Manyèl yo ak Apèl yo
Sipòte Moun yo ak Fanmi yo nan Travay Sali a ak Egzaltasyon an


“2. Sipòte Moun yo ak Fanmi yo nan travay Sali ak Egzaltasyon an,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la (2023).

“2. Sipòte Moun yo ak Fanmi yo,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la

Imaj
Foto fanmi

2.

Sipòte Moun yo ak Fanmi yo nan Travay Sali a ak Egzaltasyon an

2.0

Entwodiksyon

Antanke dirijan nan Legliz Jezkri pou Sen Dènye Jou yo, ou sipòte moun yo ak fanmi yo nan akonplisman travay sali ak egazaltasyon Bondye a (gade nan 1.2). Bi final travay sa a se pou ede tout pitit Bondye yo resevwa benediksyon lavi etènèl yo ak yon plenitid lajwa.

Anpil nan travay sali ak egzaltasyon an akonpli atravè fanmi an. Pou tout manm nan Legliz la, travay sa a santre sou fwaye a.

2.1

Wòl fanmi nan Plan Bondye a

Nan kad plan L lan, Pè Selès la etabli fanmi sou tè a. Li vle pou fanmi yo pote bonè pou nou. Fanmi ba nou opòtinite pou nou aprann, grandi, sèvi, repanti, ak padone. Yo kapab ede nou prepare pou lavi etènèl.

Pwomès lavi etènèl Bondye a enkli maryaj etènèl, timoun, ak tout lòt benediksyon yon fanmi etènèl. Pwomès sa a aplike pou moun nan Legliz la ki pa aktyèlman marye yo oubyen ki pa gen fanmi yo.

2.1.1

Fanmi Etènèl

Manm yo nan Legliz la fòme fanmi etènèl lè yo fè alyans kote yo resevwa òdonans sèlman yo nan tanp. Benediksyon yon fanmi etènèl reyalize lè manm yo respekte alyans sa yo epi yo repanti lè yo peche. Dirijan Legliz yo dwe ede manm yo prepare yo pou yo resevwa òdonans sa yo ak onore alyans yo.

Yon aspè adisyonèl nan etabli fanmi etènèl se fè òdonans nan tanp ki pèmèt manm yo sele avèk zansèt yo ki mouri deja yo.

2.1.2

Mari ak Madanm

Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone (gade nan Doktrin ak Alyans 49:15). Yon mari ak yon madanm sipoze pwogrese ansanm nan direksyon lavi etènèl (gade nan 1 Korentyen 11:11).

Youn nan kondisyon pou moun jwenn lavi etènèl se pou yon gason ak yon fi antre nan alyans maryaj selès la (gade nan Doktrin ak Alyans131:1–4). Yon koup fè alyans sa a lè yo resewvwa òdonans sèlman maryaj nan tanp lan. Alyans sa a se fondasyon yon fanmi etènèl. Lè nou respekte l fidèlman, li pèmèt maryaj yo dire pou tout tan.

Entimite fizik ant mari ak madanm se yon bagay ki fèt pou l bèl ak sakre. Se Bondye ki etabli sa pou kreyasyon timoun ak kòm ekspresyon lanmou ant mari ak madanm. Se tandrès ak respè —non pa egoyis— ki dwe gide relasyon entim yo.

Bondye kòmande pou entimite seksyèl rezève pou maryaj ant yon gason ak yon fi.

Yon mari ak yon madanm egal nan je Bondye. Youn pa dwe domine lòt. Desizyon yo dwe pran nan inite ak lanmou, avèk patisipatsyon total toulède.

2.1.3

Paran ak Timoun

Pwofèt dènye jou yo anseye ke “kòmandman Bondye te bay pitit Li yo pou yo miltipliye ak ranpli tè a toujou an vigè.” (“Fami an: Yon Pwolamasyon pou Mond langade tou nan Doktrin ak Alyans 49:16–17

Yon mari ak yon madanm eman travay ansanm pou founi pi bon kad pou elve ak nouri timoun. Gen sikonstans endividyèl ki gen dwa anpeche kèk paran elve pitit yo ansanm. Sepandan, Senyè a ap beni yo si yo chèche èd Li epi si yo fè efò pou yo respekte alyans yo fè avèk Li yo.

Paran yo gen responsablite vital pou yo ede pitit yo prepare yo pou resevwa benediksyon lavi etènèl yo. Yo dwe anseye timoun yo pou yo renmen ak sèvi Bondye ak lòt moun. (gade nan Matye 22:36–40).

“Papa yo dwe prezide fanmi yo nan lanmou ak lajistis e yo responsab pou yo bay fanmi yo tout sa yo bezwen nan lavi a ak pwoteksyon” (“Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan”). Lè pa gen yon mari oswa yon papa nan fwaye a, se manman an ki prezide nan fanmi an.

