Vini, Suiv Mwen
Reyinyon Konsèy Premye Dimanch yo


Reyinyon konsèyPremye Dimanch yo

Nan premye Dimanch chak mwa, reyinyon Kowòm Ansyen ak Sosyete Sekou yo pa pral gen yon leson ki pral anseye pa yon enstriktè ankò. Olyesa, prezidans kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo ap fè yon reyinyon konsèy. Nan reyinyon konsèy premye Dimanch sa yo, chak kowòm ansyen ak Sosyete Sekou dwe chita ansanm pou pale sou responsablite, opòtinite, ak difikilte lokal y ap rankontre; pou youn aprann de ide ak eksperyans lòt; epi pou planifye fason pou yo aji selon enpresyon yo resevwa nan men Lespri a. Nan diskisyon sa yo, yo dwe itilize ekriti ki an rapò avèk bagay sa yo ak ansèyman pwofèt vivan yo.

Se pa tout reyinyon konsèy yo k ap menm jan. Men kèk gid pou ede prezidans yo dirije yon bon reyinyon konsèy.

Anvan reyinyon konsèy la

Sa pou n fè:

  • Idantifye bezwen, opòtinite, ak pwoblèm ki egziste yo.

  • Nan lapriyè, chwazi yon sijè pou diskite.

  • Envite manm kowòm yo oubyen sè Sosyete Sekou yo pou yo vini tou prepare pou pataje ide ak eksperyans yo.

Sa pou n pa fè:

  • Prepare yon leson

  • Vini avèk yon solisyon espesifik oubyen yon plan daksyon nan lespri nou.

Pandan reyinyon konsèy la

Sa pou n fè:

  • Envite manm yo pou yo pataje eksperyans yo te fè pandan yo t ap aji selon enspresyon yo te resevwa ak plan yo te fè nan reyinyon ki te fèt anvan yo.

  • Prezante sijè reyinyon an epi ankouraje manm yo pou yo chita ansanm an konsèy konsènan sa, pandan y ap chèche solisyon ak gidans nan ekriti yo, nan pawòl pwofèt yo ak nan men Sentespri a.

  • Planifye pou n aji sou sa k te diskite yo. Sa ka enkli plan an gwoup oubyen plan chak moun te fè poukont yo.

Sa pou n pa fè:

  • Domine konvèsasyon an.

  • Eseye konvenk lòt moun de ide nou genyen.

  • Diskite sou pwoblèm delika oubyen konfidansyèl.

  • Ansenye yon leson.

  • Bay nenpòt moun presyon pou yo patisipe.

Apre reyinyon konsèy la

Sa pou n fè:

  • Fè suivi sou plan ak tach ki te fèt pandan reyinyon konsèy la.

  • Chèche mwayen pou enkli moun ki pa t ka asiste reyinyon an poutèt apèl yo oubyen pou lòt rezon. Fè yo konnen plan k te fèt yo.

  • Bay manm yo opòtinite pou yo pataje eksperyans yo nan reyinyon apre yo.

Sijè pou reyinyon Konsèy Premye Dimanch yo

Ide pou sijè ki pou diskite nan reyinyon konsèy la kapab soti nan reyinyon prezidans, reyinyon konsèy pawas, plan rejyonal, enpresyon dirijan yo resevwa pandan y ap sèvi manm yo, ak enspirasyon nan men Sentespri a. Sijè yo bay anba yo se sigjseyon sèlman yo ye. Dirijan yo gen dwa konn kèk lòt bezwen yo santi yo enspire pou yo adrese.

  • Kisa nou ka fè pou nou sèvi moun ki bò kote nou yo? (gade Mozya 23:18).

  • Kijan nou ka pi byen bay diferant responsablite nou yo priyorite?

  • Kijan nou ka pataje levanjil la avèk zanmi nou ak pwochen nou? (gade Alma 17).

  • Kijan nou ka pwoteje tèt nou ak fanmi nou kont medya inapwopriye ak pònografi?

  • Kisa nou pral fè pou ede dirije ak fòtifye pitit nou yo ak jèn yo nan pawas nou?

  • Kijan nou ka plis enplike nan travay istwa familyal ak adorasyon tanp?

  • Kijan nou ka envite èd Senyè a pandan n ap chèche repons pou kesyon nou genyen yo ak yon pi bon konpreyansyon sou levanjil la?

  • Kijan nou ka fòtifye temwayaj nou konsènan Senyè a ak levanjil li a epi ede fanmi nou vin otonòm spirityèlman?