2009
Retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la an sekirite
April 2009


Vin tande vwa yon pwofèt

Retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la an sekirite

Soti nan yon diskou konferans jeneral Avril 2007.

Prezidan Uchtdorf anseye ke gras avèk Ekspyasyon an, nou kapab repanti epi toujou genyen espwa.

Imaj
President Dieter F. Uchtdorf

Pwen retou an sekirite a

Pandan fòmasyon m pou m te vin yon kapitèn avyatè, m te aprann kijan pou m te pilote yon avyon sou long distans. Vwayaj sou gwo oseyan yo, ap travèse dezè men longè yo, epi relye kontinan yo mande bonjan planifikasyon pou asire ke n ap rive an sekirite nan destinasyon nou planifye a. Kèk nan vwayaj sanzarè sa yo ka dire jiska 14 èdtan epi kouvri prèske 9,000 mil (14,500 kilomèt).

Gen yon pwen desizyon enpòtan pandan kalite vòl long sa yo ki rele pwen retou an sekirite a. Rive nan pwen sa a avyon an gen ase gaz pou l vire tounen pou retounen an sekirite nan ayewopò l te dekole a. Si kapitèn nan depase pwen retou a, li pèdi ospyon sa a epi li oblije kontinye. Se poutèt sa yo toujou fè referans ak pwen sa a kòm pwen non retou.

Li pa janm twò ta

Satan vle nou panse ke lè nou peche nou depase yon “pwen non retou”—ke l twò ta pou nou chanje direksyon. Ekspyasyon Jezikri a se yon kado Bondye bay pitit li yo pou korije ak simonte konsekans peche yo. Kris te vini pou sove nou. Si nou te pran yon move direksyon, Ekspyasyon Jezikri a ka banou asirans ke peche se pa yon pwen non retou. Li posib pou n retounen an sekirite si nou suiv plan Bondye pou sali nou an.

Toujou gen espwa

Kèlkeswa kote nou twouve nou sou wout lavi a, kèlkeswa eprèv nou kapab ap afwonte, toujou gen yon pwen pou retounen an sekirite; toujou gen espwa. Ou se kapitèn lavi ou, epi Bondye prepare yon plan pou mennen w retounen an sekirite al jwenn ni, nan destinasyon divin ou.

Kado Ekspyasyon Jezikri a mete benediksyon repantans ak padon yo ala dispozisyon nou tout tan ak tout kote. Gras avèk kado sa a, opòtinite pou fè yon viraj san danje soti nan yon direksyon peche terib disponib pou nou tout. Bonè nan lavi sa a ak lajwa etènèl nan lavi k ap vini an ap rekonpans nou si nou chwazi pou n aksepte epi aplike kado sa a Papa nou ki nan Syèl la ba nou an.

Ilistrasyon pa Scott Greer