Konferans Jeneral
Rapò Depatman Odit Legliz la, 2024
Konferans jeneral Avril 2025


1:44

Rapò Depatman Odit Legliz la, 2024

Pou Premye Prezidans Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo

Chè Frè m yo: Dirije pa revelasyon, jan sa anrejistre nan seksyon 120 Doktrin ak Alyans yo, Konsèy pou Dispozisyon Dim yo—ki konpoze pa Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, ak Episkopa Prezidan an—otorize depans yo nan fon Legliz la. Antite yo nan Legliz la debouse fon yo an konfòmite avèk bidjè ki apwouve yo, règleman yo, ak pwosedi yo.

Depatman Odit Legliz la, ki konpoze pa pwofesyonèl sètifye epi ki endepandan de tout lòt depatman ak antite nan Legliz la, gen responsabilite odit yo nan bi pou bay asirans rezonab konsènan kontribisyon ki te resevwa yo, depans ki te fèt yo, ak pwoteksyon byen Legliz la.

Baze sou odit ki te fèt yo, Depatman Odit Legliz la estime ke, nan tout aspè enpòtan yo, kontribisyon yo te resevwa yo, depans ki te fèt yo, ak byen Legliz la pou ane 2024 la te anrejistre ak administre an konfòmite avèk bidjè, pratik kontabilite, ak règleman Legliz la apwouve. Legliz la aplike konsèy li anseye manm li yo sou viv selon yon bidjè, evite dèt, epi fè ekonomi pou tan bezwen yo.

Soumèt avèk respè,

Depatman Odit Legliz la

Jared B. Larson

Dirèktè Administratif