2009
Kòmantè
April 2009


Kòmantè

Ede amelyore

Mwen rekonesan paske m gen Lyawona a nan lavi mwen. Fanmi m avèk mwen nou itilize Lyawona a nan leson pou sware familyal ak pou ede envestigatè yo aprann plis osijè legliz la. Prensipalman, Lyawona a ede m amelyore tèt mwen. Atravè atik yo mwen santi yon gwo dezi pou m fè pi byen, epi m fikse bi anrapò avèk ansèyman yo bay nan atik yo. Mwen renmen levanjil retabli Jezikri a ak opòtinite li ba nou pou nou amelyore chak jou a.

Graziele Luiza Ramos de Freitas, Brezil

Lekti espirityèl

Lyawona a se yon gwo benediksyon, e mwen gen anpil lajwa lè m ap li li. Pafwa m fè kado yon Lyawona pou lòt moun kapab fè yon eksperyans espiritèl lè y ap li li. Mwen reyèlman renmen diskou Prezidan Thomas S. Monson nan ki rele ‟Twa pon” an ki nan revi Avril 2008 la pou timoun yo. Tout sa li di nou yo esansyèl pou nou kapab santi lapè espirityèl epi pou n kapab viv annakò avèk kòmandman Senyè a bay yo. Lyawona se lekti espirityèl, mèveye.

Eleanor Grimaldi, Repiblik Dominikèn