Vini, Suiv Mwen
Reyinyon Katriyèm Dimanch yo


ReyinyonKatriyèm Dimanch yo

Nan katriyèm Dimanch chak mwa, kowòm ansyen yo ak Sosyete Sekou dwe diskite sou yon sijè Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo chwazi. Y ap mete sijè sa yo ajou apre chak konferans jeneral. Apati kounyeya jiska pwochen konferans jeneral la, sijè a se ap “Sèvi lòt moun.” Chak mwa, dirijan yo oubyen enstriktè yo ka chwazi pou yo dirije diskisyon sou nenpòt nan prensip sa yo ki anrapò avèk sèvis atansyone.

Kisa sa vle di pou nou sèvi?

Kisa sèvis atansyone vle di pou manm nan pawas oubyen branch nou yo? Pou w ka konnen, ou ta ka ekri Sèvis atansyone sou tablo a epi apresa envite manm yo pou ekri mo yo asosye avèk sèvis atansyone bò kote l. Manm yo ta kapab jwenn mo oubyen fraz nan ekriti tankou sa yo pou yo ajoute sou lis la : Matye 25:34–40; Lik 10:25–37; 2 Nefi 25:26; Mozya 18:8–9; 3 Nefi 18:25; ak Doktrin ak Alyans 81:5. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo konsènan sèvis? Ou gen dwa mande manm yo pou yo pataje egzanp sou sèvis yo te temwen. Kijan sèvis nou kapab ede nou ranpli bezwen spirityèl ak tanporèl moun? Kijan li ka ede moun vin pi pre Kris la?

Sovè a se egzanp pafè nou sou sèvis.

Pou yo aprann kijan pou yo sèvi efikasman, manm yo ta ka pataje istwa nan ekriti yo kote Sovè a te rann lòt moun sèvis— nou ka jwenn plizyè ekzanp nan Jan 4–6 ak Mak 2:1–12. Manm yo ta kapab pataje kisa ki enpresyone yo nan istwa sa yo ak ki prensip yo te aprann konsènan sèvis. Pa egzanp, kijan Sovè a te pèsonalize sèvis li te bay lòt moun? Kijan l te satisfè ni bezwen espirityèl ni tanporèl moun yo? Manm klas yo ta kapab pataje moman kote yo konn wè moun itilize prensip sa yo nan sèvis yo.

Sèvis motive pa lanmou kretyen.

Pou eksplore pouvwa sèvis atansyone ki motive pa lanmou kretyen, ou ta ka ekri fraz sa yo sou tablo a epi envite manm yo pou yo sigjere fason pou ranpli pati ki vid yo: Lè m vrèman renmen moun m ap sèvi yo, mwen . Lè m sèvi pou lòt rezon, mwen . Kisa nou ka fè pou n asire ke sèvis n ap rann lòt moun yo motive pa lanmou kretyen? Kijan nou devlope lanmou kretyen pou moun nou gen tach pou n sèvi yo? (gade Mowoni 7:45–48). Petèt manm yo ka pataje eksperyans sou sèvis ki te enspire pa lanmou kretyen.

Bondye vle pou nou veye sou tout pitit li yo epi pran swen yo.

Prezidan Russell M. Nelson te di, “Karakteristik prensipal vrè Legliz vivan Senyè a ap toujou yon efò òganize e dirije pou sèvi chak grenn pitit Bondye ak fanmi yo”(“Sèvi avèk Pouvwa ak Otorite Bondye,” Liahona, Me 2018, 69.). Kisa Prezidan Nelson di k se fason “òganize ak dirije” kote Legliz la ede nou pi byen pran swen moun yo? Poukisa efò sa yo se “karakteristik prensipal vrè Legliz vivan Senyè a”? Gade Mozya 18:21–22 ak Mowoni 6:4–6 pou kèk ide). Ki benedikson ki vin nan lavi nou oubyen nan lavi lòt moun gras ak moun ki rann sèvis nan apèl yo oubyen tach yo nan Legliz la?

Nanm yo genyen yon gwo valè nan je Bondye.

