Manyèl yo ak Apèl yo
16. Viv Levanjil Jezikri a


“Viv Levanjil Jezikri a,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la (2023).

“Viv Levanjil Jezikri a,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la

Imaj
yon koup k ap priye

16.

Viv Levanjil Jezikri a

Travay sali ak egzaltasyon an konsantre sou kat responsablite diven nou genyen (gade 1.2). Premye nan responsablite sa yo se viv levanjil Jezikri a. Nou viv levanjil la lè nou:

  • Egzèse lafwa nan Jezikri.

  • Repanti chak jou.

  • Fè alyans avèk Bondye pandan n ap resevwa òdonans sali ak egzaltasyon yo.

  • Pèsevere jiskalafen pandan n ap kenbe alyans sa yo.

Viv levanjil la anglobe lòt aspè travay sali ak egzaltasyon an.