Patisipe pou nou Prepare pou Retou Kris la
Apèl yo ak lòt fason nou anbake nan travay Bondye prepare nou yon fason unik pou nou rankontre Sovè a.
Sa gen kèk mwa, mwen te kanpe nan yon koulwa pandan Èldè Neil L. Andersen t ap pase. Mwen te apèn aple kòm yon nouvo Otorite Jeneral. Siman paske l te sispèk ke m te santi m pa alawotè, li te souri epi l te di, “Oke, sa a sanble yon nonm ki pa gen okenn ide sou l ap fè.”
E m te panse, “Sa se se yon vrè pwofèt ak vwayan.”
Elder Andersen te chichote, “Pa enkyete w, Elder Shumway.” “Sa ap vin pi fasil—nan senk ou sis ane.”
Èske w konn janm mande tèt ou poukisa yo mande nou pou nou fè bagay nan wayòm Bondye a ke nou santi ki twòp pou nou? Avèk obligasyon lavi yo, èske w konn mande w poukisa nou menm bezwen apèl nan Legliz la? Enben, sa konn rive m.
E mwen te jwenn yon repons nan konferans jeneral lè Prezidan Russell M. Nelson te di, “Kounyea se moman pou oumenm avèk mwen prepare pou Dezyèm Vini Senyè ak Sovè nou an, Jezikri.” Lè Prezidan Nelson te di sa a, Lespri a te anseye m ke pandan n ap patisipe nan travay Bondye a, nou ap prepare tèt nou ak lòt yo pou retou Kris la. Pwomès Senyè a asire n ke apèl yo, sèvis pastoral, sèvis nan tanp, suiv enspirasyon yo, ak lòt fason nou anbake nan sèvis Bondye a ap prepare nou yon fason unik pou nou rankontre Sovè a.
Bondye Rejwi Lè Nou Angaje nan Travay Li
Nan “majeste moman sa a,” pandan wayòm Bondye a ap grandi epi tanp tout kote sou tè a, gen yon bezwen k ap grandi pou nanm ki gen volonte pou angaje nan travay Bondye a. Sèvi san panse a tèt ou se esans disip Kris la. Men sèvi raman agreyab. Se poutèt sa mwen admire nou menm, disip ki kenbe alyans yo, enkli noumenm misyonè nou yo, ki mete dezi ak pwoblèm nou yo akote pou nou sèvi Bondye nan sèvi pitit Li yo. Bondye “kontan pou l onore [moun k ap sèvi Li] nan ladwati.” Li pwomèt, “Rekonpans [nou] pral gran epi lavi etènèl se pral laglwa [nou].” Lè nou di wi a sèvis, nou di wi a Jezikri. Epi lè nou di wi a Jezikri, nou di wi a posibilite yon lavi ki pi abondan.
Mwen te aprann leson sa a pandan m t ap travay ak etidye jeni chimik nan inivèsite. Yo te aple m kòm planifikatè akitivite pou yon pawas jèn adilt sèl. Sa te yon apèl mwen te pè anpil. Malgresa, mwen te aksepte, nan kòmansman sete yon kòve. Apresa nan yon akivite, yon bèl fi te chame pa fason mwen te sèvi krèm alaglas la. Li te retounen twa fwa, avèk espwa pou l te atire atansyon m. Nou te tonbe damou, epi li te propoze de semèn apre. Oke, petèt sa pa t fèt osi rapid ke sa, epi se mwenmenm ki te pwopoze, men laverite sèke, mwen fremi lè m panse ke m te gen dwa pa t rankontre Heidi si m te di non pou apèl sa a.
Patisipasyon nou se Preparasyon nou pou Retou Kris la
Nou angaje nan travay Bondye a pa paske Bondye bezwen nou men paske nou bezwen Bondye ak gwo benediksyon Li yo. Li pwomèt, “Paske, gade, m ap beni tout sila yo ki travay nan jaden m nan avèk yon gwo benediksyon.” Kite m pataje twa prensip ki anseye kijan patisipasyon nou nan travay Bondye a beni ak ede nou prepare pou rankontre Sovè a.
