Manyèl yo ak Apèl yo
4. Lidèchip ak Konsèy nan Legliz Jezikri a


“4. Lidèchip ak Konsèy nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la (2023)

“4. Lidèchip ak Konsèy nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la.

Imaj
reyinyon konsèy pawas

4.

Lidèchip ak Konsèy nan Legliz Jezikri a

4.0

Entwodiksyon

Antanke dirijan nan Legliz la, ou aple pa enspirasyon atravè sèvitè Senyè a otorize. Ou gen privilèj pou w ede nan travay Pè Selès la pou “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” nan (Moyiz 1:39).

4.2

Prensip Lidèchip nan Legliz la

Pandan ministè terès Li a, Sovè a te bay egzanp lidèchip pou Legliz Li a. Objektif prensipal li sete pou L te fè volonte Papa nou ki nan Syèl la ak ede lòt moun konprann ak viv Levanjil Li a (Gade Jan 5:30; Mozya 15:7).

Chèche gidans Senyè a pou ede w aprann ak ranpli devwa apèl ou yo.

4.2.1

Prepare W Espirityèlman

Jezikri te prepare tèt Li espirityèlman pou misyon terès Li a (gade Lik 4:1-2). Menmjan an tou, ou prepare w espirityèlman nan rapwoche w de Pè Selès la atravè lapriyè, etid ekriti, ak obeyisans nan kòmandman L yo.

Chèche revelasyon pou w ka konprann bezwen moun w ap dirije yo ak fason pou w akonpli travay Bondye aple w pou w fè a.

Senyè pwomèt pou L devèse don espirityèl sou moun ki chèche yo tou (gade nan Doktrin ak Alyans 46:8

4.2.2

Sèvi Tout Pitit Bondye yo

Renmen moun w ap sèvi yo tankou Jezi te fè a. Priye “avèk tout enèji kè w” pou w ka ranpli avèk lanmou (Mowoni 7:48).

Ede moun yo apwofondi konvèsyon yo ak fòtifye lafwa yo nan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Ede yo prepare yo pou yo fè alyans lè y ap resevwa pwochen òdonans yo a. Ankouraje yo pou yo respekte alyans yo fè yo ak patisipe nan benediksyon repantans yo.

4.2.3

Ansenye Levanjil Jezikri a

Tout dirijan se enstriktè. Fè efò pou w suiv egzanp Sovè a antanke enstriktè (gade nan chapit 17; Ansenye nan Fason Sovè a). Atravè pawòl ak aksyon, anseye doktrin Jezikri a ak prensip levanjil Li a (gade nan 3 Nefi 11:32–33; Doktrin ak Alyans 42:12–14).

Anseye apati ekriti yo ak pawòl pwofèt dènye jou yo (gade nan Doktrin ak Alyans 52:9

Si yo aple w pou w prezide nan yon reyinyon oubyen aktivite Legliz, asire w ke ansèyman an edifyan epi doktrin nan kòrèk (gade Doktrin ak Alyans 50:21-23).

4.2.4

Prezide avèk Jistis

Chak ofisye k ap prezide sèvi anba direksyon yon moun ki gen kle prètriz yo (gade nan 3.4.1). Estrikti sa a favorize lòd ak repatisyon responsablite ak obligasyon yo lè yon moun ap fè travay Senyè a.

Yon ofisye prezidan ka delege bay yon lòt moun tach pou l prezide tanporèman.

Yon dirijan ki prezide nan yon òganizasyon Legliz, reyinyon, oubyen aktivite asire l ke objektif Senyè a akonpli. Lè l fè sa, dirijan an suiv prensip levanjil yo, règ Legliz yo, ak direksyon Sentespri a.

Yon apèl oubyen yon responsablite pou prezide pa fè moun ki resevwa l la pi enpòtan oubyen gen plis valè pase lòt moun. (gade Doktrin ak Alyans 84:109-10

Sa pa apwopriye pou w ta gen anvi pou w prezide nan nenpòt òganizasyon nan Legliz Senyè a (gade nan Doktrin ak Alyans 121:37

4.2.5

Delege Responsablite epi Asire ke Moun yo rann Kont de Responsablite yo

Sovè a te bay disip li yo tach ak responsabilite ki siyifikatif (gade Lik 10:1). Li te ba yo opòtinite pou yo te rann kont pou travay yo te ba yo pou yo te fè a tou (gade Lik 9:10).

Antanke dirijan, ou ka ede lòt moun pwogrese lè w delege tach ba yo. Fè efò pou w angaje tout manm yo nan fè travay Bondye a.

Si w delege tach, sa ap rann sèvis ou pi efikas. Chèche direksyon Lespri a pou w ka konn kisa ou dwe delege pou w ka konsantre w sou pi gwo priyorite w yo.

