Vini, Suiv Mwen
Reyinyon Dezyèm ak Twazyèm Dimanch yo


ReyinyonDezyèm-ak Twazyèm Dimanch yo

Nan dezyèm ak twazyèm Dimanch chak mwa yo, kowòm ansyen yo ak Sosyete Sekou yo pral aprann nan ansèyman dirijan Legliz yo nan konferans jeneral ki pi resan an. Yo dwe mete aksan sou mesaj manm Premye Prezidans yo ak manm Kolèj Douz Apot yo. Sepandan, selon bezwen lokal yo ak enspirasyon Lespri a, yo ka diskite sou nenpòt nan mesaj ki soti nan konferans jeneral ki pi resan an.

Nan pifò ka, prezidans kowòm ansyen an oswa prezidans Sosyete Sekou a ap seleksyone yon mesaj konferans pou yo etidye, ki pral baze sou bezwen manm yo, byenke evèk la oswa prezidan pye a gen dwa bay avi li. Lidè yo kapab chwazi yon mesaj ki anrapò avèk sijè ki te diskite nan dènye reyinyon konsèy premye Dimanch lan, oubyen yo gen dwa chwazi yon lòt mesaj baze sou enspirasyon yo resevwa nan men Lespri a.

Dirijan yo ak enstriktè yo dwe chèche mwayen pou ankouraje manm yo pou yo li mesaj yo chwazi a alavans epi vini tou prepare pou pataje verite levanjil yo ak ide sou fason pou aplike yo. Aktivite aprantisaj yo sigjere anba yo, ki baze sou prensip ki nan Anseye nan fason Sovè a, kapab ede manm yo aprann nan mesaj konferans jeneral yo.

Imaj
President M. Russell Ballard

M. Russell Ballard, “Don presye Bondye yo,” 9–11

Mesaj Prezidan Ballard la adrese yon kantite sijè—tankou pwofèt, lafwa nan Kris la, Sentsèn nan, ak sèvis—epi manm kowòm nou yo oubyen manm Sosyete Sekou nou yo kapab twouve lòt sijè ki patikilyèman siyifikan tou. Envite manm yo pou yo pataje yon bagay ki enspire yo nan mesaj sa a. Ki envitasyon oubyen pwomès benediksyon nou jwenn nan mesaj Prezidan Ballard la? Panse pou envite manm yo pou yo reflechi pandan kèlke minit sou sa yo te santi yo te enspire pou yo fè akoz diskisyon sa a.

Imaj
Elder Gary E. Stevenson

Gary E. Stevenson, “Kè yon pwofèt,” 17–20

Pou ede manm yo “konprann grandè” apèl yon nouvo pwofèt la, nou kapab envite yo pou yo etidye mesaj Èldè Stevenson nan, pou yo chache verite ak ide ki ka ede yo konprann siyifikasyon ak karaktè sakre pwosesis diven sa a. Panse pou w envite manm yo pataje sa yo te santi pandan asanble solanèl la kote nou te soutni Prezidan Nelson kòm Prezidan Legliz la. Ou ka desinen yon kè sou tablo a tou epi mande manm yo pou yo ekri mo oubyen fraz ladan l ki dekri kè ak karaktè Prezidan Nelson. Kisa l te anseye ki te beni nou?

Imaj
Elder Neil L. Andersen

Neil L. Andersen, “Pwofèt Bondye a,” 24–27

Diskisyon sou mesaj Èldè Anderson nan kapab fòtifye lafwa manm yo nan pwofèt vivan yo. Ou gen dwa envite yo pou yo etidye mesaj li a pou yo chèche yon bagay ki ka ede yo konprann poukisa Bondye gen pwofèt sou tè a ak poukisa nou suiv yo. Nan ki fason nou te beni paske nou gen yon pwofèt? Manm yo ka pataje kijan yo te jwenn yon temwayaj ke Prezidan Russel M. Nelson se pwofèt Senyè a ak Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Imaj
Elder David A. Bednar

David A. Bednar,“Dou ak enb nan kè,” 30–33

Pou enspire yon diskisyon sou mesaj Èldè Bednar la, ou ta gen dwa ekri sou tablo a:Ladousè se … ak Ladousè se pa … Apresa, manm yo ta ka fouye mesaj Èldè Bednar la epi ekri fraz yo jwenn ki konplete fraz sa yo sou tablo a. Kisa nou aprann nan mesaj sa a ki enspire nou pou nou vin pi dou? Ki egzanp dousè nou konnen? Kijan nou kapab aplike konsèy Èldè Bednar pou nou vin pi dou a?

