2009
Li resisite
April 2009


Li resisite

Apre Rezirèksyon Sovè a, Senyè a te sèvi anpil moun nan Tè Sent la (gade paj 8–11) ak nan peyi Amerik yo (gade paj 12–13). Anpil moun nan ansyen tan yo te rann temwayaj sou Kris vivan an jan Pwofèt Joseph Smith te fè a nan tan modèn yo: “Epi kounyeya, apre tout kantite temwayaj ki te rann konsènan li, sa a se temwayaj la, dènye nan tout, nou fè konsènan li pou fè konnen: Li vivan!” (D&A 76:22).

Imaj
He Is Risen

Anwo: Li resisite, pa Del Parson

Chèf prèt yo ansanm ak direktè lalwa yo “ap lage [Kris la] bay Janti yo pou yo pase l nan rizib, pou yo bat li ak kout fwèt, pou yo kloure l sou yon kwa. Men sou twa jou l ap leve soti vivan nan lanmò” (Matye 20:19).

Imaj
He Is Not Here

Adwat: Li pa isit la, pa Walter Rane

“Li pa isit la; paske li resisite” (Matye 28:6).

Imaj
As It Began to Dawn

Anwo: Lè l te kòmanse fè jou, pa Elspeth Young

“Lè jou repo a te fin pase, dimanch maten byen bonè, Mari, moun lavil Magdala a, ak lòt Mari a t al vizite kavo a” (Matye 28:1).

Imaj
Easter Morning

Anwo: Maten Pak, pa William F. Whitaker Jr.

“Jezi di li: Mari. Mari vire bò kot Jezi, li di l an lang ebre, Rabouni; sa vle di: Mèt” (Jan 20:16).

Imaj
The Three Marys at the Tomb

Anba: Twa Mari yo bò tonm nan, pa William-Adolphe Bouguereau

“Yo te wè yon jenn gason chita sou bò dwat la, li te gen yon wòb tou blan sou li. Yo te sezi, yo te pè” (Mak 16:5).

Imaj
The Garden Tomb

Anwo: Tonm nan Jaden an, pa Linda Curley Christensen

“Yon zanj Bondye desann soti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li” (Matye 28:2).

Imaj
The Disciples Peter and John Running to the Sepulchre

Adwat: Disip Pyè ak Jan k ap kouri ale nan kavo a jou maten Rezirèksyon an, pa Dan Burr

“Pyè pati ansanm ak lòt disip la. …

“Yo t ap kouri ansanm, men lòt disip la te pi rapid pase Pyè. Li te rive bò kavo a anvan li” (Jan 20:3–4).

Imaj
The Doubtful Thomas

Anwo: Toma, Enkredil la, pa Carl Heinrich Bloch

Kris te di Toma: “Mete dwèt ou isit la. Men. Gade menm yo; … epi wete dout nan kè ou. Kwè, tande” (Jan 20:27).

Imaj
The Resurrected Christ in Galilee

Adwat: Kris resisite a nan Galile, pa Gary Smith

“Jezi pwoche bò kote yo epi li di yo [onz disip yo] konsa, …

“Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon”(Matye 28:18–19).

Imaj
Feed My Sheep

Anwo: Pran swen mouton m yo, pa Kamille Corry

“Simon, pitit Jonas, èske w renmen mwen? Li reponn: wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen mouton m yo”(Jan 21:16).

Imaj
Christ on the Road to Emmaus

Anba a: Kris sou wout Emayis la, pa Greg Olsen

“Yo kenbe l, yo di li: Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Epi li antre pou l rete ak yo” (Lik 24:29).

Imaj
The Ascension of Jesus

Adwat: Asansyon Jezi, pa Harry Anderson

“Epi pandan l ap beni yo konsa, li separe avèk yo, li monte nan syèl la” (Lik 24:51).

Imaj
Christ Appearing in the Western Hemisphere

Anba: Aparisyon Kris nan Emisfè Lwès la, pa Arnold Friberg

“Epi, sete konsa, kòm yo te konprann, yo te voye je yo anlè a nan direksyon syèl la; epi gade, yo te wè yon nonm ki t ap desann sòti nan syèl” (3 Nefi 11:8).

Imaj
Samuel the Lamanite Prophesies

Anwo: Samyèl Lamanit la pwofetize, pa Arnold Friberg

Nefit sa yo ki pa t kwè yo “te voye wòch dèyè l sou kloti a, epi tou anpil moun te tire flèch sou li” (Elaman 16:2).

Imaj
Christ in the Land Bountiful

Adwat: Kris la nan peyi Abondans lan, pa Simon Dewey

“Foul la te avanse, … epi yo te touche mak klou yo nan men l … epi yo te rann temwayaj, ke li sete [Kris la]” (3 Nefi 11:15).

Imaj
Bring Forth the Record

Agoch: Pwodui anal yo, pa Robert T. Barrett

“Wi, Senyè, Samyèl, [Lamanit la], te pwofetize jan w di a, e tout pwofesi yo te akonpli.

“Epi Jezi te di yo: Kouman fè w pa t ekri bagay sa a?” (3 Nefi 23:10–11).

Imaj
Christ and the Book of Mormon Children

Anba: Kris la ak timoun Liv Mòmon yo, pa Del Parson

“[Kris la] te kriye avèk dlo nan je, e foul la te rann temwayaj konsènan sa, e li te pran timoun piti yo youn apre lòt, li te beni yo” (3 Nefi 17:21).

Imaj
Christ Praying with the Nephites

Agoch: Kris la ap priye avèk Nefit yo, pa Ted Henninger

“Epi okenn moun pa kapab imajine lajwa ki te ranpli nanm nou lè nou te tande l ap priye Papa a pou nou” (3 Nefi 17:17).

Imaj
Jesus Christ Visits the Americas

Anba: Jezikri vizite peyi Amerik yo, pa John Scott

“Epi [Nefit yo] te tonbe nan pye Jezi e yo te adore l” (3 Nefi 11:17).

Nan fon an © Dover Publications Inc.