“Leson 14: Travay ak Karyè,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo (2022)
“Leson 14,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo
Lesson 14
Jobs and Careers
Objektif: M pral aprann pale sou travay yon moun ak kote li travay.
Personal Study
Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou an nan konplete aktivite A rive nan E.
Study the Principle of Learning: You Are a Child of God
Ou Se yon Pitit Bondye
I am a child of God with eternal potential and purpose.
M se yon pitit Bondye avèk potansyèl ak objektif etènèl.
Ou se yon pitit fi oubyen pitit gason yon Pè Selès eman. L ap gide ou. Avèk èd Li, ou fè plis bagay pase sa ou ta ka fè poukont ou. Nan Liv Mòmon an, an nou aprann konsènan yon jèn gason ki te rele Nefi ki te vin tounen yon pwofèt-dirijan pèp li a. Bondye te vle dirije Nefi ak fanmi li al sou yon nouvo tè. Tè sa a te lòtbò yon oseyan, epi Nefi te oblije bati yon bato. Li pat ko janm bati yon bato avan sa. Frè l yo pat kwè li te ka fè sa. Nefi te chèche direksyon nan men Bondye.
Nefi te di frè l yo, “Si [Bondye] … te akonpli anpil mirak sa yo nan pami pitit lèzòm, kòman l fè pa kapab enstwi m pou m ta konstwi yon bato?” (1 Nefi 17:51).
Avèk èd Bondye, Nefi ak fanmi l te bati yon bato epi yo te fè vwayaj difisil la travèse oseyan an. Menmjan Bondye te ede Nefi a, Bondye vle ede ou tou. Ou ka priye pou direksyon. Ou ka priye pou w konprann ak sonje sa w ap aprann yo. Lè w ap priye, prete atansyon a panse ak santiman ki vini yo. Apresa, aji nan lafwa. Ou ka fè plis bagay avèk èd Li pase san èd Li.
Ponder
-
Nan ki fason vwayaj ou nan aprann Anglè a sanble avèk istwa Nefi ki t ap bati yon bato a?
-
Pandan w ap aprann Anglè, avèk kisa ou ka mande Bondye pou ede ou?
Memorize Vocabulary
Aprann siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo avan konvèsasyon gwoup ou a. Eseye aplike mo yo nan lavi ou. Panse sou kilè ak kikote ou ta ka itilize mo sa yo.
|
job |
jòb |
Nouns 1
|
factory |
faktori |
|
hospital |
lopital |
|
office |
Biwo |
|
restaurant |
restoran |
|
school |
lekòl |
|
store |
magazen |
Nouns 2
|
accountant |
kontab |
|
artist |
atis |
|
cashier |
kesye |
|
computer programmer |
pwogramè konpitè |
|
cook |
kwit |
|
custodian |
gadyen |
|
doctor |
doktè |
|
electrician |
elektrisyen |
|
factory worker |
travayè faktori |
|
farmer |
fèmye |
|
lawyer |
avoka |
|
mechanic |
mekanisyen |
|
nurse |
enfimyè |
|
office worker |
anplwaye biwo |
|
salesperson |
vandè |
|
server |
sèvitè |
|
teacher |
enstriktè |
Practice Pattern 1
Pratike itilizasyon modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Ou ka ranplase mo ki souliye yo avèk mo yo nan seksyon “Memorize Vocabulary” a.
Q: Where do you work?A: I work at a (noun 1).
Questions
Answers
Examples
Q: Where do you work?A: I work at a hospital.
Q: Where does she work?A: She works at an office.
Practice Pattern 2
Pratike itilize modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon avèk konfyans. Eseye di modèl yo awotvwa. Konsidere anrejistre tèt pa ou. Prete atansyon avèk pwononsyasyon ak rapidite ou.
Q: What’s your job?A: I’m a (noun 2).
Questions
Answers
Examples
Q: What’s your job?A: I’m a nurse.
Q: What’s his job?A: He’s an electrician.
Q: What’s her job?A: She’s an artist.
Use the Patterns
Ekri kesyon ou ka poze yon moun. Ekri yon repons pou chak kesyon. Li yo awotvwa.
Additional Activities
Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan EnglishConnect 1 Kaye Egzèsis.
Act in Faith to Practice English Daily
Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Repase bi etid w la epi evalye efò ou yo.
Conversation Group
Discuss the Principle of Learning: You Are a Child of God
(20–30 minutes)
-
Li prensip aprantisaj pou leson sa awotvwa.
-
Diskite kesyon yo.
Activity 1: Practice the Patterns
(10–15 minutes)
Repase lis vokabilè a avèk yon patnè.
Pratike modèl 1 avèk yon patnè:
-
Pratike poze kesyon.
-
Pratike reponn kesyon.
-
Pratike yon konvèsasyon nan itilize modèl yo.
Repete pou modèl 2.
Activity 2: Create Your Own Sentences
(10–15 minutes)
Gade foto yo. Poze epi reponn kesyon konsènan travay chak moun. Pran tou.
Example: Carlos
-
A: Where does Carlos work?
-
B: He works at a school.
-
A: What’s his job?
-
B: He’s a teacher.
Image 1: Sofia
Image 2: Jean
Image 3: Clara
Image 4: Frederick
Image 5: Hana
Image 6: Lee
Activity 3: Create Your Own Conversations
(15–20 minutes)
Poze epi reponn kesyon konsènan anplwa ou ak kote w ap travay la. Pran tou. Chanje patnè epi pratike ankò.
New Vocabulary
|
home |
fwaye |
|
student |
etidyan |
|
university |
inivèsite |
Example
-
A: What’s your job?
-
B: I’m an electrician.
-
A: Where do you work?
-
B: I work at a factory.
Evaluate
(5–10 minutes)
Evalye pwogrè w sou objektif ak efò ou yo pou pratike Anglè chak jou.
Evaluate Your Progress
I can:
-
Say where I work.
Di kikote m travay.
-
Say what my job is.
Di kisa ki travay mwen.
-
Ask and say where someone works.
Mande epi di kikote yon moun ap travay.
-
Ask and say what someone’s job is.
Mande epi di kisa ki travay yon moun.
Evaluate Your Efforts
Evalye efò ou pou:
-
Etidye prensip aprantisaj la.
-
Memorize vokabilè yo.
-
Pratike modèl yo.
-
Pratik chak jou.
Fikse yon bi. Konsidere sijesyon pou etid yo nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” la.
Pataje bi w la avèk yon patnè.
Act in Faith to Practice English Daily
“Senyè a konnen ou epi Li renmen ou. … L ap dirije ak gide ou nan lavi pèsonèl ou si ou fè tan pou Li nan lavi ou—chak jou” (Russell M. Nelson, “Fè Tan pou Senyè a,” Liahona, Nov. 2021, 121).