Imaj
Sister Bonnie L. Oscarson

Bonnie L. Oscarson, “Jènfi yo nan travay la,” 36–38

Kesyon se yon fason pou envite refleksyon. Panse pou w ekri kèk kesyon mesaj Sè Oscarson nan reponn sou tablo a, tankou Kijan nou ka entegre Jènfi yo nan travay Senyè a? Envite manm yo pou chèche nan mesaj li a pou yo ka jwenn repons pou kesyon sa yo epi diskite sou sa yo aprann. Ki benediksyon ki vini lè nou enplike jènfi yo nan sèvis atansyone a? Petèt manm klas yo ta ka pataje eksperyans yo te fè lè yo te sèvi kòtakòt avèk jènfi yo. Baze sou diskisyon nou an, kisa nou santi nou enspire pou nou fè?

Imaj
Elder Dale G. Renlund

Dale G. Renlund, “Istwa Familyal ak travay tanp: Sèlman ak gerizon,” 46–49

Èldè Renlund te pale de vizyon Ezekyèl te fè sou yon tanp ki te gen dlo k t ap soti ladan l ( gade Ezekyèl 47:8–9). Petèt yon manm kowòm oubyen Sosyete Sekou a ta ka desine yon foto sou vizyon sa a sou tablo a. Nan ki fason benediksyon travay tanp ak istwa familyal travay tankou dlo a nan vizyon Ezekyèl la? Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo pataje benediksyon travay tanp ak istwa familyal yo te resevwa. Kisa nou ka fè pou nou fè istwa familyal ak travay tanp vin fè pati lavi nou regilyèman?

Imaj
Elder D. Todd Christofferson

D. Todd Christofferson, “Kowòm Ansyen yo,” 55–58

Nan kowòm ansyen an, nou ka envite manm kowòm yo pou yo li seksyon nan mesaj Èldè Christofferson nan ki rele “Objektif chanjman sa yo.” Kisa nou ka fè pou asire n ke nou akonpli objektif sa yo? Nan Sosyete Sekou, nou kapab mande yon moun pou fè rezime chanjman nan kowòm Prètriz Mèlkisedèk yo Èldè Christofferson dekri yo. Apresa, sè yo ta kapab idantifye prensip ki enplike nan chanjman sa yo ki kapab aplike nan travay Sosyete Sekou a. Nan kowòm ansyen an oubyen Sosyete Sekou, manm yo ta kapab diskite sou sa yo aprann nan istwa frè Goates la ak sou fason l aplike nan travay yo.

Imaj
Elder Ronald A. Rasband

Ronald A. Rasband, “Gade! Yon lame wayal,” 58–61

Petèt chante, koute, oubyen li pawòl kantik “Vois! cette armée royale” (Cantiques, no. 251) la ansanm ta ka enspire yon diskisyon sou mesaj Èldè Rasband nan. Nan ki fason kowòm prètriz yo ak Sosyete Sekou se tankou yon lame wayal? Manm yo ta ka chèche epi diskite sou “miltitid benediksyon” Èldè Rasbon mansyone k ap soti nan reyòganizasyon kowòm prètriz yo. Ki lòt benediksyon nou resevwa—oubyen nou espere resevwa—nan enplante chanjman sa yo? Kijan Sosyete Sekou yo ka pi totalman jwi benediksyon tankou “divèsite don” ak “fòmasyon”?

Imaj
President Henry B. Eyring

Henry B. Eyring, “Sèvis enspire,” 61–64

Prezidan Eyring pale sou de diskou nan reyinyon sentsèn osijè sèvis ki te enpresyone l. Petèt ou ka mande mwatye nan manm kowòm oubyen Sosyete Sekou yo pou yo pou repase pawòl ti gason 14 zan an te di yo epi lòt mwatye a pou repase istwa sou enstriktè ofwaye a. Pandan y ap li a, manm yo ta ka reflechi sou konsèy yo ta kapab bay yon jènjan oubyen yon jènfi ki fèk resevwa tach pou l sèvi yon moun. Kijan nou kapab “vin pi enspire ak pi charitab … nan sèvis nou”?

