Lanmou m pou Sovè a se “Rezondèt” Mwen
Mwen renmen Sovè nou an. Sa se rezon ki pi reyèl ak pi puisan ki pouse m fè sa m ap fè yo.
Èske w konn remake ke chè pwofèt nou an, Prezidan Russell M. Nelson, kontinye ap fè nou envitasyon? San sipriz, li te envite nou pou nou etidye ak medite sou mesaj ke yo te pataje nan de dènye konferans yo. An Avril 2004, li te di, “Mwen espere ke n ap kontinye etidye mesaj konferans sa a pandan mwa k ap vini yo.” Apresa, an Oktòb 2004, li te di: “Mwen ankouraje nou pou n etidye mesaj [oratè] yo. Itilize yo kòm yon tès depistaj sou sa ki vrè ak sa ki pa vrè pandan sis mwa ka p vini yo.”
Nou ka ajoute envitasyon sa yo sou envitasyon pwofetik nou te resevwa atravè lavi nou, enkli espesyalman sa nou te resevwa nan dènye ane yo. Nou gen dwa santi oubyen panse ke envitasyon sa yo se yon lòt bagay nou bezwen ajoute sou lis bagay pou nou fè, senpleman paske se yon envitasyon oubyen yo mande nou pou fè l. Men, èske yo ta ka plis pase sa?
Pandan m t ap medite sou sa ak sou tout envitasyon nou te resevwa yo, mwen te raple m yon bagay mwen te aprann ak deside sa fè lontan. M ap eseye fè bagay sa yo, ki esansyèl pou mwen paske mwen renmen Li; mwen renmen Sovè nou an. Sa se rezon vrè ak pi puisan ki fè m fè sa m fè yo, epi apresa konekte avèk sa a se lanmou m pou nou, frè m ak sè m yo.
Antan ke frè w, mwen espere ke w pral konsidere pawòl mwen yo kòm yon envitasyon sensè pou chèche konprann opòtinite pou lye tout sa nou ap fè avèk lanmou nou pou Sovè a.
Lè nou fè sa, l ap ede nou konprann “rezondèt” reyèl ki dèyè tout sa nou fè kòm disip Sovè a. Sa ap ede nou fòtifye koneksyon alyans nou avèk Bondye, konprann verite diven ak etènèl Li yo, verite etènèl ak absoli Li yo ki pap janm chanje. Verite etènel tankou … “Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm, ke li te bay sèl Pitit Gason Literal li a pou tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè ya va gen lavi ki pap janm fini an.”
Li entèresan ke kèkfwa paske nou toujou fè kèk bagay jiskaske yo vin tounen yon tradisyon, nou pèmèt tradisyon oubyen aktivite sa yo dirije efò nou nan bati lafwa nou nan Jezikri. Li ta sanble ke nou fè bagay sa yo paske nou t ap fè yo pandan plizyè ane san konsidere enpak yo sou koneksyon alyans nou avèk Senyè a.
Nan mond nou an, nou abityèlman konsantre n sou sa nou fè ak sou konstamman akonpli tach yo ak bi yo. Nan yon anviwònman espirityèl, nou gen opòtinite pou nou ale odela de jis fè kèk bagay oubyen akonpli bi nan konprann poukisa nou fè yo. Si nou ka konprann ak konekte ke rezon ki dèyè aksyon nou yo gen relasyon avèk lanmou nou pou Sovè nou an ak Papa nou ki nan Syèl la, nan pwofite de opòtinite sa yo, nou va konprann ke menmsi fè bagay ki jis, tankou aktivite oubyen tradisyon Legliz yo epi fè yo yon fason apwopriye se yon bon bagay, lè nou konekte yo avèk “rezondèt” yo, n ap gen benediksyon pou nou konprann rezon an. Se pap jis fè sa ki bon oubyen fè li byen; nou pral fè l kòrèkteman tou.
Pa egzanp, lè w fikse yon bi pou w li ekriti yo, ofri priyè sensè, oubyen prepare yon aktivite pou fanmi w oswa pawas ou, èske bi reyèl la se senpleman pou akonpli bagay sa yo? Oubyen èske aksyon sa yo se mwayen, zouti ki ala dispozisyon ou, pou w atenn vrè bi a? Èske bi a se sèlman pou w fè yon aktivite paske w ap fè l depi plizyè ane epi apresa ou jis tcheke kazye a pou montre ke w konplete l? Oubyen, yon lòt fwa ankò, èske sa yo se mwayen nou itilize pou aprann, santi, epi konekte avèk Sovè a?
Tanpri pa mal konprann sa m di apwopo aktivite ak tradisyon yo oswa fikse bi epi travay di pou akonpli yo; pa gen anyen ki mal nan sa. Sepandan, mwen envite nou pou ouvri kè nou ak lespri nou pou opòtinite ak benediksyon ki genyen nan konprann poukisa nou fè bagay sa yo ak jan nou pratike religyon nou an.
Yon ekselan egzanp sou tradisyon ki santre sou Kris la se envitasyon Prezidan Dallin H. Oaks te bay nou tout nan non Premye Prezidans lan. Prezidan Oaks te di, “Pandan n ap kòmanse nouvo ane a, an nou prepare pou selebrasyon Pak sakrifis ekspyatwa Jezikri a. … Nenpòt sa lòt moun kwè oswa fè, nou ta dwe selebre rezirèksyon Sovè vivan nou an nan etidye ansèyman L yo ak ede etabli tradisyon Pak nan sosyete nou an totalman, espesyalman nan pwòp fanmi nou.” Jan nou ka wè, se pa jis yon envitasyon pou nou gen tradisyon. Okontrè, nou itilize tradisyon sa yo kòm mwayen pou aprann plis konsènan Sovè a epi sonje Rezirèksyon L lan.
