Konferans Jeneral
Cheri Lavi
Konferans jeneral Avril 2025


14:10

Cheri Lavi

Lavi se pati ki pi presye nan plan pafè Papa nou an, epi selon dekrè Li, nou cheri ak prezève lavi.

Sovè nou an, Jezikri, te anseye nou, “Si nou youn renmen lòt, lèsa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.”

Yon evèk nan Utah resaman te pataje avèk mwen yon abondans lanmou nan pawas li pou yon jènfi ak fanmi li. Atravè yon seri bèl evènman, paran yo te detèmine pou yo te retounen vin jwenn Sovè a ak Legliz Li a. Pandan tan yo te pran distans avèk Legliz la, jènfi tinedjè yo a te enplike nan yon relasyon avèk yon jèn gason. Lè l te retounen, pitit fi presye sa a te santi gwo lanmou Papa li ki nan Syèl la pandan yon reyinyon temwayaj Jènfi yo. Li te detèmine pou l te viv kòmandman yo pi konplètman. Li te ekri, “Mwen te kòmanse pwosesis repantans la avèk evèk mwen.”

Tousuit apre, li te vin malad. Nan mo pa li: “[Yon] tès te montre … ke mwen te ansent. Mwen … te kòmanse kriye. … Papa m te vlope m nan bra li epi l te asire m ke tout bagay [ta] pral OK. … Mennaj mwen an … te mande pou m elimine bebe a. … Mwen te refize.”

Pran Swen Moun ki nan Bezwen

Li te kontinye: “Mwen te resevwa sitèlman lanmou ak sipò nan men manm nan pawas nou an. Sa te fòmidab. Evèk [mwen] ak prezidant Jènfi a te fè plis pase m te atann pou te montre m lanmou ak sipò yo. … Mwen te wè men Senyè a … k ap gide m ak fanmi m. … Yon pawas tankou pa m nan se fanmi chak moun bezwen an, espesyalman yon jènfi nan pozisyon mwen.”

Limenm ak fanmi li, ak manm yo nan pawas li a, te akeyi avèk lanmou ti bebe gason l lan an Fevriye ki sot pase a.

Senyè a, Jezikri

Prezidan Russell M. Nelson te di, “Karakteristik prensipal vrè Legliz vivan Senyè a ap toujou yon efò òganize … pou sèvi chak grenn pitit Bondye ak fanmi yo … [sèvis avèk byenveyans] pou chak moun, jan L te fè a.”

Ede Chwa Jis yo

Lè yon fi selibatè dekouvri ke li ansent yon bebe li pa t ap atann, pwoblèm sante, touman espirityèl, anbarasman, enkyetid finansye, kesyon sou etid, ensètitid sou maryaj, ak tristès pou rèv ki detwi kapab, nan yon moman doulè ak konfizyon, mennen yon fi sanse pran desizyon ki pral pote doulè ak regrè pwofon.

Pou nenpòt moun k ap tande ki te fè eksperyans doulè ak regrè pwofon nan fè oswa patisipe nan yon avòtman, tanpri sonje: “Malgre nou pa kapab chanje lepase, Bondye ka geri lepase.” Padon ka vini atravè mirak gras ekspyatwa Li a lè w retounen vin jwenn Li avèk yon kè repantan ak enb.

Gen de mo ki souvan atache avèk sentete nesans nan mòtalite a: lavi ak chwa. Lavi se pati ki pi presye nan plan pafè Papa nou an, epi selon dekrè Li nou cheri ak prezève lavi; epi nou chwazi pou lavi kontinye apati konsepsyon li. Nou cheri don pou chwazi a, libabit moral la tou—ki ede ranfòse chwa jis Bondye apwouve yo ki pote bonè etènèl.

Lè yon fi ak yon gason nan yon moman frajil konsa, devan yon chwa difisil, pawòl nou, men nou, ak kè nou—spirityèlman, emosyonèlman, e finansyèman—kapab beni yo pou yo santi lanmou Sovè a epi, jan Prezidan Henry B. Eyring te di a, pote yon ajisteman pou klere je spirityèl yo, sa ki ka fè yo soti nan “sa yo panse yo wè” rive nan “sa yo poko ka wè.”

Doktrin Lavi Mòtèl la

Prezidan Dallin H. Oaks te di: “Atitid nou anvè avòtman pa baze sou konesans ki revele sou kilè lavi mòtèl la kòmanse. … Li etabli selon konesans nou ke … tout pitit espri Bondye yo dwe vini sou tè sa a pou yon objektif gloriye, epi idantite yon moun kòmanse lontan avan konsepsyon li epi li ap kontinye pandan tout etènite k ap vini yo.”

