2009
Jezikri se Sovè mwen
April 2009


Peryòd echanj

Jezikri se Sovè mwen

“Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.

Anvan Papa nou ki nan Syèl la te voye nou sou tè a, li te chwazi Jezikri pou vin lidè nou ak Sovè nou. Ou te chwazi pou suiv Jezikri anvan w te pran nesans.

Lè Jezi te vin sou tè a, li te anseye levanjil li a epi l te etabli Legliz li a. Li te kenbe pwomès li pou l vin Sovè nou an. Li te soufri epi mouri epi resisite pou nou kapab resisite epi al viv ankò avèk Papa nou ki nan Syèl la ak fanmi nou.

Ekriti yo anseye nou sou anpil benediksyon ke Jezikri rann posib. Eske ou sonje istwa rèv Leyi a? Leyi te wè yon pyebwa. Pyebwa a reprezante lanmou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Sou pyebwa a te gen fwi ki t ap bay moun kè kontan an. Leyi te goute fwi a, epi li te ranpli avèk anpil lajwa. Leyi te vle tout fanmi li goute fwi a. (Gade 1 Nefi 8:10–12.)

Fwi pyebwa a reprezante benediksyon nou resevwa poutèt Jezikri ak Ekspyasyon l lan. Nou goute fwi a lè nou kwè nan Jezikri, lè nou batize epi n resevwa Sentespri a, ak lè nou viv levanjil la ak santi lanmou Sovè nou an.

Aktivite

Retire paj Z15 la, epi kole l sou yon papye solid. Fè kèk fant nan pyebwa a sou liy blan yo, epi retire fwi a. Pou chak fwi, chèche ekriti a, idantifye benediksyon Papa nou ki nan Syèl la ba nou an, epi ekri l sou liy nan. Mete etikèt fwi a nan fant lan sou pyebwa a.

Mowoni 6:8

Mozya 16:7–8

Jan 14:27

Ebre 12:2

2 Nefi 31:20

3 Nefi 19:21

Jan 8:12

Mowoni 8:17

3 Nefi 27:13

Mowoni 7:41

Ide pou peryòd echanj

  1. Nan lavi premòtèl la, mwen te chwazi suiv Jezikri. Mande timoun yo site kèk chwa yo te fè jodia (sa pou yo mete, sa pou yo manje, elatriye). Ekri repons yo sou tablo a. Eksplike ke Papa nou ki nan Syèl la la ba nou libabit, kapasite pou nou fè chwa. Anseye sou Konsèy nan Syèl la, lè Papa nou ki nan Syèl la te prezante plan l lan. Eksplike ke itilize libabit nou se yon pati enpòtan nan plan an. Ede timoun yo konprann ke Satan te vle chanje plan an epi retire kapasite n pou chwazi. Jezikri te vle suiv plan Papa nou ki nan Syèl la epi li te pote l volontè pou l vin Sovè nou. Fè timoun yo konprann ke yo te chwazi suiv Jezikri {gade Primè 6, leson 2). Ekri kesyon pou ede timoun yo repase sa yo te aprann. Mete kesyon yo nan yon resipyan. Chwazi yon timoun pou pran yon kesyon nan resipyan an epi reponn ni. Apresa fè timoun sa a chwazi yon moun pou pran yon kesyon epi reponn ni. Kontinye si gen tan pou fè sa. Rann temwayaj sou enpòtans pou kontinye suiv Jezikri.

  2. Fanmi m avèk mwen ap resisite. Alavans epi avèk apwobasyon evèk la oswa prezidan branch lan, envite yon manm ki te fè eksperyans lanmò yon moun ki chè pou li pou l rann temwayaj sou sa rezireksyon an vledi pou li. Mete foto ki nan Pake Imaj Levanjil yo anpile nan lòd nou bay la a avèk 227 la anlè: 227 (Jezi k ap priye nan Jetsemani), 228 (Trayizon Jezi a), 230 (Krisifiksyon an), 231 (Antèman Jezi), 233 (Mari ak Senyè resisite a), 234 (Jezi montre mak klou l yo), ak 316 (Jezi k ap anseye nan Emisfè Lwès la). Pandan pyanis la ap jwe, fè timoun yo pase yon ti wòch youn bay lòt. Di yo ke sa se yon senbòl wòch ki te woule pou ouvri tonm Kris la. Lè mizik la kanpe, fè timoun ki gen wòch la pran imaj anlè pil la epi pale sou li oswa chwazi yon moun pou ede l. Kontinye pou chak imaj, fè yon poze apre 234 la pou n li Lik 24:39 ansanm. Ede timoun yo konprann ke apre Jezi te resisite, Apot yo te ka touche men li menmjan timoun yo ka touche pwòp men pa yo a. Kontinye avèk rès imaj yo. Anseye ke gras avèk Ekspyasyon Jezikri a, tout moun ki te viv sou tè a ap resisite. Fè mou nou te envite a rann temwayaj li.

Ilistrasyon pa Brad Teare