Ekriti yo
Mòmon 3


Chapit 3

Mòmon preche Nefit yo repantans—Yo gen yon gwo viktwa, e yo fè lwanj pou fòs pa yo—Mòmon refize dirije yo, e priyè li yo pa gen lafwa—Liv Mòmon an envite douz tribi Izrayèl yo pou yo kwè nan levanjil la. Anviwon 360–362 apre Jezikri.

1 Epi, se te konsa, Lamanit yo pa t vin batay ankò jistan dis ane te fin pase. Epi gade, m te pare pèp mwen an, Nefit yo, m te pare tè yo ak zam yo pou lè gen batay.

2 Epi, se te konsa, Senyè a te di m: Rele nan tèt pèp sa a—Repanti epi vin jwenn mwen, batize, tabli legliz mwen an ankò, e n ap epaye.

3 M te rele nan tèt pèp la, men, se te anven; yo pa t konprann se te Senyè a ki te epaye yo, e ki te ba yo yon chans pou repantans. Epi gade, yo te fè kè yo di kont Senyè Bondye yo a.

4 Epi, se te konsa, apre dis ane sa yo te fin pase, ki te fè yon total twasan-swasant ane depi lè Kris la te vini an, wa Lamanit la te ekri m yon lèt, ki te fè m konnen yo t ap pare pou yo vin goumen avèk nou ankò.

5 Epi, se te konsa, m te fè pèp mwen an rasanble ansanm nan peyi Dezolasyon an, nan yon vil ki te nan fwontyè yo, bò chemen kwense ki te mennen nan peyi sid yo.

6 Epi, se la nou te mete lame nou yo, pou nou kapab bloket lame Lamanit yo, pou anpeche yo pran okenn pati nan tè nou yo; se poutèt sa, nou te pare pou yo, avèk tout fòs nou.

7 Epi, se te konsa, nan twasan-swasanteyinyèm ane a, Lamanit yo te desann nan vil Dezolasyon an pou yo goumen avèk nou; epi, se te konsa, nan ane sa a, nou te tèlman bat yo, yo te tounen sou tè pa yo ankò.

8 Epi, nan twasan-swasann-dezyèm ane a, yo te desann vin batay ankò. Epi nou te bat yo ankò, nou te touye anpil ladan yo, e nou te voye mò yo nan lanmè a.

9 Epi kounyeya, poutèt gwo bagay sa a, pèp mwen an, Nefit yo te fè a, yo te kòmanse a louwanj pou pwòp fòs yo, e yo te kòmanse fè sèman sou syèl la, pou fè konnen yo gen pou yo vanje san frè yo ki te mouri anba men ènmi yo.

10 Epi, yo te fè sèman sou syèl la ak sou twòn Bondye a pou yo amonte al goumen avèk ènmi yo, pou yo elimine yo sou sifas tè a.

11 Epi, se te konsa, mwen menm Mòmon, m te refize toutbon pou m kòmande ak dirije pèp sa a, poutèt mechanste yo ak abominasyon yo.

12 Gade, m te dirije yo, malgre mechanste yo m te dirije yo nan batay anpil fwa e m te renmen yo daprè alanmou Bondye ki te nan mwen, ak tout kè m; e nanm mwen te plonje nan lapriyè devan Bondye pou yo tout lajounen; men, se te bsan lafwa, poutèt kè yo ki te di.

13 Epi, m te delivre yo twa fwa anba men ènmi yo, epi yo pa t repanti nan peche yo.

14 Epi, lè yo te fin sèmante sou tout bagay Senyè a, Sovè nou an, Jezikri te adefann yo, pou yo fè konnen y ap monte al goumen avèk ènmi yo pou yo vanje san frè yo, vwa Senyè a te fè m tande l, li te di:

15 Epi se pou mwen avanjans ye, m ap bremèt; poutèt pèp sa a pa repanti apre m te fin delivre yo, gade y ap efase sou sifas tè a.

16 Epi, se te konsa, m te refize monte kont ènmi m yo toutbon; e m te fè jan Senyè a te kòmande m nan, m te rete tankou yon temwen inaktif pou m temwaye mond lan bagay m te wè ak bagay m te tande, daprè manifestasyon Lespri a ki temwaye bagay ki gen pou fèt.

17 Se poutèt sa, m ekri anou, Janti yo, epi tou, nou menm kay Izrayèl la, lè travay la kòmanse, n ap prèske prepare pou nou retounen nan peyi nou te eritye a;

18 Wi gade, m ekri nou, tout kwen tè a; wi, m ekri nou, douz tribi Izrayèl yo, nou menm douz òm yo Jezi te chwazi kòm disip li yo nan peyi Jerizalèm nan gen pou yo ajije daprè zèv nou yo.

19 Epi, m ekri rès pèp sa a tou; pèp adouz òm Jezi te chwazi sou tè sa a gen pou jije a, e se lòt douz òm yo Jezi te chwazi nan peyi Jerizalèm nan ki pral jije yo.

20 Epi, se bagay sa yo Lespri a fè m wè; se poutèt sa m ekri tout moun. Epi se poutèt sa m ekri nou pou nou kapab konnen, nou gen pou nou kanpe devan afotèy jijman Kris la, wi, tout nanm ki fè pati nan tout kòd bfanmi Adan an; nou gen pou nou jije pou zèv nou, kit yo bon kit yo pa bon;

21 Epi tou, pou nou kapab akwè levanjil Jezikri a nou pral genyen nan pami nou an; e pou bjuif yo, pèp alyans Senyè a kapab gen lòt ctemwayaj anplis sa yo te wè ak tande a, Jezi sa yo te touye a, pou yo konnen li se dvrè Kris la ak vrè Bondye a.

22 Epi m ta vle konvenk nou, noumenm ki nan atout kwen tè a, pou nou repanti e prepare pou nou prezante devan fotèy jijman Kris la.