl yo ak mizik la ap rete nan lespri ak nan kè timoun yo pandan tout lavi yo.
Chèche èd Lespri a lè w ap prepare w pou anseye levanjil la atravè mizik. Pataje temwayaj ou sou verite y ap chante yo. Ede timoun yo wè kijan mizik la an rapò avèk sa y ap aprann ak sa y ap viv lakay yo ak nan klas Primè yo.
Direksyon pou Prezantasyon Reyinyon Sentsèn nan
Sou direksyon evèk la, prezantasyon reyinyon Sentsèn timoun yo nòmalman fèt nan katriyèm trimès ane a. Antanke prezidans Primè ak dirijan Mizik, travay avèk konseye nan episkopa a ki responsab Primè a pou planifye prezantasyon an.
Prezantasyon an dwe pèmèt timoun yo prezante sa yo menm ak fanmi yo aprann nan Liv Mòmon an an lakay yo ak nan Primè a, enkli chan Primè yo te chante pandan tout ane a. Lè w ap planifye prezantasyon an, panse a fason li kapab ede kongregasyon an konsantre sou Sovè a ak ansèyman L yo.
Inite ki pa gen anpil timoun piti yo ka reflechi sou fason manm fanmi yo kapab patisipe avèk timoun yo. Yon manm episkopa a kapab fini reyinyon an avèk kèk remak brèf.
Lè w ap prepare prezantasyon an, sonje direksyon sa yo:
-
Pratik yo pa ta dwe pran nan tan klas Primè yo oubyen nan tan fanmi yo san nesesite.
-
Imaj, kostim, ak prezantasyon medya pa apwopriye pou reyinyon Sentsèn nan.
Gade Manyèl Enstriksyon Jeneral la: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 12.2.1.2, Bibliyotèk Levanjil la.
Enstriksyon pou Peryòd Chante a
5 minit (Prezidans Primè): Priyè ouvèti, ekriti oubyen atik lafwa, ak yon diskou
20 minit (dirijan mizik): Peryòd Chante
Prezidans Primè a ak dirijan mizik la chwazi chan pou chak mwa pou ranfòse prensip timoun yo ap aprann nan klas yo ak lakay yo. Gen yon lis chan pou ranfòse prensip sa yo ki vini avèk manyèl sa a.
Lè w ap aprann timoun yo chan yo, envite yo pou yo pataje sa yo te deja aprann sou istwa ak prensip doktrinal chan yo anseye yo. Envite timoun yo pou yo pataje panse yo ak sa yo santi konsènan verite yo jwenn nan kantik yo.
Liv Chants pour les enfants an se resous debaz pou mizik nan Primè a. Kantik ki nan liv kantik yo ak chan ki nan revi Zanmi yo apwopriye tou. Episkopa a dwe apwouve tout lòt mizik nan Primè a (gade Manyèl Jeneral, 12.2.4).
Mizik pou Peryòd Chante a
Janvye
-
“Suivez le Prophète,” Chants pour les Enfants. 58–59
-
“Quand je lis l Ecriture Sainte,” Chants pour les Enfants, 66
Fevriye
-
“Fais donc le bien,” Chants pour les Enfants, 158
-
“La prière d’un enfant,” Chants pour les Enfants, 6–7
Mas
-
“Every Star Is Different,” Children’s Songbook, 142
-
“Le jour de mon baptême,” Chants pour les Enfants, 53
Avril
-
“Quand Jésus reviendra,” Chants pour les Enfants, 46-47
-
“Jésus est-il ressuscité?,” Chants Pour Les Enfants, 45
Me
-
“VDonne,‘ Dit le Ruisseau,” Chants pour les Enfants, 116.
-
“Petite est la lumière en moi,” Chants pour les Enfants, 144.
Jen
-
“Le Saint-Esprit,” Chants pour les Enfants, 56
-
“Je voudrais déjà partir en missyon,” Chants pour les Enfants, 90
Jiyè
-
“Défends le bien,” Chants pour les Enfants, 81
-
“ll envoya son Fils aimé,” Chants pour les Enfants, 20–21
Out
-
“Jésus-Christ est mon modèle,” Chants pour les Enfants, 40–41
-
“Je ressens son amour,” Chants pour les enfants, 42
Septanm
-
“Oh, j aime voir le temple,” Chants pour les Enfants, 99
-
“To Think about Jesus,” Children’s Songbook, 71
Oktòb
-
“Ma généalogie,” Chants pour les Enfants, 100.
