Manyèl yo ak Apèl yo
Prensip nan Prètriz la


“3. Prensip Prètriz yo,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la (2023).

“3. Prensip Prètriz yo,” Seleksyon nan Manyèl Jeneral la

Imaj
yon fanmi k ap mache bò yon tanp

3.

Prensip nan Prètriz la

3.0

Entwodiksyon

Prètriz la se otorite ak pouvwa Bondye. Atravè prètriz la, Pè Selès la akonpli travay li “pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” nan (Moyiz 1:39). Bondye akòde otorite ak pouvwa a pitit gason L ak pitit fi L yo sou tè a pou ede yo reyalize travay sa a (gade nan chapit 1).

3.2

Benediksyon Prètriz yo

Atravè alyans ak òdonans prètriz yo, Bondye rann gwo benediksyon disponib pou tout pitit Li yo. Benediksyon sa yo enkli:

  • Batèm ak apatenans nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

  • Don Sentespri a.

  • Pran Sentsèn.

  • Otorite ak pouvwa pou sèvi nan apèl ak tach nan Legliz la.

  • Resevwa benediksyon patriyakal ak lòt benediksyon prètriz pou gerizon, rekonfò, ak direksyon.

  • Dote avèk pouvwa Bondye nan tanp.

  • Sele avèk manm fanmi nou pou letètnite.

  • Pwomès lavi etènèl la.

3.3

Prètriz Mèlkisedèk ak Prètriz Aawon

Nan Legliz la, prètriz la gen de pati: Prètriz Mèlkisedèk la ak Prètriz Aawon an (gade nan Gade Doktrin ak Alyans 107:1).

3.3.

Prètriz Mèlkisedèk

Prètriz Mèlkisedèk la se “Prètriz Sen an, dapre lòd Pitit Gason Bondye a.” (Doktrin ak Alyans 107:3). Se avèk pouvwa sa a pitit gason ak pitit fi Bondye yo kapab vin tankou Li (gade nan Doktrin ak Alyans 84:19–21; 132:19–20).

Atravè otorite sa a, dirijan yo nan Legliz la dirije epi administre tout travay espirityèl Legliz la (gade nan Doktrin ak Alyans 107:18

Prezidan pieu a se gran prèt ki prezide nan pieu a (gade nan Doktrin ak Alyans 107:8, 10; gade chapit 5 nan manyèl sa a tou). Evèk la se gran prèt ki prezide nan pawas la (gade nan Doktrin ak Alyans 107:17; gade nan chapit 7 nan manyèl sa a).

Pou enfòmasyon konsènan ofis ak responsablite nan Prètriz Mèlkisedèk la, gade nan 8.1.1.

3.3.

Prètriz Aawon

Prètriz Aawon an se “yon branch nan … Prètriz Mèlkisedèk la” (Doktrin ak Alyans 107:14). Li enkli kle:

  • Ministè zanj yo.

  • Levanjil repantans lan.

  • Administre nan òdonans eksteryè yo, ki enkli batèm pou remisyon peche yo.

(Gade nan Doktrin ak Alyans 13:1; 84:26–27; 107:20.)

Evèk la se prezidan Prètriz Aawon an nan pawas la (gade nan Doktrin ak Alyans 107:15).

Pou enfòmasyon konsènan ofis ak responsablite nan Prètriz Aawon an, gade nan 10.1.3.

3.4

Otorite Prètriz la

Otorite Prètriz la se otorizasyon pou reprezante Bondye ak aji nan non Li. Nan Legliz la, tout otorite nan prèriz la egzèse sou direksyon moun ki gen kle prètriz yo.

3.4.1

Kle Prètriz yo

Kle prètriz yo se otorite pou dirije itilizasyon prètriz la an favè pitit Bondye yo.

