2009
Aprann nan men Pwofèt Joseph
April 2009


Aprann nan men Pwofèt Joseph

Sue Barrett, Church Magazines

Youn nan sware familyal favori nou sete yon demonstrasyon sou istwa Joseph Smith la ak Premye Vizyon an. M te konn rakonte istwa a, apresa pititpitit mwen yo te konn fè demonstrasyon an, nan jwe wòl predikatè yo ak Joseph Smith. M te konn desinen kèk pyebwa an papye pou reprezante boskè a epi tepe yo sou mi nan kwen chanm nan, fè kèk postè ki te di “Predikatè” pou predikatè yo, epi gen yon chèz ak yon Bib pou “Joseph ” te ka etidye.

Chak nan predikatè yo te di Joseph, “Se legliz mwen an ki bon an. Joseph, vin nan legliz mwen an.” Epi Joseph te reponn, “M pa konnen,” oswa “M bezwen reflechi sou sa.” Apre tout predikatè yo te fin pale avèk li, Joseph te chita nan chèz la epi l te li Jak 1:5 byen fò. Apresa li te ale nan “boskè” a epi mete l ajenou pou l priye. Pèsonn moun pa t jwe wòl Pè Selès la oswa Jezikri, epi nou tout te rete reveran chak fwa “Joseph” te ale nan boskè a pou priye. Youn apre lòt, chak timoun te jwe wòl yon predikatè ak Joseph.

Apresa nou te pale sou sa Joseph Smith te aprann nan Premye Vizyon an, sou fason nou resevwa repons pou priyè nou yo malgre nou pa fè vizyon, ak sou fason ekriti yo kapab gide nou.