Pawòl Senyè a konsènan anbriyon an, ke L bay atravè vwa Premye Prezidans la ak Kolèj Douz Apot yo, pa janm chanje epi li reflete pawòl pwofèt yo atravè syèk yo, pou pote klète divin sou sa Senyè a mande nou.

“Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo kwè nan sentete lavi imèn. Se poutèt sa, Legliz la kont avòtman moun pratike pou konvnans pèsonèl oswa sosyal, epi li konseye manm li yo pou yo pa soumèt, ni fè, ni ankouraje, ni peye, ni fè aranjman pou avòtman sa yo.

“[Senyè] a otorize kèk eksepsyon ki posib … lè:

  • “Gwosès ki se rezilta vyòl oswa ensès, oubyen

  • Yon medsen konpetan detèmine ke lavi oswa sante manman an danje grav, oubyen

  • Yon doktè konpetan detèmine ke fetis la gen malfòmasyon grav ki pa p pèmèt tibebe a siviv apre nesans li.”

Premye Prezidans la kontinye: “Avòtman se yon zafè ki serye anpil. [Menm nan sitiyasyon ra sa yo] nou ta dwe konsidere l sèlman apre moun ki responsab yo fin resevwa konfimasyon atravè lapriyè” epi yo konsilte lòt moun.

Sa gen trant ane, pwofèt Senyè a te pibliye yon pwoklamasyon pou mond lan. Li enkli pawòl sa yo:

“Nou … deklare ke Bondye kòmande pou pouvwa sakre pwokreyasyon yo dwe itilize sèlman ant gason ak fi ki marye legalman kòm mari ak madanm.

“Nou deklare mwayen pou kreye lavi mòtèl sou latè a se yon bagay Bondye tabli. Nou afime ke lavi a sakre epi li enpòtan nan plan etènèl Bondye a.”

Antretni ak pwoteje lavi yon èt vivan nan vant se pa yon pozisyon politik. Se yon lwa moral ke Senyè a konfirme atravè pwofèt Li yo.

Pale Pi Klèman

Yon deklarasyon Prezidan J. Reuben Clark Jr., ki te sèvi nan Premye Prezidans la mayifikman dekri jèn nou yo jodia: “Jèn yo nan Legliz la swaf pou bagay Lespri yo; yo gen anpil dezi pou aprann levanjil la, epi yo vle l dwat, san melanj. Yo vle aprann konsènan … kwayans nou; yo vle akeri temwayaj sou laverite [a]. Yo se … moun k ap ankete, k ap chèche jwenn laverite.” An nou pale pi souvan avèk lafwa ak konpasyon avèk jèn nou yo nan fwaye nou yo, epi youn ak lòt nan reyinyon Sosyete Sekou ak kowòm ansyen yo konsènan lwa chastete Senyè a, sentete lavi a, ak swen pou tibebe nan vant yo ak manman yo.

Yon sè admirab te ekri m apwopo yon eksperyans li te fè sa gen kèk deseni: “Lè m te gen łaj 17 an … , mwen te tonbe ansent avèk preske okenn sipò nan men mennaj mwen. M te santi m wont ak izole [men mwen] pa t janm konsidere [yon avòtman]. … Mwen [te gen] fanmi eman mwen ak evèk mwen, ke m te rankontre regilyèman pou gidans. … Mwen te vire jwenn Bondye. Mwen te etidye ekriti yo … epi m te priye [epi] m te jwenn fòs atravè Sovè m nan ak pwosesis repantans lan. … Mwen te resevwa yon repons [pou priyè m yo] ke mwen pa t ka nye. … Sa te difisil anpil, men mwen te konnen m ta pral plase pitit fi m nan pou adopsyon. … Mwen te priye pou kouraj [epi] m te santi lanmou Sovè a trè klèman atravè repantans, mwen konnen ke Bondye … reponn priyè yo epi fòtifye nou.”

Yon koup eman te adopte ti bebe fi presye a epi anseye li levanjil la. Kounyea li marye e li gen yon bèl fanmi pou tèt pa li.

Pafwa, ensètidid pwofondeman difisil ak angwasan kapab akonpaye pwoteksyon lavi.

Resaman yon jèn koup ke Kathy avèk mwen renmen te ekri m konsènan yon tibebe presye yo t ap tann.

Papa a te ekri: “[Lè madam mwen te] sou 10 semèn gwosès nou te aprann ke tibebe mirak nou an te gen yon maladi jenetik trizomi 21, ke moun konnen sou non Sendwòm Down. Nou te santi presyon … ekip medikal la pou n te konsidere yon avòtman. Kèk semèn apre nou te dekouvri ke … pitit nou t ap tann nan … ta pral mande plizyè operasyon nan kè pandan premye ane lavi li. Atravè tout pwosesis sa a pandan nou t ap priye avèk dilijans pou èd divin, … nou te santi Lespri a ba nou rekonfò. Nou te resevwa revelasyon ak konpreyansyon ke pitit fi nou an se yon timoun elit Papa nou ki nan Syèl la epi li genyen yon volonte fèm pou l vin nan fanmi nou ak pou l vin sou tè a.”

