2009
Trè kontan pou aprann
April 2009


Trè kontan pou aprann

“Chèche konesans, menm nan etid epi avèk lafwa”( D&A 88:118).

Russell te depoze de kreyon l yo avèk kaye li nan valiz lekòl li avèk swen. Li te penyen tèt li epi l te tcheke pou asire ke rad li te byen bèl. Apre l te fin di manman l orevwa, li te kouri al nan arè bis la. Li te santi ke l t ap eklate si bis la pa t vini tousuit. Li te eksite pou l kòmanse lekòl pou lapremyè fwa.

Chak ane, Russell te konn gade gran frè l ak sè l yo ap mache al nan arè bis la, kote yo te konn monte bis la pou al lekòl. Li te konn anvi monte nan bis la avèk yo. Plis toujou, li te anvi aprann bagay yo tap aprann yo. Li te anvi aprann sou dinozò yo. Li te anvi konnen kijan tren fonksyone. Li te anvi aprann li. Li te santi ke l te pral renmen lekòl.

Pwofesè Russell la, Mis Wilson, te souri lè l t ap antre nan klas la. Li te montre Russell kote biwo l te ye. Li te montre l kote pou l kwoke valiz lekòl li.

Russell te panse, “Siman nou pral aprann sou dinozò yo dabò.”

Mis Wilson te di, “Byenveni nan lekòl la.” “Nou pral prezante tèt nou epi di yon bagay konsènan nou menm.”

Russell te fonse sousi li. Li te panse, “Oke, nou youn dwe konn lòt.” “Petèt nou pral aprann sou dinozò yo apresa.”

Lè sete tou pa Russell pou prezante tèt li, li te di, “Mwen se Russell.” Mwen trè kontan pou m aprann tout bagay—espesyalman sou tren ak dinozò.”

Mis Wilson te di, “Sa anfòm, Russell.” Russell te souri. Li te sèten yo tapral aprann sou tren ak dinozò byen vit.

Men sa pa t fèt. Yo te manje yon tigoute epi yo te jwe avèk blòk ki gen fòm sèk, triyang, ak kare.

“Mis Wilson, kilè nou pral aprann sou dinozò ak tren?” Russell te mande.

Li te di, “Se poko kounyeya, Russell.” “Kounyeya se moman pou nou li istwa.”

“Eske se sou dinozò?”

“Non, Russell.”

Apre istwa a yo te aprann alfabè a. Apresa sete lè pou yo t ale lakay.

Russell te fache.

Min ni te byen mare ap gade nan vit la nan bis la. Li te kouri soti nan arè bis la epi l te antre ak fraka nan pòt devan an. Li te kouri antre nan chanm ni epi l te foure tèt li anba yon dra.

Manman l te antre epi l te mete men li sou tèt Russell. “Kijan premye jou a te ye?” Li te mande.

“Terib. M pa p janm aprann anyen, e m pa p retounen. Tout sa nou te fè jodia sete jwe avèk blòk epi li istwa.”

Manman l te di, “Oke, Russell, se sèlman premye jou ou.”

Russell te chita epi l te gade manman l. “Mwen vle aprann sou tren ak dinozò epi m vle li—kounyeya.”

Manman l te chita bò kote Russell sou kabann nan. “Ou pa ka aprann tout bagay alafwa. Sa pran tan pou aprann. E plis ou aparann kounyeya, se plis ou pral kapab aprann pita.”

“Kisa w vledi?” Russell te mande

“Oke, ou bezwen aprann alfabè a anvan ou ka aprann li. Li te di, Epi ou bezwen aprann li anvan ou ka li sou bagay ki enterese w yo.”

Russell te reflechi sou sa. Petèt te gen lòt bagay pou aprann alaplas dinozò ak tren. Li te di, “Oke, m panse m pral eseye lekòl ankò demen.”

Manman l te souri.

“Men, manman, èske w panse nou ka jwenn yon liv nan bibliyotèk la sou dinozò?”

“Definitivman m panse nou kapab jwenn sa.”

Ilistrasyon pa Jim Madsen