Prezide nan fanmi an se responsablite pou ede manm fanmi an retounen al viv nan prezans Bondye. Sa fèt nan sèvi yo ak anseye yo avèk jantiyès, dousè, ak lanmou, pandan n ap suiv egzanp Jezikri (gade Matye 20:26–28). Prezide nan fanmi an enkli dirije manm fanmi an nan lapriyè, etid levanjil regilye, ak nan lòt aspè adorasyon. Paran yo dwe travay nan inite pou yo ranpli responsablite sa yo.

“Se manman yo ki gen responsablite prensipal pou nouri pitit yo” (“Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan”). Nouri vle di nouri, anseye, ak sipòte, pandan n ap suiv egzanp Sovè a (gade nan 3 Nefi 10:4). Nan inite avèk mari l, yon manman ede fanmi l aprann verite ki nan levanjil la ak devlope lafwa nan Pè Selès la ak nan Jezikri. Ansanm, yo kreye yon anviwonman lanmou nan fanmi an.

“Nan responsablite sakre sa yo, papa yo ak manman yo gen obligasyon pou youn ede lòt kòm asosye egal” (“Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan”). Yo dwe fè konsèy ansanm, nan lapriyè, epi avèk Senyè a. Yo dwe pran desizyon yo ansanm nan inite ak lanmou, avèk patisipasyon total toulède.

2.2

Travay Sali ak Egzaltasyon an nan Fwaye a

Premye Prezidans lan te di: “Fwaye a se baz yon lavi jis” (Lèt Premye Prezidans lan, 11 Fev. 1999).

Pou sipòte manm yo nan fè travay sali ak egzaltasyon an nan fwaye yo, dirijan Legliz yo ankouraje yo pou yo etabli yon fwaye kote Lespri a prezan. Yo ankouraje manm yo tou pou yo onore jou Saba a, pou yo etidye ak aprann levanjil la nan fwaye yo, epi fè sware familyal.

2.2.3

Etid ak Aprantisaj Levanjil nan fwaye a

Ansèyman ak aprantisaj levanjil la santre sou fwaye a e li sipòte pa Legliz la. Dirijan Legliz yo dwe ankouraje manm yo pou yo etidye levanjil la nan fwaye yo nan jou Saba a ak pandan semèn nan.

Yon etid ekriti jan yo souliyen l nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo se fason yo sigjere pou etid levanjil la fèt nan fwaye a.

2.2.4

Sware Familyal ak Lòt Aktivite

Pwofèt dènye jou yo konseye manm Legliz yo pou yo fè sware familyal chak semèn. Se yon moman sakre pou moun yo ak fanmi yo aprann levanjil la, fòtifye temwayaj yo, bati inite, ak pou youn jwi prezans lòt.

Sware familyal la fleksib selon sikonstans manm yo. Li kapab fèt nan jou Saba a oubyen nan lòt jou ak lòt lè. Li kapab enkli:

  • Etid ak enstriksyon levanjil (la ka itilize materyèl ki nan Vini, Suiv Mwen an si yo vle).

  • Sèvi lòt moun

  • Chante oubyen jwe kantik ak Chan Primè (gade nan chapit 19).

  • Sipòte manm fanmi yo nan pwogram Devlopman Timoun ak Jènnan.

  • Yon konsèy familyal pou fikse bi, rezoud pwoblèm, ak kowòdone orè.

  • Aktivite Rekreyatif.

Manm selibatè yo ak lòt manm kapab rasanble an gwoup andeyò sèvis adorasyon Saba nòmal yo pou yo patisipe nan sware familyal ak pou youn fòtifye lòt atravè etid levanjil la.

2.2.5

Sipòte Moun yo

Dirijan Legliz yo asiste manm ki manke sipò familyal yo.

Dirijan yo ede manm sa yo ak fanmi yo jwenn opòtinite pou yo fè zanmi, pou yo gen bon eksperyans sosyal, ak kwasans espirityèl.

2.3

Relasyon ant fwaye a ak Legliz la

Travay sali ak egzaltasyon an santre sou fwaye a epi li sipòte pa Legliz la. Prensip nou pral wè la yo aplike nan relasyon ant fwaye a ak Legliz la.

  • Dirijan yo ak enstriktè yo onore wòl paran yo e asiste yo.

  • Gen kèk reyinyon Legliz ki endispansab nan chak pawas oubyen branch. Reyinyon sa yo enkli reyiyon sentsèn ak reyinyon klas ak kowòm ki fèt nan jou Saba yo. Gen anpil lòt reyinyon, aktivite, ak pwogram ki pa endispansab.

  • Sèvis ak patisipasyon nan Legliz la mande yon sèten degre sakrifis. Senyè a ap beni manm yo si yo sèvi ak fè sakrifis nan Legliz Li a. Sepandan, kantite tan moun bay pou sèvi nan Legliz la pa ta dwe deranje kapasite manm yo pou yo ranpli responsablite yo lakay yo, nan travay yo, ak lòt kote.