Manman tibebe a te ekri: “[Nou] te konplètman sou chòk, nan konfizyon, epi onètman devaste pa nouvèl la. … Lè m te sou 14 semèn gwosès, nou te aprann ke tibebe nou an te gen anpil malfòmasyon konjenital nan kè, gen youn ki te ka potansyèlman fatal. Nou te wè anpil doktè ak espesyalis ant 10–18 semèn gwosès la. … Nan chak randevou nou yo, yo te mande nou si nou te vle kontinye avèk gwosès la oubyen avòte. … Sovè a te geri kè mwen epi L te ban m yon santiman lapè ak antouzyas pou tibebe fi nou an. … [Pè Selès la] te montre m plizyè fwa ke Li gen yon plan pafè pou mwen [epi] mwen te fè L konfyans.”

Yo te akeyi tibebe fi yo a avèk anpil antouzyas jodia fè yon semèn egzakteman. Li se pa yo e yo se pa li pou tout tan.

Lafwa inebranlab ak kouraj remakab se makfabrik disip Jezikri yo.

Yon Egzanp Remakab sou Lafwa

Atravè ane yo, mwen te gen privilèj rankontre avèk gason ak fi ki t ap enbleman chèche retounen sou chemen alyans lan ak nan benediksyon prètriz yo ak tanp yo, anpil ane apre yo te pèdi stati manm yo.

Nan yon okazyon, mwen te gen pou m te fè entèvyou avèk yon mesye nan non Premye Prezidans la pou retablisman benediksyon prètriz ak tanp li yo.

Apre maryaj li nan tanp sakre a, epi apre l te fin gen twa timoun ekstraòdinè, mesye a te vin enfidèl anvè madanm li ak nan alyans sakre l yo. Yon fi selibatè te vin ansent epi li te vle fè yon avòtman.

Yon madanm trè fidèl a mari li te sipliye fi a pou l te kenbe tibebe a epi li te pwomèt ke li t ap elve timoun nan osito li te fèt, avèk lòt pitit pa l yo.

Fi selibatè a te reflechi anpil epi li te aksepte pou l pa t mete fen a gwosès la.

Sa fè 10 an kounyea. Sè enb lan ki te chita devan m nan te renmen ti gason an tankou pwòp piti pa l epi li te pale de efò mari li pou l te repare erè l la ak pran swen limenm ak fanmi an. Papa a te kriye pandan l t ap pale a.

Kote fi nòb sa a te jwenn kouraj pou l te aksepte yon timoun kòmsi sete pa li pandan ke timoun sa a te ka yon rapèl chak jou sou enfidelite mari li? Kijan? Paske li te jwenn fòs atravè Jezikri epi li te kwè nan karaktè sakre lavi a, nan sentete lavi a. Li te konnen tibebe nan vant la sete yon pitit Bondye, inosan ak pur.

Kolaj foto tebebe.

Chè frè m ak sè m yo, diminisyon lanmou pou timoun ki poko fèt yo nan tout mond lan se yon pwoblèm grav. Bondye cheri lavi. Sa se travay Li ak laglwa Li pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl pitit Li yo. Antanke disip Jezikri, nou cheri lavi. “Si nou youn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.” Se pou nou pataje lanmou nou avèk plis abondans toujou avèk moun ki si dezespereman bezwen nou yo. Mwen eksprime lanmou mwen pou nou ak lanmou Papa nou ki nan Syèl la pou pitit Li yo k ap vini sou tè a. Nan non Jezikri amèn.

