Konferans Jeneral
Repantans ou pa yon Fado pou Jezikri; Li Eklere Lajwa Li
Konferans jeneral Avril 2025


11:44

Repantans ou pa yon Fado pou Jezikri; Li Eklere Lajwa Li

Envitasyon pou nou repanti a se yon ekspresyon lanmou Bondye. Lè nou di wi a envitasyon an se ekspresyon lanmou pa nou.

Sa gen kèk ane, nan yon vwayaj an Florid, mwen te chita deyò ap li yon liv. Tit liv la te sijere ke nou toujou kapab atenn syèl la, menmsi nou pa pafè kounyea. Yon fi ki t ap pase te mande m, “Èske w panse sa posib?”

M te leve tèt mwen, ak konfizyon, epi m te reyalize ke li t ap pale de liv mwen t ap li a. Mwen te di yon bagay san sans tankou, “A, m poko li anpil ladan, men m ap fè w konnen lè l fini.”

O, ala m swete m te ka retounen dèyè! M t ap di li, “Wi, li posib! Paske syèl la se pa pou moun ki pafè; se pou moun ki jwenn padon, ki chwazi Kris la ankò epi ankò.”

Jodia, mwen vle pale avèk moun ki dèfwa santi, “Repantans ak padon sanble yo mache pou tout moun sof mwen.” Moun ki an prive ap panse, “Kòm mwen kontinye fè menm erè yo, petèt sa se konsa m ye.” Moun ki, tankou m, gen jou kote chemen alyans la sanble l sitèlman rèd, se kòmsi n ap monte yon mòn alyans!

Yon bon misyonè nan Ostrali, Èldè QaQa ki sot Fiji, te pataje yon santiman konsa nan temwayaj li anvan l te pati: “M konnen Bondye renmem m, men dèfwa m poze tèt mwen kesyon, èske Bondye konnen mwen renmen L?‘ Paske m pa pafè, epi mwen toujou ap fè erè.”

Nan sèl kesyon touchan ak twoublan sa a, Èldè QaQa te rezime egzakteman sa ki souvan enkyete m yo. Petèt w ap poze tèt ou kesyon an tou, w ap panse, “M ap fè gwo efò, men èske Bondye konnen m ap eseye tout bon? Lè m kontinye echwe, èske Bondye konnen mwen toujou renmen Li?”

Mwen tris pou m admèt sa, men mwen te konn mezire relasyon m avèk Sovè a dapre si m t ap viv lavi m pafètman. M te panse ke yon lavi obeyisan te vledi mwen pa t ap janm bezwen repanti. Epi lè m te fè yon erè, sa ki te rive chak jou, mwen te pran distans avèk Bondye, m te panse, “Li dwe tèlman desi de mwen.”

Sa senpleman pa vre.

Mwen aprann ke si n ap ret tann pou lè nou pwòp ase oubyen lè nou pafè ase pou nou al jwenn Sovè a, nou rate objektif la nèt!

E si nou ta panse a kòmandman yo ak obeyisans nan yon lòt fason?

Mwen temwaye ke menmsi Bondye sousye de erè nou yo, Li plis sousye pou sa ki rive apre yon erè. Èske n ap kontinye vire al jwenn Li ankò e ankò? Èske n ap kontinye rete nan relasyon alyans sa a?

Petèt ou tande pawòl Bondye yo “Si [nou] renmen m, kenbe kòmandman m yo” epi ou santi w dekouraje paske w pa rive kenbe tout kòmandman yo. Kite m raple w ke repantans se yon kòmandman tou! Anfèt, li gendwa se youn nan kòmandman ki pi repete nan ekriti yo.

Nan monològ Alma a, “O, si m te yon zanj, m ta kapab fè sa ki nan kè m … rele repantans,” li pa t ap eseye pwente sou fòt nou yo pou fè nou wont. Li te vle rele repantans pou ou menm avè m ta kapab evite soufrans nan mond lan. Youn nan rezon Alma te rayi peche se paske li se lakòz lapenn pou nou.

Dèfwa mwen dwe sonje, kòm yon ti nòt rapèl kole sou fwon mwen, ke kòmandman yo se chemen ki elwanye nou de doulè. Epi repantans fè sa tou. Pwofèt nou a te di, “Sovè a toujou renmen nou, men espesyalman lè nou repanti.”

Konsa, lè Senyè a di, “O, repanti, repanti,” e si w ta imajine ke L ap di, “Mwen renmen ou. Mwen renmen ou.” Vizyalize Li, k ap sipliye w pou w kite konpòtman k ap koze w lapenn nan, k ap envite w pou w soti nan fènwa epi vire al jwenn limyè Li.