Eksperyans pitit gason Mozya yo montre nou ke fason nou wè moun ap afekte fason nou sèvi yo. Ou ta ka ekri sou tablo a Fason Nefit yo te wè Lamanit yo ak Fason pitit gason Mozya yo te wè Lamanit yo. Apresa envite manm yo pou gade nan Mozya 28:1–3 ak Alma 26:23–26 pou yo ka jwenn mo ak fraz pou ekri anba chak deklarasyon sa yo. Kisa konparezon sa a ansenye nou sou deklarasyon k di fason nou wè moun yo afekte fason nou sèvi yo a? Kijan nou ka aprann wè moun plis jan Bondye wè yo? (gade D&A 18:10–16).

Vrè sèvitè atansyone yo fokis sou bezwen lòt moun.

Pou ede manm yo pi byen konprann valè ki genyen nan konsantre sou bezwen lòt moun lè n ap sèvi, ou ka konpare sèvis atansyone a avèk bay ak resevwa kado. Èske nou janm resevwa yon kado siyifikan nan men yon moun ki te klèman konnen sa nou te bezwen oubyen sa nou te vle? Nan ki fason rann sèvis menmjan avèk bay yon bon kado? Panse pou w diskite sou istwa nan konferans jeneral ki pi resan an ki demontre kijan moun sèvi selon bezwen lòt moun (gade, paregzanp, Jean B. Bingham, “Sèvi jan Sovè a te sèvi,” Liahona, Me 2018). Manm yo ta ka pataje lòt istwa ki demontre prensip sa a tou.

Kijan nou ka aprann sa bezwen lòt moun yo ye? Envite chak manm pou yo fè yon lis sou kèk moun yo sèvi. Bò kote chak non yo ta ka ekri yon repons pou kesyon “Kisa moun sa a bezwen pou l vin pi pre Kris la?” Si sa aplikab, ankouraje manm yo pou yo enkli òdonans chak moun ka bezwen resevwa. Envite manm yo pou yo kontinye panse sou kesyon sa a epi chèche enspirasyon pou ede yo satisfè bezwen lòt moun.

Senyè a vle nou aksepte sèvis nan men lòt moun.

Èldè Robert D. Hales te di: “Plan levanjil la mande nou pou nou bay ak resevwa. … Anpil moun nan difikilte konn souvan di: ‘M ka fè l poukont mwen,’ … ‘M ka pran swen tèt mwen.’ Yo di ke pèsòn pa janm rich nan pwen pou l pa bezwen èd yon lòt moun, pèsòn pa janm pòv nan pwen pou l pa itil pwochen l nan yon fason kèlkonk. Dispozisyon pou mande èd lòt moun avèk konfyans, epi pou bay èd sa a avèk jantiyès ta dwe fè pati nati nou” (“Nou pa kapab fè l poukont nou,” Ensign, Nov. 1975, 91, 93). Poukisa nou pafwa ezite pou n aksepte èd nan men lòt moun? Kijan volonte nou pou aksepte èd beni moun k ap sèvi nou yo? Bay manm yo kèk moman pou yo reflechi sou fason yo kapab pi pare pou resevwa sèvis nan men lòt moun. Kisa 1 Korentyen 12:13–21 sigjere sou rezon k fè nou youn bezwen lòt?

Gen plizyè fason nou ka sèvi lòt moun.

Pou ede manm yo konsidere plizyè fason nou youn ka sèvi lòt, ou gen dwa envite yo pou yo repase mesaj Èldè Jeffrey R. Holland nan “Rete avèk yo epi fòtifye yo” a (Liahona, Me 2018, 101–3; gade “Prensip Sèvis Atansyone” tou nan revi Liahona ki gen pou vini yo). Ou gen dwa divize manm yo an ti gwoup piti, epi fè chak gwoup panse a plizyè senaryo kote yon moun ta ka bezwen èd. Apresa yo ka brase lide sou pakèt fason moun ka sèvi bezwen espirityèl ak bezwen tanporèl moun nan senaryo yo. Mande gwoup yo pou yo pataje ide yo epi reflechi sou si nenpòt nan ide yo diskite yo ka beni moun y ap sèvi yo.