3.4.1.1

Moun Ki Gen Kle Prètriz yo

Senyè a konfere (bay) sou chak nan Apot Li yo tout kle ki gen rapò avèk wayòm Bondye a sou tè a. Apot vivan ki pi ansyen an, Prezidan Legliz la, se sèl moun sou tè a ki otorize pou egzèse tout kle prètriz yo (gade nan Doktrin ak Alyans 81:1–2; 107:64–67, 91–92; 132:7).

Sou direksyon Prezidan Legliz la, dirijan prètriz yo resevwa kle pou yo ka prezide nan domèn responsablite pa yo. Dirijan sa yo enkli:

  • Prezidan pieu ak distri yo.

  • Evèk ak Prezidan Branch yo.

  • Prezidan kowòm Prètriz Mèlkisedèk ak Aawon yo.

  • Prezidan Tanp yo.

  • Prezidan misyon yo ak prezidan sant fòmasyon misyonè yo.

Dirijan sa yo resevwa kle prètriz la lè yo mete yo apa pou apèl yo a.

Gen lòt moun yo pa bay kle prètriz, sa enkli konseye dirijan prètriz lokal yo ak konseye prezidan òganizasyon yo nan Legliz la. Prezidan òganizasyon yo nan Legliz la prezide sou direksyon moun ki detni kle prètriz la (gade nan 4.2.4).

3.4.1.2

Lòd pou Travay Senyè a

Kle Prètriz yo la pou asire ke travay sali ak egzaltasyon an ap akonpli nan yon fason ki gen lòd (gade nan Doktrin ak Alyans 42:11; 132:8). Moun ki gen kle prètriz yo dwe dirije travay Senyè a nan domèn responsablite pa yo a. Otorite pou prezide a valid sèlman pou responsablite espesifik ki nan apèl dirijan an. Lè dirijan prètriz yo relve nan apèl yo, yo pa gen kle sa yo ankò.

3.4.2

Konfere Prètriz ak Òdinasyon nan Prètriz la

Sou direksyon moun ki gen kle prètriz la, yo konfere Prètriz Aawon an ak Prètriz Mèlkisedèk la sou manm gason ki diy nan Legliz la (gade nan Doktrin ak Alyans 84:14–17). Apre yo fin konfere yon moun prètriz apwopriye a, yo òdone l nan yon ofis nan prètriz sa a kòm dyak oubyen kòm ansyen. Detantè prètriz yo dwe egzèse prètriz la selon dwa ak devwa ofis sa a (gade nan Doktrin ak Alyans 107:99).

Pou plis enfòmasyon konsènan konfere moun prètriz la ak òdone moun nan prètriz la, gade nan 8.1.1 ak 18.10.

3.4.3

Delegasyon Otorite Prètriz la pou Sèvi nan Legliz la

3.4.3.1

Mizapa

Lè gason ak fi resevwa mizapa sou direksyon moun ki gen kle prètriz la, yo resevwa otorite nan men Bondye pou yo aji nan apèl sa a. Lè yo relve nan yon apèl, yo pa gen otorite ki asosye avèk li a ankò.

Men tout manm nan Legliz la ki resevwa mizapa pou yo sèvi resevwa otorite ak responsablite diven pou yo aji nan apèl yo a. Pa egzanp:

  • Yon fi ke evèk la aple epi mete apa kòm prezidant Sosyete Sekou resevwa otorite pou l dirije travay Sosyete Sekou a nan pawas la.

Moun ki resevwa apèl ak mizapa yo sèvi sou direksyon moun ki prezide sou yo a (gade nan 3.4.1.2

3.4.3.2

Asiyasyon

Dirijan yo ki prezide nan Legliz la kapab delege otorite atravè asiyasyon. Lè gason ak fi resevwa tach sa yo, yo resevwa otorite ki soti nan men Bondye pou yo aji. Pa egzanp:

  • Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo delege otorite bay Swazanndis yo ki gen responsablite pou yo administre kèk zòn ak pou prezide nan konferans pieu yo.