Nan pawas pitit fi m nan, Carly, yon nouvo prèt te mete ajenou pou l t beni sentsèn nan, epi olye pou l te di, “pou yo kapab fè sa nan memwa san Pitit Gason w lan,” ” li te di pa erè, “pou yo kapab fè sa nan memwa amou Pitit Gason w lan.” Dlo te ranpli je Carly pandan verite nan mo sa yo te ankre nan li.

Sovè nou an te aksepte soufri doulè Ekspyasyon Li a paske Li renmen nou. Anfèt, nou se “lajwa ki te rezève pou li a” pandan Li t ap soufri a.

Envitasyon pou nou repanti a se yon ekspresyon lanmou Bondye.

Lè nou di wi a envitasyon an se ekspresyon lanmou pa nou.

Imajine imaj prefere ou de Kris la. Kounyea imajine Limenm k ap souri briyaman ak lajwa chak fwa ou chwazi itilize kado L la, paske Li se yon “esperans pafètman klè.”

Wi, repantans ou se pa yon fado pou Jezikri; Li eklere lajwa Li!

Ann anseye sa!

Paske repantans se pi bon nouvèl nou genyen!

Nou pa rete sou chemen alyans lan paske nou pa janm fè okenn erè. Nou rete sou chemen an nan repanti chak jou.

Epi lè n ap repanti, Bondye padone nou san li pa fè nou wont, san konpare nou avèk lòt moun, oubyen reprimande nou paske se pou menm bagay nou te fè semèn pase a n ap repanti.

Li kontan chak fwa Li wè nou sou jenou nou. Li rejwi nan padone nou paske se yon delis nou ye pou Li!

Èske nou pa santi sa se verite?

Ebyen poukisa li tèlman difisil pou nou kwè?!

Satan, gran akizatè ak twonpè a, itilize lawont pou L kenbe nou lwen Bondye. Lawont se yon fènwa si tèlman lou ke si nou ta retire li sou kò nou, li t ap gen yon vrè pwa reyèl.

Lawont se vwa a ki frape w, avèk pawòl tankou, “Kisa w t ap panse?” “Èske w janm reyisi fè yon bon bagay byen?”

Lawont pa di nou ke nou yon erè; men li di nou ke nou se erè nou yo. Ou gendwa menm tande, “Al kache.” Advèsè a fè tout sa ki nan pouvwa li pou l kenbe loudè sa a anndan nou, k ap di nou pri a twò elve, ke li ta pi fasil si sa nou ta rete nan fènwa, pou retire tout lespwa.

Satan se volè lespwa.

E nou bezwen tande sa, konsa, m ap di pawòl sa yo byen fò: Ou pa vwa ki nan tèt ou a ni erè w fè yo. Ou petèt bezwen di sa byen fò tou. Di Satan, “Pa jodia.” Wete kò li sou ou.

Santi atirans sa a, tristès selon bondye ki fè nou vire al jwenn Sovè a, epi gade lagras Li antre nan lavi ou ak lavi moun ou renmen yo. Mwen pwomèt ke nan moman nou pote yon kè kontri kourajezman ba Li, L ap imedyatman prezan tou.

Si w te wè yon moun k ap nwaye, èske ou pa ta lonje menm w pou w sove li? Èske w kapab imajine Sovè w la k ap rejte men w lè w lonje l ba Li? Mwen imajine Li k ap plonje nan dlo a, pou L desann pi ba pase tout bagay pou leve nou anwo pou nou ka pran yon souf! Pa gen moun ki kapab desann pi ba pase kote limyè Kris la briye.

Sovè a toujou briye pi plis pase fènwa lawont. Li pa p janm atake valè nou. Se poutèt sa, gade byen.

  • Imajine ke men sa a represante valè.

  • Men sa a reprezante obeyisans. Petèt ou te leve maten an, ou te fè yon priyè siyifikatif, epi ou te sonde ekriti yo pou w te tande vwa Bondye. Ou pran bon desizyon epi w ap trete moun ki bò kote w avèk yon lespri kretyen. W ap koute konferans jeneral! Obeyisans ou a la a!

  • Oubyen petèt bagay yo pa tèlman mache byen. Ou te gen difikilte resaman pou w fè ti bagay senp yo pou w konekte avèk syèl la. Ou te pran kèk desizyon ou pa tèlman fyè de yo.

  • Ki kote valè w ye? Èske men sa a te janm bouje?

Valè nou pa lye avèk obeyisans. Valè nou rete konstan; li pa janm chanje. Se Bondye ki te ba nou li, epi pa gen anyen oumenm ni pèsonn lòt moun ka fè pou chanje sa. Obeyisans pote benediksyon; se vre. Men valè nou pa youn ladan yo. Valè ou toujou “gran nan je Bondye,” kèlkeswa kote desizyon w yo mennen ou.

