2023
Jezi te Montre Nou Chemen an
Out 2023


“Jezi te Montre Nou Chemen an,” Zanmi, Out 2023, 4-5.

Mesaj Mansyèl Zanmi, Out 2023

Jezi te Montre Nou Chemen an

Imaj
Tout tèks

Ilistrasyon pa Dan Burr

Jezikri se Pitit Papa nou ki nan Syèl la. Li te vini sou latè pou l montre nou kijan nou kapab retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la yon jou. Jezi te batize. Li te anseye nou ke nou dwe batize tou.

Imaj
tout tèks

Jezi te montre nou kijan pou nou viv. Li te renmen ak ede tout moun. Li vle nou suiv Li.

Imaj
tout tèks

Jezi te santi tout doulè nou yo epi li te soufri pou peche nou yo. Apresa li te mouri pou nou. Sa rele Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Li te resisite. Sa vle di L ap viv jounen jodi a! Akoz Jezikri, n ap viv tou ankò apre lanmò nou.

Imaj
tout tèks

Jezi te fè tout bagay sa yo pou nou paske Li renmen nou. Akoz Li menm, nou kapab viv ansanm ak Papa nou ki nan Syèl la ak fanmi nou yon jou.

Imaj
tout tèks

Nou kapab suiv Jezi lè nou batize. Nou kapab suiv Li tou chak jou lè nou renmen ak ede lòt moun epi lè nou respekte kòmandman Li yo.