-
“L Eglise de Jésus-Christ,” Chants pour les Enfants, 48
Novanm
-
“Pour trouver la paix,” Chants pour les Enfants, 68
-
“To Be a Pioneer,” Children’s Songbook, 218–19
Desanm
-
“Je suis enfant de Dieu,“” Chants pour les Enfants, 193
-
“Petite ville, Béthlehem,” Cantiques, no. 136.
Itilize Mizik pou Anseye Doktrin nan
Bi Peryòd Chante a se pou ede timoun yo aprann verite levanjil yo. Ide sa yo ka enspire w pandan w ap planifye fason pou w anseye prensip levanjil nou jwenn nan kantik yo ak nan chan Primè yo.
Li ekriti ki an rapò yo. Pou anpil nan chan yo nan Chants pour les Enfants ak nan liv kantik la, yo bay lis referans ki an rapò avèk ekriti yo. Ede timoun yo li kèk nan pasaj sa yo, epi pale de rapò ki genyen ant ekriti yo ak kantik la. Ou ta kapab fè yon lis sou kèk referans ekriti sou tablo a tou epi envite timoun yo pou yo fè chak referans koresponn avèk yon chan oubyen avèk yon kouplè nan chan an.
Ranpli espas vid yo. Ekri yon kouplè nan chan an sou tablo a avèk plizyè mo kle ki manke. Epi mande timoun yo pou yo chante chan an, pandan y ap koute ki pawòl pou yo mete nan espas vid yo. Pandan y ap ranpli chak espas vid, diskite sou prensip levanjil ou aprann nan mo ki manke yo.
Temwaye. Rann timoun yo yon temwayaj brèf sou verite levanjil nou jwenn nan chan Primè yo. Ede timoun yo konprann ke chante se youn nan fason yo ka rann temwayaj ak santi Lespri a.
Kanpe kòm yon temwen. Envite timoun yo pou yo kanpe lè tou pa yo rive epi pou yo pataje sa yo aprann nan kantik y ap chante a oubyen kijan yo santi yo konsènan verite yo anseye nan kantik la. Mande yo kijan yo santi yo pandan y ap chante chan an, epi ede yo idantifye enfliyans Sentespri a.
Itilize foto. Mande timoun yo pou yo ede w jwenn oubyen kreye foto ki matche avèk mo oubyen ekspresyon enpòtan ki nan chan an. Envite yo pou yo pataje ki rapò ki genyen ant foto yo ak sa chan an anseye. Pa egzanp, si w ap chante chan “Quand Jésus reviendra” (Chants pour les Enfants, 46-47), ou ta kapab en mete nan tout sal la foto ki dekri mo enpòtan yo nan chan an (tankou zanj, nèj, ak etwal). Mande timoun yo pou yo rasanble foto yo epi leve yo nan lòd kòrèk pandan n ap chante chan an ansanm.
Pataje yon demonstrasyon yon leson. Ou ta kapab itilize yon objè pou enspire yon diskisyon sou yon chan. Pa egzanp, lè n ap chante kantik “‘Donnez,’ dit le petit ruisseau” (Chants pour les Enfants, 236), ou ta ka montre timoun yo foto bagay tankou yon sousdlo, yon gazon, lapli, ak flè. Sa ta ka mennen nan yon diskisyon sou kijan menm ti zak sèvis pitit yo ka beni lòt moun nan fason enpòtan.
Envite yo pataje eksperyans pèsonèl yo. Ede timoun yo konekte prensip ki anseye nan chan yo avèk eksperyans yo fè avèk prensip sa yo. Pa egzanp, anvan w chante “Oh, j’aime voir le temple” (Chants pour les Enfants, 9), ou ta kapab mande timoun yo pou yo leve men yo si yo konn wè yon tanp. Pandan y ap chante, envite yo panse sou kijan yo santi yo lè yo wè yon tanp.
Poze kesyon. Gen anpil kesyon ou ka poze yo pandan y ap chante chan yo. Pa egzanp, ou ka mande timoun yo kisa yo aprann nan chak kouplè nan chan an. Ou ka mande yo tou pou yo panse a kesyon chan an reponn. Sa ka debouche sou yon diskisyon sou verite yo anseye nan chan an.
Fè jès ki senp avèk men yo. Envite timoun yo pou yo panse a kèk jès senp pou ede yo sonje pawòl ak mesaj ki nan yon chan. Pa egzanp, lè n ap chante “Quand vous cherchez” (Chants pour les enfants, 109), ou ta ka envite timoun yo montre je yo pandan y ap chante osijè sonde ekriti yo, montre tèt yo lè y ap chante sou medite, epi kwaze bra yo lè y ap chante sou priye.