Lè m fè erè, mwen vle rete nan yon relasyon alyans avèk Kris la, e m ap di nou poukisa.

Mwen te grandi ap pran leson plonje epi mwen te aprann ke lè jij yo ap jije yon plonje, se egzekisyon an y ap gade. Èske m te antre nan dlo a pafètman vètikal, avèk zòtèy mwen yo dwat san gaye anpil dlo? Apresa yo fè yon bagay ki ekstraòdinè. Yo konsidere degre difikilte a.

Tout moun ap plonje selon degre difikilte pa yo. Sovè nou an se sèl moun ki vrèman konnen a ki degre difikilte n ap plonje. Mwen vle yon relasyon avèk sèl moun ki konprann mwen an, ki konnen kè mwen ak kijan m ap travay di!

Li konnen gouf tenèb yo ap desann sou nou tout vwayajè yo, ke vwayaj nou an ap pase bò kote rivyè dlo sal la—konsa menm si n ap kenbe bafè a, n ap mouye kanmenm.

Vin jwenn Kris la vledi, “Èske w ap ede m?” avèk lespwa, yon revelasyon asire ke bra Li toujou louvri ap tann nou. Mwen kwè ke nouvo vizyon sa a sou repantans lan vledi menmsi nou pokoobeyi pafètman, nou eseye yon obeyisans plen afeksyon kounyea, nou chwazi rete, ankò epi ankò, paske nou renmen Li.

Sonje pèp Wa Benjamen an, ki pa t gen dispozisyon pou yo fè mal ankò men pou yo fè byen nètalkole a? Èske w panse ke yo te ranmase tant yo, al lakay yo, epi yo pa t janm fè yon erè ankò? Natirèlman non! Diferans la sèke yo pa t vle kontinye peche. Yo te obeyi pa afeksyon! Kè yo te tounen ak tounen sou Bondye pandan yo t ap lite!

Yon fwa, sou yon plaj, mwen te wè yon zwazo ki t ap vole nan van an, li t ap bat zèl li si tèlman fò, prèske avèk vyolans, men li te rete nan menm plas la. Apresa mwen te remake yon lòt zwazo, ki te pi wo. Li te pran nan yon kouran van epi li t ap flote fasilman, san van an pa t deranje l. Sa se diferans ant eseye fè tout bagay poukont nou ak vire jwenn Sovè a, kite Li leve nou, avèk “gerizon nan zèl li.”

Antanke dirijan misyon nan Ostrali, nan dènye vizit nou avèk chak misyonè, nou te pale sou 3 Nefi 17, kote moun yo te pre Sovè a epi yo te ka tande Li ap priye pou yo. Nou te mande, “Si w te ka tande Sovè a k ap priye pou ou, kisa w panse Li t ap di?”

Tande repons yo sete youn nan pi gwo eksperyans spirityèl lavi mwen. Chak misyonè sa yo te pran yon poz, epi dlo te ranpli je yo pandan nou te raple yo, “Sovè w la konnen degre difikilte w ap rankontre. Li te santi li!”

Men sa misyonè sa yo te trankilman ak jantiman pataje: Yon sè te di, “Jezi ta di Papa a, ‘L ap fè tout sa l kapab. Mwen konnen jan l ap eseye.‘” Yon èldè te di, “Avèk tout sa ki te rive l nan lavi l, mwen vreman fyè de li.”

An eseye sa. Aswè a, anvan w priye, imajine Jezikri tou pre w. Li se Avoka ou devan Papa a. Mande tèt ou: “Kisa Sovè m nan ta di Papa a de mwen?”

Epi apresa rete an silans.

Koute pou w tande vwa ki di bon bagay de ou a—vwa Sovè a, pi bon zanmi w, ak Papa nou ki nan Syèl la, ki vrèman la pou ou. Sonje, lanmou Yo ak valè ou toujou gran, kèlkeswa sitiyasyon an!

Mwen rann temwayaj mwen ke Jezikri bay tout moun ki chita nan fènwa limyè. Konsa, nan jou kote w santi vwa sa a k ap di w pou w kache a, ke w ta dwe kache nan yon chanm fènwa poukont ou a, mwen envite w pou w ranmase kouraj ou epi kwè nan Kris la! Mache ale epi limen Limyè a—Esperans Pafètman Klè nou an.

Plonje nan limyè Li, w ap wè moun ki antoure ou ki te konn santi yo poukont yo tou, men kounyea, avèk limyè a limen, ni ou ni yo ap mande, “Poukisa nou te pè nan fènwa a konsa? E poukisa nou te rete ladan pou tout tan sa a?

“Se pou Senyè Limyè a anvlope ou nan bra Li epi konsole w ak renmen ou kontinyèlman.” Se pou nou renmen Li epi chwazi Li ankò e ankò. Nan non Jezikri, amèn.