  • Yo delege otorite bay manm nan Legliz la pou yo sèvi kòm frè sèvis pastoral ak sè sèvis pastoral.

Otorite yo delege yo nan tach sa a limite a responsablite espesifik ak dire tach la.

3.4.4

Egzèse Otorite Prètriz la nan Lajistis

Yo ka itilize otorite sa a sèlman nan lajistis (gade nan Doktrin ak Alyans 121:36). Li egzèse pa pèsyazyon, pasyans, jantiyès, dousè, lanmou, ak bonte (gade nan Doktrin ak Alyans 121:41–42).

Moun ki egzèse otorite prètriz la pa enpoze volonte yo sou lòt moun. Yo pa dwe itilize l pou bi egoyis.

3.5

Pouvwa Prètriz la

Se atravè pouvwa prètriz la Bondye beni pitit Li yo. Pouvwa prètriz Bondye a manifeste sou tout manm nan Legliz la—fi ak gason—lè yo respekte alyans yo fè avèk Li yo. Manm yo fè alyans sa yo lè yo resevwa òdonans prètriz yo. (Gade nan Doktrin ak Alyans 84:19–20.)

Benediksyon pouvwa prètriz manm yo kapab resevwa yo enkli:

  • Gidans pou lavi yo.

  • Enspirasyon pou yo ka konn kijan pou yo sèvi manm fanmi yo ak lòt moun.

  • Fòs pou yo andire ak simonte difikilte.

  • Don Lespri a pou mayifye kapasite yo.

  • Revelasyon pou yo ka konn kijan pou yo fè travay yo òdone yo a, mete yo apa a, oubyen asiyen yo pou yo fè a.

  • Èd ak fòs pou yo ka vin pi sanble avèk Jezikri ak Pè Selès la.

3.5.1

Alyans

Yon alyans se yon pwomès sakre ant Bondye ak pitit Li yo. Bondye bay kondisyon pou alyans lan, e pitit Li yo dakò pou yo obeyi kondisyon sa yo. Bondye pwomèt pou L beni pitit Li yo lè yo respekte alyans lan.

Tout moun ki pèsevere jiska lafen nan respekte alyans yo ap resevwa lavi etènèl (gade nan 2 Nefi 31:17–20; Doktrin ak Alyans 14:7

Paran, dirijan Legliz, ak lòt moun ede manm yo prepare yo pou yo fè alyans lè yo resevwa òdonans levanjil yo. Yo dwe asire yo ke moun nan konprann alyans li pral fè a. Lè yon moun fin fè yon alyans, yo ede l respekte li. (Gade nan Mozyiah 18:8–11, 23–26.)

3.5.2

Òdonans

Yon òdonans se yon aksyon sakre ki fèt pa otorite prètriz la.

Nan anpil òdonans, moun fè alyans avèk Bondye. Egzanp sa yo enkli batèm, sentsèn, dotasyon, ak òdonans sèlman maryaj la.

Òdonans sali ak egzaltasyon yo endispansab pou lavi etènèl. Pou plis enfòmasyon, gade nan 18.1.

3.6

Prètriz la ak Fwaye a

Tout manm Legliz la ki respekte alyans yo—fi, gason, ak timoun—beni avèk pouvwa prètriz la nan fwaye yo pou yo fòtifye tèt yo ak fanmi yo (gade nan 3.5). Pouvwa sa a ap ede manm yo fè travay sali ak egzaltasyon Bondye a nan lavi pèsonèl yo ak nan fanmi yo (gade nan 2.2).

Gason ki gen Prètriz Mèlkisedèk la kapab bay manm fanmi yo benediksyon prètriz pou ba yo direksyon, gerizon, ak rekonfò. Lè sa nesesè, manm nan Legliz la kapab chèche benediksyon sa yo tou nan men manm fanmi elaji, frè sèvis pastoral yo, oubyen dirijan Legliz la nan zòn yo a.