EnglishConnect for Missionaries
Leson 1: Leson Entwodiksyon


“Leson 1: Leson Entwodiksyon,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo (2022)

“Leson 1,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo

fi k ap souri nan klas

Lesson 1

Introductory Lesson

Byenveni nan EnglishConnect! Nou kontan anpil ou isit la. Nou se yon kominote moun k ap chèche elaji opòtinite nou yo nan aprann Anglè. orijinNou ka genyen orijin diferan, pale lang diferan, epi nou gen nivo kapasite Anglè diferan, men, ansanm, nou ka atenn objektif nou.

EnglishConnect diferan pase tout lòt pwogram aprantisaj Anglè. EnglishConnect prepare pou ede ou devlope konpetans Anglè nan yon anbyans lafwa, kamaradri, ak pwogresyon. Sa vledi, ou pap fè sa poukont ou. Chak moun nan gwoup EnglishConnect ou a pral sipòte ak ankouraje yonn lòt. Sa vledi tou ke ou pral aplike prensip aprantisaj espirityèl yo pandan w ap etidye ak aprann.

Nan leson sa, nou pral entwodwi pwosesis ou pral itilize pou chak leson nan etid pèsonèl ak nan konvèsasyon an gwoup ou yo.

An nou kòmanse!

Conversation Group

Objektif: M pral aprann prezante tèt mwen epi lòt moun.

Discuss the Principle of Learning: You Are a Child of God

(10–20 minutes)

jènfi ki gen konfyans

Chak leson nan manyèl sa a kòmanse avèk yon prensip aprantisaj. Yo se prensip espirityèl ki ka ede ou amelyore aprantisaj ou atravè etid ak lafwa. Nan chak leson, nou pral:

  • Li prensip aprantisaj yo pou leson sa a awotvwa.

  • Diskite sou kesyon yo.

Ou Se yon Pitit Bondye

Èske ou te konnen ke yonn nan bagay ki pi enpòtan ou ka fè pou akonpli yon objektif se konsantre sou kwayans ou konsènan tèt ou? Kwayans ou konsènan kapasite ou pral gen yon enpak siyifikatif sou efò ak rezilta ou yo. Ou gen dwa doute sou kapasite w akoz echèk pase ou yo. Bòn nouvèl la sèke ou ka chanje kwayans ou yo! Lè ou chanje kwayans ou yo konsènan oumenm, ou ka chanje rezilta ou yo. Pouvwa pou chanje kwayans ou yo konsènan tèt ou a vini lè ou konprann vrè nati ou.

Ou se yon pitit Bondye. Li renmen ou. Kòm piti Li, ou gen potansyèl ak objektif etènèl. Ou gen kapasite pou w aprann ak chanje. Ou gen kapasite pou w devlope ak amelyore. Bondye vle ede w pwogrese. Li vle tounen asosye w pou ede w atenn potansyèl ou. Vin tounen asosye Bondye nan aprann Anglè ap ede w konnen Li pi byen. Li ap ede w konnen tèt ou pi byen tou.

Ou ka priye Bondye. L ap koute ou. Ou ka mande Li ede w aprann Anglè. Ou ka remèsye Li pou benediksyon w yo. Pandan w ap priye, prete atansyon a panse ak santiman ou yo. Ou ka konnen ke Bondye la, Li renmen ou, epi Li vle ede ou. Ou ka chwazi pou w kwè ke ou se yon pitit Bondye ki gen potansyèl etènèl, epi ou ka chèche èd Li pou w aprann Anglè.

Ponder

  • Kijan konnen ou se yon pitit Bondye enfliyanse kwayans ou yo konsènan oumenm?

  • Kijan konnen ou se yon pitit Bondye ka ede w aprann Anglè?

senbòl 1
Activity 1: Practice the Pattern

(10–15 minutes)

Part 1: Revize lis vokabilè a avèk yon patnè.

Pandan w ap aprann vokabilè, konsantre w sou siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo.

I/my

M/pa m

you/your

ou/pa w

he/his

li/pa l

she/her

li/pa l

What is … ?

Kisa … ye?

name

non

please

tanpri

thank you/thanks

mèsi/mèsi

Hello/Hi

Alo/Hi

Goodbye/Bye

Orevwa/Bye

Nice to meet you.

M kontan rankontre ou.

See you later!

Yon lòt okazyon!

Part 2: Pratike modèl 1 avèk yon patnè.

Pratike modèl la avèk yon patnè. Objektif ou se pou poze ak reponn kesyon avèk konfyans epi konprann sa k ap pale a.

Pratike poze kesyon.

Kreye otan kesyon ou kapab.

Example 1

What is your name?

modèl kesyon kijan w rele
Example 2

What’s his name?