Imaj
President Dallin H. Oaks

Dallin H. Oaks, “Pouvwa Prètriz la,” 65–68

Pou kòmanse yon diskisyon, ou ta ka ekri tit kat seksyon yo nan mesaj Prezidan Oaks la sou tablo a. Apresa envite chak manm pou li yon seksyon an silans epi apresa ekri yon fraz ki rezime mesaj prensipal seksyon sa a sou tablo a. Apresa manm yo ta ka di kisa yo santi yo enspire pou yo fè akoz de sa yo li a. Kijan sèvis nou antanke detantè prètriz oubyen sè Sosyete Sekou ap amelyore lè nou aplike ansèyman ki nan mesaj Prezidan Oaks yo?

Imaj
President Russell M. Nelson

Russel M. Nelson, Nelson, “Sèvi avèk pouvwa ak otorite Bondye,” 68–75

Prezidan Nelson envite detantè prètriz yo pou yo “leve” epi itilize prètriz la pou beni pitit Pè Selès yo. Envite manm nan kowòm ak Sosyete Sekou yo pou yo chèche egzanp li bay epi diskite sou fason yo ka ede nou konprann kijan yo ka itilize prètriz la pou beni fanmi yo ak lòt moun. Ki eksperyans nou ka pataje lè nou beni pa pouvwa prètriz? Kijan nou ka ede lòt moun oubyen tèt nou gen lafwa pou itilize prètriz Bondye a pou “sèvi nan non li”?

Imaj
Sister Reyna I. Aburto

Reyna I. Aburto, “Avèk yon sèl akò,” 78–80

Mesaj Sè Aburto a bay opòtinite pou kowòm ak Sosyete Sekou nou yo evalye si n ap byen travay nan inite pou fè travay Senyè a. Pou ede manm yo fè sa, ou ta gen dwa montre yo foto bèl papiyon monak yo, vizit Senyè a te rann Nefit yo (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, 82, 83, 84), ak travay imanitè Legliz la (gade LDS.org). Manm yo ta ka sonde mesaj la pou dekouvri kijan Sè Aburto te itilize egzanp sa yo pou ansenye konsènan objektif ak benediksyon travay nan inite. Kisa nou ka fè pou n travay “ansanm”?

Imaj
President Henry B. Eyring

Henry B. Eyring, “Se pou Lespri l avèk nou,” 86–89

Pou ogmante dezi nou ak kapasite nou pou n resevwa Sentespri a, Prezidan Eyring pataje plizyè eksperyans pèsonèl epi l bay direksyon espesifik. Apre nou fin repase eksperyans li yo, ki souvni menmjan a sa a manm kowòm oubyen Sosyete Sekou yo ka pataje sou lè kote Sentespri a te touche kè yo oubyen te konfime yo laverite? Petèt manm yo ka fè yon lis sou tablo a ki gen gidans Prezidan Eyring pataje pou ede “ouvri kè nou pou n resevwa ministrasyon Lespri a.” Kijan sa ap ede nou nan lavi nou ak nan fanmi nou lè nou suiv direksyon l yo? nan kowòm nou ak nan Sosyete Sekou?

Imaj
President Dallin H. Oaks

Dallin H. Oaks, “Ti bagay senp yo,” 89–92

Mesaj Prezidan Oaks la gen metafò ki ansenye nou kijan bagay ki piti ak senp yo kapab gen gow efè puisan pou byen ak mal. Metafò sa yo enkli rasin pyebwa, yon ekip ramè, fil nan kòd, ak dlo k ap degoute. Manm yo ta ka li metafò sa yo epi diskite sou sa yo ansenye konsènan pouvwa ki genyen nan fè ti bagay senp yo san rete. Ki bagay piti ak senp ki mennen enfliyans Sentespri a nan lavi nou? Envite manm yo reflechi sou sa yo te santi yo dwe fè apre konsèy Prezidan Oaks la.

Imaj
President Russell M. Nelson

Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou,” 93–96

Nan mesaj li a, Prezidan Nelson mande nou pou nou ogmante “kapasite spirityèl nou pou n resevwa revelasyon.” Pou ede manm yo suiv direksyon li, ou ta ka ekri yon kesyon konsa sou tablou a: Poukisa nou bezwen revelasyon? Kijan nou ka ogmante kapasite nou pou n resevwa revelasyon—pèsonèlman ak lè nou chita ansanm an konsèy? Ki benediksyon Prezidan Nelson pwomèt nou si nou chèche revelasyon? Divize manm yo an gwoup, epi envite chak gwoup pou yo jwenn epi pataje repons pou youn nan kesyon yo.