Premyèman, pandan n ap patisipe, nou pwogrese nan direksyon “mezi kreyasyon [nou].”
Nou aprann modèl sa a nan resi sou Kreyasyon an. Apre chak jou travay, Bondye te rekonèt pwogrè ki te fèt lè L di, “sa te bon.” Li pa t di ke travay la te fini oubyen l te pafè. Men, sa Li te di se te ke gen pwogrè, e nan je Bondye, sa se yon bon bagay!
Apèl yo pa detèmine oswa valide valè oubyen diyite yon moun. Lè nou travay avèk Bondye nan pasyans ak konsistans, nou grandi nan mezi pwòp kreyasyon nou.
Bondye rejwi nan pwogrè nou, e nou ta dwe fè sa tou, menm lè nou ankò gen travay pou nou fè. Kèkfwa, nou ka manke fòs oubyen mwayen pou sèvi nan yon apèl. Men, nou ka angaje nan travay la epi pwoteje temwayaj nou atravè aktivite siyifikatif tankou lapriyè ak etid ekriti. Papa eman nou ki nan Syèl la pa kondane nou lè nou dispoze men nou pa kapab sèvi.
Dezyèmman, sèvi edifye fwaye nou ak legliz la kòm yon andwa sen kote nou ka pratike lavi alyans.
Pa egzanp, alyans nou pou toujou sonje Kris la fèt endividyèlman, men nou viv alyans sa a lè nou sèvi youn lòt. Apèl yo antoure nou avèk opòtinite pou “pote … chay youn lòt, e konsa akonpli lwa Kris la.” Lè nou sèvi paske nou remen Bondye epi nou vle viv alyans nou yo, sèvis ki te parèt kòm yon devwa ak fatigan an vin rejwisan e transfòme nou.
Òdonans yo pa sove nou paske yo satisfè yon lis verifikasyon selès. Okontrè, lè nou viv alyans ki konekte avèk òdonans sa yo, nou vin kalite moun ki vle rete nan prezans Bondye. Konpreyansyon sa a simonte ezitasyon pou n sèvi oswa preferans pou nou pa sèvi. Preparasyon nou pou rankontre Kris la akselere lè nou sispann mande kisa Bondye pral pèmèt nou fè epi nou kòmanse mande kisa Bondye t ap prefere.
Twazyèmman, patisipe nan travay Bondye a ede nou resevwa kado lagras epi santi gran lanmou Li.
Nou pa resevwa konpansasyon finansyè pou sèvis nou. Okontrè, ekriti yo anseye ke pou “travay nou [nou dwe] resevwa lagras Bondye, pou [nou] kapab vin fò nan Lespri a, [gen] konesans nan Bondye, [epi]… anseye avèk pouvwa e avèk otorite ki sòti nan Bondye.” Sa se yon trè bon echanj!
Akoz lagras Bondye, kapasite oswa enkapasite nou yo se pa prensip debaz pou n resevwa oubyen aksepte yon apèl. Bondye pa espere pèfòmans pafè oubyen talan eksepsyonèl pou nou patisipe nan travay Li a. Si sete konsa, Rèn Esther pa t ap sove nasyon l la, Pyè pa t ap dirije legliz primitiv la, Joseph Smith pa t ap pwofèt Retablisman an.
Lè nou aji ak lafwa pou n fè yon bagay ki depase kapasite nou, feblès nou parèt. Sa pa janm konfòtab, men li nesesè pou nou “konnen se pa lagras [Bondye], … nou gen pouvwa pou fè bagay sa yo.”
N ap tonbe anpil fwa lè nou angaje nan travay Bondye a. Men, nan efò nou an, Jezikri kenbe nou. Li leve nou tikras pa tikras pou nou fè eksperyans delivrans anba echèk ak laperèz epi anba santiman tankou nou p ap janm bon ase. Lè nou dedye ti piti men meyè efò nou, Bondye mayifye l. Lè nou fè sakrifis pou Kris, Li sanktifye nou. Sa se pouvwa gras Bondye pou transfòme a. Pandan n ap sèvi, nou grandi nan lagras jiskaske nou prepare pou “Papa a leve nou, pou nou kanpe devan [Jezikri].”