4.2.6

Prepare Lòt Moun pou yo Vin Dirijan ak Enstriktè

Lè w ap konsidere kimoun ki ta ka sèvi nan apèl oubyen tach nan Legliz la, fè sa nan lapriyè. Sonje ke Senyè a ap kalifye moun Li aple. Sa k pi enpòtan an se pou yo dispoze pou yo sèvi, pou yo enbleman chèche èd Senyè a, epi pou yo fè efò pou yo rete diy.

4.2.7

Planifye Reyinyon, Leson, ak Aktivite avèk Bi ki Klè

Chèche direksyon Lespri a lè w ap planifye reyinyon, leson, ak aktivite ki gen bi ki klè. Bi sa yo ta dwe ranfòse moun yo ak fanmi yo, mennen yo pi pre Kris la, epi ede yo akonpli travay sali ak egzaltasyon Bondye a (gade nan chapit 1 ak 2).

4.2.8

Evalye Efò Ou

Revize responsablite w ak pwogresyon espirityèl ou regilyèman kòm dirijan. Konsidere pwogresyon moun w ap dirije yo tou.

Siksè w kòm dirijan mezire prensipalman pa angajman w pou w ede pitit Bondye yo vin disip fidèl Jezikri. Ou ka konnen lè Senyè a satisfè de efò ou lè w santi Lespri a ap travay atravè oumenm.

4.3

Konsèy nan Legliz la

Senyè a enstwi dirijan yo nan Legliz Li a pou yo fè konsèy ansanm lè y ap fè travay Li (gade Doktrin ak Alyans 41:2-3). Konsèy yo bay opòtinite pou manm konsèy yo resevwa revelasyon pandan y ap chache konprann bezwen pitit Bondye yo e planifye fason pou ede yo ranpli bezwen yo.

4.4

Prensip Pou Konsèy Ki Efikas

4.4.1

Objektif Konsèy yo

Konsèy yo mete yonaksan espesyal sou ede manm yo resevwa òdonans ak respekte alyans ki asosye avèk yo.

4.4.2

Preparasyon pou Reyinyon Konsèy

Prezidans yo ak Konsèy yo dwe reyini regilyèman. Dirijan sa yo dwe chèche direksyon Senyè a lè y ap planifye reyinyon konsèy sa yo. Yo dwe chèche ide nan men manm konsèy pou yo deside sa yo vle diskite.

Dirijan yo dwe kite manm konsèy yo konnen sijè diskisyon yo davans. Manm konsèy yo dwe prepare pou yo pataje sa yo panse konsènan sijè sa yo.

4.4.3

Diskisyon ak Desizyon

Pandan yon reyinyon konsèy, dirijan an (oubyen yon moun dirijan an bay responsabilite a) eksplike bagay y ap konsidere a. Apresa, dirijan an ankouraje diskisyon pami tout manm ki nan konsèy la, poze yo kesyon ak chèche ide.

Manm yo pataje sikjesyon epi youn koute lòt avèk respè. Pandan y ap chèche konnen volonte Senyè a, yon espri enspirasyon ak inite ka prezan.

Nan yon konsèy ki enkli fi ak gason, dirijan an chèche ide nan menm toulède. Souvan fi yo ak gason yo gen pwendvi diferan ki bay balans ki nesesè a.

Yon dirijan dwe dirije diskisyon yo nan konsèy la. Men, li dwe koute plis pase l pale.

Apre diskisyon an, dirijan an gendwa deside ki aksyon y ap fè oubyen li gen dwa ranvwaye desizyon an pandan l ap chèche plis enfòmasyon ak gidans.

4.4.4

Inite

Manm konsèy yo dwe chache pou yo vin fè youn nan dezi ak objektif avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Yo dwe efòse yo pou yo jwenn inite nan diskisyon ak desizyon yo.

4.4.5

Aksyon ak Responsabilite

Manm konsèy yo dwe fè pifò nan travay yo anvan ak apre reyinyon konsèy yo. Pandan reyinyon yo, yo dwe chèche enspirasyon nan devlope plan pou aplike desizyon yo pran yo. Dirijan konsèy yo dwe envite manm yo pou yo ranpli tach ki gen rapò avèk plan sa yo.

Manm konsèy yo dwe fè rapò sou tach yo. Pwogrè abityèlman mande yon atansyon konstan ak suivi sou tach yo.

4.4.6

Konfidansyalite

Dirijan yo dwe itilize diskresyon lè y ap pataje enfòmasyon pèsonèl avèk konsèy la. An jeneral, yo dwe chèche gen pèmisyon manm nan anvan yo pataje enfòmasyon sa a.

Manm konsèy yo pa dwe pataje enfòmasyon yo andeyò konsèy la sof si sa nesesè pou yo akonpli yon tach dirijan konsèy la ba yo.

Gen kèk bagay ki twò delika pou pote yo devan yon konsèy toutantye.