Imaj
Elder Gerrit W. Gong

Gerrit W. Gong, “Kris, Senyè a, resisite jodia,” 97–98

Kisa manm kowòm oubyen Sosyete Sekou yo ka aprann nan mesaj Èldè Gong nan konsènan alyans nou yo ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a? Ou gen dwa envite manm yo pou yo fouye mesaj la, pou chèche benediksyon Sakrifis Ekspyatwa Sovè a ak alyans nou yo—mete ansanm—kapab ofri nou. Apresa panse pou w poze yo kesyon tankou kesyon sa yo sou sa yo jwenn: Kijan alyans nou yo ak Ekspyasyon an travay ansanm pou “ba nou pouvwa ak annobli” nou? Kisa yo ede nou kenbe epi kisa yo ede nou lage?

Imaj
Elder Ulisses Soares

Ulisses Soares, “Pwofèt yo pale pa pouvwa Sentespri a,” 98–99

Mesaj Èldè Soares la kapab enspire nou pou n aji ak lafwa lè nou santi nou pa alawotè nan fè volonte Senyè a. Kijan Èldè Soares te resevwa rekonfò ak asirans lè l te resevwa nouvo apèl li kòm yon Apot la? Kisa l te aprann nan eksperyans li te fè lè yo te aple l kòm prezidan misyon an? Kisa nou ka aprann nan eksperyans li yo? Bay manm yo tan pou yo pataje eksperyans kote yo konn santi yo pa si de yon bagay Senyè a te vle yo fè. Kisa yo te fè pou yo te jwenn lafwa pou yo te avanse?

Imaj
Elder Jeffrey R. Holland

Jeffrey R. Holland, “Rete avèk yo epi fòtifye yo,” 101–3

Pandan manm kowòm ak Sosyete Sekou yo t ap aprann konsènan chanjman nan “konsèp sèvis atansyone nan prètriz ak Sosyete Sekou a,” ki kesyon yo te genyen? Mesaj Èldè Holland nan kapab pote repons. Manm yo ta kapab chèche prensip levanjil Èldè Holland di ki se fondasyon chanjman sa yo. Ki envitasyon nou jwenn nan mesaj li a? Ki benediksyon yo pwomèt nou? Kijan nouvo fason sèvis sa yo ka ede nou vin “vrè disip Kris la”?

Imaj
Sister Jean B. Bingham

Jean B. Bingham, “Sèvi jan Sovè a te fè,” 104–7

Nan mesaj li a, Sè Bingham envite nou pou nou poze tèt nou kesyon ki ka gide efò nou pou n sèvi yo. Manm yo ta ka diskite kijan kesyon sa yo ta kapab gide efò yo epi apresa chèche repons pou kesyon sa a sè Bingham te poze a: “Konsa, ak kisa [sèvis atansyone] sanble?” Ou gen dwa pran tan pou repase kèk nan egzanp sè Bingham pataje sou moun k ap sèvi yo epi envite manm yo pou yo pataje pwòp egzanp pa yo. Kisa nou jwenn nan mesaj Sè Bingham nan ki ogmante konpreyansyon nou sou rezon k fè nou sèvi ak fason nou sèvi?

Imaj
Elder Dieter F. Uchtdorf

Dieter F. Uchtdorf, “Gade Mesye a!,” 107–10

Kijan nou t ap ede yon moun konprann ke sakrifis ekspyatwa a ak Rezireksyon Jezikri a se te evènman pi enpòtan nan istwa mond lan? Envite manm yo pou yo reflechi sou kesyon sa a pandan y ap li kèk pati nan mesaj Èldè Uchtdorf la. Kisa yo jwenn ki ap ede yo eksplike poukisa evenman sa yo si enpòtan pou yo? Apre diskisyon sa a, manm klas yo ta kapab pale sou kisa sa vle di pou yo “gade nonm nan.” Kijan nou aprann “gade nonm nan”?

Imaj
Elder Quentin L. Cook

Quentin L. Cook, “Prepare pou rankontre Bondye,” 114–17

Ou ta kapab envite yon manm pou l fè yon rezime sou retablisman kle prètriz yo nan Tanp Kirtland nan pou kòmanse diskisyon w lan sou mesaj Èldè Cook la. Selon mesaj Èldè Cook la, ki responsablite Legliz la genyen ki anrapò avèk kle sa yo? Kijan responsablite sa yo manifeste nan Legliz la jodi a? Ekri mo lajistis, inite, ak egalite yo sou tablo a, epi mande manm yo pou yo pataje ide yo jwenn konsènan chak nan prensip sa yo nan mesaj Èldè Cook la. Kijan prensip sa yo ka ede nou ranpli responsablite sakre Legliz yo?