Nòt

  1. Jan 13:35; gade tou Matye 22:36–40.

  2. Korespondans pèsonèl, 6 Fev, 2025; itilize avèk pèmisyon.

  3. Korespondans pèsonèl, 6 Fev. 2025; itilize avèk pèmisyon.

  4. Russell M. Nelson, “Sèvi avèk Pouvwa ak Otorite Bondye,” Liahona, Me 2018, 69.

  5. Yon egzanp yon fi jis an Frans; gade Neil L. Andersen, Kado Diven Padon an (2019), 154–56.

  6. Gade Neil L. Andersen, Kado Diven Padon an, 219; gade tou Neil L. Andersen, Jezi Se Kris la {2023), 5.

  7. Gade deklarasyon ofisyèl sou avòtman: “Abortion,” newsroom.ChurchofJesusChrist.org. Manyèl Jeneral la deklare, “Yon moun ka repanti epi jwenn padon pou peche avòtman an” (Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen dènye Jou yo, 38.6.1, Bibliyotèk Levanjil). Prezidan Ezra Taft Benson te di, “Tristès divin se yon kado Lespri a. Se yon reyalizasyon sensè ke aksyon nou yo ofanse Papa nou ak Bondye nou an. Se rekonesans klè ak [pwofon] ke konpòtman nou te lakoz Sovè a, Limenm ki pa t janm peche a, menm pi gran pami tout moun nan, andire agoni ak soufrans. Peche nou yo te lakoz Li te senyen nan chak two kò Li. Angwas mantal ak spirityèl reyèl sa a, se sa ekriti yo rele genyen ‘yon kè brize ak yon espri kontri’ a [gade Doktrin ak Alyans 20:37]. Kalite espri sa a se kondisyon absoli pou vrè repantans” (Teachings of Presidents of the Church [Ansèyman Prezidan yo nan Legliz la]: Ezra Taft Benson [2014], 83; gade tou 2 Korentyen 7:10; 3 Nefi 9:20; 18:32).

  8. “Senyè a te di Enòk: Gade frè ou yo; yo se travay m fè avèk pwòp men pa mwen, epi m te ba yo konesans yo genyen an, nan jou m te kreye yo a; epi nan Jaden Edèn nan, m te bay lòm lib abit;

    “Epi m te di frè w yo, epi m te ba yo kòmandman pou yo renmen youn lòt, epi pou yo chwazi m, Papa yo” (Moyiz 7:32–33).

  9. Henry B. Eyring, To Draw Closer to God [Pou Pwoche Pi pre Bondye] (1997), 143.

  10. Dallin H. Oaks, “Gran Plan Bonè a,” Ensign, Nov. 1993, 74. Prezidan Nelson te di: “Se pa yon kesyon de kilè ‘lavi reyèl’ la kòmanse ni kilè espri a ‘anime’ kò a. Nan syans byolojik yo, nou konenn ke lavi kòmanse lè de selil jèminal reyini pou vin tounen yon grenn selil, ki mete ansanm venntwa kwomozòm ki soti alafwa nan papa a ak nan manman an. … Kilè lavi kòmanse se pa yon sijè pou diskisyon, men se yon fè syantifik” (“Reverence for Life, [Revernas pou Lavi,” Ensign, Me 1985, 13).

  11. Prezidan John Taylor te di an 1879, “Nou dwe pwoteste kont pratik fetisid, enfantisid, ak lòt pratik abominab … keseswa sou fòm yon tèks lejislatif, yon desizyon jidisyè oswa nenpòt lòt oksilyè sa nou rele sivilizasyon an” (“Discourse,” Deseret News, Des. 31, 1879, 755; òtograf modènize).

  12. Deklarasyon ofisyèl sou avòtman: “Abortion,” newsroom.ChurchofJesusChrist.org.

  13. Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Bibliyotèk Levanjil.

  14. J. Reuben Clark, The Charted Course of the Church in Education (Chemen Legliz la Trase pou Edikasyon), rev. ed. (1994; diskou devan edikatè relijye Sistèm Edikatif Legliz la, 8 Out, 1938), 3, Bibliyotèk Levanjil.

  15. Gade Sijè ak Kesyon, “Avòtman,” Bibliyotèk Levanjil.

  16. Korespondans pèsonèl, 13 Fev. 2025; itilize avèk pèmisyon.

  17. Yon lòt egzanp sou benediksyon adopsyon se istwa Sherilyn Stinson ak pitit fi l la, Allison, ansanm avèk manman natirèl Allison, Jill Morgensen (gade Mary Richards, “Navigating the Journey of Adoption Reunification,” Church News, 18 Nov., 2024, thechurchnews.com.

  18. Avèk èd Senyè a epi bra nou gran louvri, anpil moun beni pou yo jwenn wout yo. Gade Amanda Becker, “Jwenn Lespwa kòm yon Manman Selibatè Ansent,” Liahona, Jiyè 2022 (vèsyon dijital sèlman); “Desizyon Adopsyon an,” New Era, Mas. 2006, 28–33.

  19. Korespondans pèsonèl, 17 Fev. 2025; itilize avèk pèmisyon.

  20. Eksperyans pèsonèl; gade Neil L. Andersen, Kado Diven Padon an, 246–47.

  21. Gade Moyiz 1:39.

  22. Jan 13:35; gade tou Matye 22:36–40.

  23. Lòt resous ki ka itil: Sijè ak Kesyon, “Unwed Pregnancy (Ansent San Marye),” Bibliyotèk Levanjil; “Fiti Paran Selibatè,” Manyèl Jeneral, 38.6.19; Resous pou Fè Konsèy, “Fiti Paran Selibatè,” Bibliyotèk Levanjil.