Manyèl yo ak Apèl yo
15. Seminè ak Enstiti Relijyon


“15. Seminè ak Enstiti Relijyon,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la (2023).

“15. Seminè ak Enstiti Relijyon,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la

Imaj
jènfi ki leve men l nan klas

15.

Seminè ak Enstiti Relijyon

15.0

Entwodiksyon

Seminè ak Enstiti Relijyon (S&E) ede paran yo ak dirijan Legliz yo nan ede jèn yo ak jèn adilt yo ogmante lafwa yo nan Jezikri ak nan levanjil retabli L la.

Yon reprezantan S&E asiyen nan chak pieu pou ede dirijan yo administre pwogram S&E yo.

15.1

Seminè

Seminè se yon pwogram katran kote jèn yo etidye levanjil Jezikri a jan nou jwenn ni nan ekriti yo ak nan ansèyman pwofèt dènye jou yo. Elèv seminè yo jeneralman genyen 14–18 tan.

Episkopa, dirijan jèn yo, ak prezidans kowòm yo ak prezidans klas yo ankouraje chak jèn pou yo patisipe totalman nan seminè.

15.1.1

Enstriktè

Enstriktè seminè yo ta dwe se manm Legliz ki gen lafwa nan Senyè Jezikri ak yon temwayaj konsènan levanjil retabli L la. Yo dwe viv prensip y ap anseye yo epi yo dwe travay byen avèk jèn yo. Lè sa posib, enstriktè yo ta dwe gen yon rekòmandasyon tanp ki valid.

Yon manm nan prezidans pieu a oswa yon manm gran konsèy ki asiyen gen responsablite pou apèl, mizapa, ak relèv enstriktè seminè yo ak sipèvizè pieuyo.

Pou pwoteje enstriktè yo ak elèv yo, de adilt dwe prezan nan bilding lan oswa nan kay kote y ap anseye yon klas seminè.

15.1.2

Opsyon pou Seminè

Seminè pi itil lè elèv yo ka rankontre avèk yon enstriktè chak jou. Sepandan, sa gendwa pa posib akoz pwoblèm sekirite, distans, ak lòt faktè.

Dirijan Legliz yo dwe fè konsèy avèk reprezantan S&E a pou deside ki opsyon ki ap:

  • Pi byen ede elèv yo aprann levanjil la ak grandi espirityèlman.

  • Kenbe elèv yo an sekirite.

  • Pa bay fanmi yo fado san nesesite.

Klas yo pa dwe fèt jou Dimanch.

15.1.3

Bilding, Ekipman ak Materyèl

Dirijan pieu ak dirijan pawas yo asire yo ke kote tankou chapèl oswa kay manm yo disponib pou klas seminè.

Reprezantan S&E an bay materyèl pou enstriktè yo ak elèv yo pou chak klas. Elèv yo dwe pote pwòp liv ekriti pa yo, enprime oswa dijital.

15.1.5

Kredi ak Gradyasyon

Elèv seminè yo ka aprann pi efikasman e apwofondi konvèsyon yo si yo vini regilyèman nan klas, patisipe, epi etidye ekriti yo andeyò klas la. Pandan y ap fè bagay sa yo, yo menm tou yo pran kredi pou seminè chak ane epi yo ka gradye nan seminè.

Pou gradye nan seminè, yon elèv dwe gen kat ane kredi epi resevwa yon andosman eklezyastik nan men yon manm episkopa a.

15.2

Enstiti

Enstiti ofri klas etid levanjil chak semèn ki ranfòse lafwa ak temwayaj nan Jezikri ak nan levanjil retabli L la. Nou ta dwe ankouraje tout jèn adilt sèl ki gen laj 18–30 an pou yo ale nan klas enstiti, kit yo ale lekòl ou pa.

15.3

Lekòl Legliz yo ak Sistèm Edikatif Legliz la

Pou enfòmasyon sou lekòl primè ak segondè Legliz la genyen, pou pwogram BYU–Pathway Mondyal la, ak enstitisyon edikasyon siperyè nan Legliz la, gade CES.ChurchofJesusChrist.org. N ap jwenn enfòmasyon konsènan ranpli andosman eklezyastik pou elèv yo ale nan lekòl sa yo ladan yo tou.

Anplis de sa, nou ka jwenn enfòmasyon sou otorizasyon eklezyastik pou anplwa atravè Biwo Otorizasyon Eklezyastik Sistèm Edikatif Legliz la nan help.ChurchofJesusChrist.org.