Vini, Suiv Mwen
Poukisa nou gen reyinyon Kowòm Ansyen ak Sosyete Sekou?


Poukisa nou gen reyinyon Kowòm Ansyen ak Sosyete Sekou?

Nan dènye jou sa yo, Bondye te retabli prètriz la epi li òganize kowòm prètriz ak Sosyete Sekou pou ede akonpli travay sali l la. Poutèt sa, chak Dimanch lè nou reyini nan reyinyon kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo, nou diskite epi nou planifye kisa nou pral fè pou ede akonpli travay Bondye a. Pou yo ka efikas, reyinyon sa yo sipoze plis pase klas sèlman. Yo se opòtinite pou nou fè konsèy ansanm sou travay sali a, pou nou aprann ansanm nan ansèyman dirijan Legliz yo osijè travay sa a, ak pou nou planifye ak òganize nou pou n ka akonpli l tou.