Modèl kesyon kijan l rele
Pratike reponn kesyon yo.

Kreye otan repons ou kapab. Ou ka ranplase mo souliye yo pa pwòp mo pa ou.

Example 1

I am Luna.

modèl reponsd mwen rele Luna
Example 2

His name is Seth.

modèl repons li rele Seth.
Itilize modèl yo pou w pratike konvèsasyon.

Itilize modèl yo pou w poze ak reponn kesyon yo.

Questions

modèl kesyon kijan w rele

Answers

modèl repons mwen rele Seth.
Example
de fi ki ap pale
  • A: Hi! What is your name?

  • B: Hello! My name is .

  • A: Nice to meet you.

  • B: What’s your name?

  • A: My name is .

  • B: Nice to meet you.

  • A: What’s her name?

  • B: Her name is Rosa.

senbòl 2
Activity 2: Create Your Own Sentences

(5–10 minutes)

Objektif aktivite sa a se pou w itilize modèl ak vokabilè pou w bati pwòp fraz pa ou.

Gade foto yo. Poze ak reponn kesyon konsènan non chak moun. Youn apre lòt.

Example: Talia

tifi k ap souri sou plaj
  • A: What’s her name?

  • B: Her name is Talia.

Image 1: Marco

gason k ap souri

Image 2: Nat

fi k ap souri

Image 3: Sam

granmoun gason k ap souri

Image 4: Mari

fi k ap souri

Image 5: Jean

gason k ap souri ak yon chemiz mov ak kravat

senbòl 3
Activity 3: Create Your Own Conversations

(10–15 minutes)

Objektif aktivite sa a se pou fè yon konvèsasyon an Anglè.

Part 1

Rankontre gwoup ou a. Mande non chak moun nan gwoup ou a. Se pou w kreyatif! Itilize otan mo ou konnen.

Example
  • A: Hi, what’s your name?

  • B: My name is Mei. What is your name?

  • A: My name is Sione. Nice to meet you.

  • B: Nice to meet you. Goodbye.

  • A: Bye!

Part 2

Chèche jwenn yon patnè epi prezante patnè w la bay gwoup ou a.

Example
  • A: Hi, what’s her name?

  • B: Her name is Luna. What is his name?

  • A: His name is Seth.

Evaluate

(5–10 minutes)

Ou se yon pitit Bondye epi ou gen potansyèl ilimite pou w aprann ak devlope. Ou ka aprann kouman pou w amelyore lè w evalye pèfòmans ak efò ou yo. Apre chak leson, evalye pwogrè ou nan akonpli chak objektif. Apresa, itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a pou w evalye efò ou epi chwazi yon fason pou amelyore anvan pwochen leson an.

Evalye pwogrè w sou objektif ak efò ou yo pou pratike Anglè chak jou.

Evaluate Your Progress

I can:

  • Ask for others’ names.

    Mande lòt moun non yo.

    figi endiferan, figi satisfè, figi kontan
  • Introduce myself and others.

    Prezante tèt mwen epi lòt moun.

    figi endiferan, figi satisfè, figi kontan
  • Understand how EnglishConnect can help me learn English.

    Konprann kouman EnglishConnect ka ede m aprann Anglè.

    figi endiferan, figi satisfè, figi kontan

Evaluate Your Efforts

Evalye efò w yo pou:

  1. Etidye prensip aprantisaj la.

  2. Memorize Vokabilè.

  3. Pratike modèl yo.

  4. Pratike chak jou.

Fikse yon bi. Konsidere sijesyon pou etid ki nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” la.

Pataje bi w la avèk yon patnè.

Prepare pou Pwochèn Fwa

(5 minutes)

Bondye toujou la pou sipòte nou. Li atann pou nou fè tout sa nou kapab tou. Ou pral benefisye de chak efò w fè pou prepare pou leson an. Men twa bagay pou w fè pou chak leson anvan ou patisipe nan konvèsasyon gwoup ou an:

  • Etidye prensip aprantisaj la.

  • Memorize Vokabilè.

  • Pratike modèl yo.

Ou ka wè twa bagay sa yo nan seksyon “Etid Pèsonèl” la nan kòmansman chak leson. Sonje pou w etidye ak pratike chak jou.

Act in Faith to Practice English Daily

Nan fen chak leson, gen yon seksyon “Aji avèk Lafwa pou Pratike Anglè Chak Jou”. Pase yon minit ap li sitasyon an awotvwa avèk gwoup ou a.

“Nou chak gen yon potansyèl diven paske nou chak se yon pitit Bondye. Nou tout egal nan je Li. Enplikasyon yo sou verite sa a pwofon” (Russell M. Nelson, “Kite Bondye gen Priyorite,” Lyawona, Nov. 2020, 94).