Plis nou ka konekte rezon an avèk lanmou nou pou Sovè a, se plis nou pral kapab resevwa sa n bezwen oubyen sa n ap chèche yo. Prezidan Nelson te di, “Kèlkeswa kesyon oswa pwoblèm nou genyen, n ap jwenn repons la nan lavi ak ansèyman Jezikri yo.” Epi apresa li te fè envitasyon sa a: “Aprann plis sou Ekspyasyon Li, lanmou Li, mizèrikòd Li, doktrin Li a, ak levanjil gerizon ak pwogresyon Li retabli a. Vire gade Li! Suiv Li!”
Medite sa nan kè w ak nan lespri w: Èske w kwè ke envitasyon Prezidan Nelson an te gen entansyon pou ede nou prepare yon lis kote nou pral akimile plis konesans epi konplete tach nou yo pou nou kapab tcheke envitasyon l lan nan lis bagay pou nou fè yo? Oubyen èske li ap envite nou pou nou konsidere aspè verite ak prensip etènèl sa yo kòm yon opòtinite pou nou konprann ak konekte lanmou alyans Sovè a pou nou avèk vwayaj tout yon lavi nou kòm disip la?
Ban m ilistre prensip m ap eseye transmèt la. Yon opsyon, ki pwobableman ekstrèm, se ta petèt li tout mesaj konferans yo, epi apre m fin fè sa, mwen pral tcheke envitasyon sa a nan lis bagay pou m fè a san m pa fè okenn lòt bagay pase sa m li a. Mwen konprann ke se yon ka ekstrèm, men ki pa enposib. Pwobableman, plizyè nan nou rive nan yon pwen ant sa a ak ideyal la.
Envitasyon an se pou nou etidye ak medite mesaj konferans general yo epi itilize yo pou nou detèmine ak konprann kisa nou chak bezwen fè pou nou amelyore.
Lè nou aksepte envitasyon an, epi nou konprann “rezondèt” ki dèyè l la, nou pral gen plis opòtinite pou n vin pi pre Sovè a. N ap kòmanse konprann ke, paske mwen renmen Sovè a, mwen vle aprann plis osijè Li nan etidye pawòl pwofèt vivan yo. Epi paske mwen renmen pwochen mwen, m pral pataje ansèyman pwofèt, vwayan, ak revelatè yo avèk lòt moun, kòmanse pa moun mwen renmen yo.
Nan toulède egzanp yo, w ap fè yon bagay ki jis. Nan youn, bi a ta sanble se itilize mwayen ke Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a ba nou, ki se mesaj yo pataje pandan konferans jeneral yo. Dezyèm vèsyon an anbrase benediksyon pwofon ki se resevwa yon konesans sou rezon ki dèyè yo a, ki ofri yon mwayen pou nou konprann verite etènèl ak benediksyon yo pwomèt a tout moun ki fè ansèyman ak lavi Sovè nou an, Jezikri, vin pwen santral lavi yo.
Chè frè m ak sè m yo, mwen espere nou ka santi ak wè enpòtans pou konekte aksyon nou avèk lanmou nou pou Sovè a. Nan yon mond globalize, anpil vwa apral eseye enfliyanse w epi, si sa posib, fè w kwè ke kèk verite fondamantal nan levanjil retabli Jezikri a pa nesesè. Vwa sa yo kòmanse avèk verite esansyèl ki se nesesite pou yon restorasyon nan dènye jou sa yo, enkli nesesite pou gen wayòm Bondye a sou tè a, ki reprezante pa Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo retabli yo.
Ou ka tande vwa ki ap ensiste ke sèlman yon relasyon pèsonèl oubyen konpreyansyon avèk Sovè a sifizan epi relijyon oubyen Legliz retabli a pa nesesè ni esansyèl. Mwen envite w pou w pridan nan konsidere oubyen menm pa afekte ni enfliyanse pa ide twonpri sa yo epi pou w pi rapidman sonje kisa Sovè a te di ak anseye nou depi tan ansyen yo—kòmanse avèk lanmou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri pou nou epi konekte lanmou nou pou Yo kòm rezon ki fè nou suiv Yo.
Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan te vini epi Yo te pale avèk Joseph Smith pou te retabli Legliz Jezikri a ak pou kòmanse dispansasyon plenitid tan yo, Wayòm Li sou tè a. Se poutèt sa, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se mwayen Papa nou ki nan Syèl la etabli pou ba nou aksè a alyans ki pèmèt nou retounen lakay nou yo. Konsa, nou bezwen plis pase jis yon relasyon pèsonèl avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason L lan; nou bezwen òdonans prètriz esansyèl yo ki pèmèt nou fè alyans avèk Yo a. Sa ofri yon koneksyon alyans avèk Yo epi ba nou aksè a lanmou Yo ki soti nan alyans yo, ki rann posib pou nou atenn pi gwo wayòm laglwa ki prepare pou tout moun ki sensè ak fidèl a alyans yo.
Avèk tout enèji nanm mwen, mwen rann temwayaj de reyalite ak divinite Sovè nou an, Jezikri. Li renmen ou. Li konnen kisa k ap pase nan lavi ou. Bra li ouvè byen gran, ap fè w envitasyon, “Vin Jwenn mwen, … e m ap ba w repo.”
Mwen renmen Sovè a, e lanmou m pou li se “rezondèt” mwen. Nan non Jezikri, amèn.