Ede Lòt Moun Resevwa ak Rejwi nan Kado Apèl yo
Mwen pa konnen tout sa Sovè a pral mande m lè m va kanpe devan l, men petèt yon kesyon se pral, “kiyès ou te mennen avèk ou?” Apèl yo se kado sakre yon Pè Selès eman pou ede nou mennen lòt moun avèk nou al jwenn Kris. Donk, mwen envite dirijan yo epi nou chak pou nou chèche pi aktivman moun ki pa gen apèl yo. Ankouraje yo epi ede yo patisipe nan travay Bondye a pou ede yo prepare pou retou Kris la.
John pa t aktiv nan Legliz la lè evèk li te vizite l epi te di li ke Senyè a te gen yon travay pou l fè. Li te envite John pou l te kite fimen. Byenke John te eseye plizyè fwa pou l te kite, fwa sa a li te santi yon pouvwa envizib ki t ap ede l.
Sèlman twa semèn apre, prezidan pieu a te vizite John. Li te aple l pou l te sèvi nan episkopa a. John te sezi. Li te di prezidan pieu a ke l te apèn kite fimen. Si sa te vledi ke l t ap oblije abandone tradisyon gade match foutbòl lè Dimanch, ebyen sa te twòp pou yo te mande l. Repons enspire prezidan pieu a te senp: “John, se pa mwen k ap mande w, se Senyè a.”
Konsa John te reponn, “Ebyen, si se konsa, m ap sèvi.”
John te di m ke sakrifis sa yo pou l te sèvi a sete moman spirityèl desizif pou li ak fanmi l.
M ap mande si se pa yon limitasyon lè nou pa ofri apèl bay moun ki, nan vizyon mòtèl nou, parèt enpwobab oubyen pa diy. Oubyen nou petèt plis preyokipe pou nou jwenn pèfòmans olye de doktrin progresyon an, pandan ke nou neglije wè kijan Sovè a ogmante kapasite moun nou panse ki enpwobab oubyen san eksperyans la nan pa ba yo opòtinite pou yo sèvi.
Èldè David A. Bednar anseye enpòtans manda spirityèl pou “kite chak [fi ak] gason aprann responsabilite [yo], epi pou aji.” Èske nou fè sa? Lè dirijan ak paran yo kite lòt moun aprann ak aji pou tèt pa yo, yo boujonnen ak fleri. Pandan ke wout ki pi senp la se petèt bay manm fidèl yo yon dezyèm apèl, fason ki pi ekselan an se envite yon moun ou panse ki enpwobab pou l sèvi epi kite l aprann ak grandi.
Si Kris te la fizikman, li t ap vizite moun ki malad yo, anseye klas Lekòldidimanch, chita avèk jènfi ki gen kè brize, epi beni timoun yo. Li kapab fè travay la poukont Li. Men Li viv prensip ki se kite nou aji ak aprann nan, konsa Li voye nou nan plas Li.
Avèk patisipasyon nan travay Bondye a vini “dwa, privilèj, ak responsablite pou reprezante Senyè a [Jezikri].” Lè nou sèvi pou glorifye Kris la e non pa tèt nou, sèvis nou an vin tounen yon vrè jwa. Lè lòt moun kite klas nou, reyinyon, vizit sèvis pastoral, oubyen aktivite nou yo avèk souvni sou Kris la plis pase yo sonje nou, travay la vitalizan.
Lè nou chèche reprezante Sovè a ak tout kè nou, nou vin pi sanble avèk Li. Sa a se pi bon preparasyon pou moman sakre kote nou chak pral mete ajenou epi konfese ke Jezi se Kris la, ke mwen temwaye ki egziste, epi Prezidan Russell M. Nelson se “vwa Li … nan tout kwen tè a” pou ede nou “prepare … pou sa k ap vini an.” Nan non sakre Jezikri, amèn.