“Leson 12: Lè ak Kalandriye,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo (2022)
“Leson 12,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo
Lesson 12
Time and Calendar
Objectif: m pral aprann pale konsènan tan ak dat.
Personal Study
Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou an nan konplete aktivite A rive nan E.
Study the Principle of Learning: Take Responsibility
Pran Responsablite
I have the power to choose, and I am responsible for my own learning.
Mwen gen pouvwa pou m chwazi, epi mwen responsab pwòp aprantisaj mwen.
Ou se yon ajan; ou gen pouvwa pou w agi pou tèt pa w. Souvan, tandans nou se pou nou ret tann dirijan, enstriktè, oubyen lòt moun di nou kisa pou nou fè. Nou vle pou yo ban nou enstriksyon etap-pa-etap. Bondye vle pou nou konprann ke kòm pitit Li, nou gen pouvwa nan noumenm pou fè bon chwa epi avanse devan.
Li eksplike ke pitit Li yo “ta dwe angaje seryezman nan bon koz, ak fè anpil bagay avèk volonte pa yo, pou fè anpil jistis; paske pouvwa a nan yo menm, kote yo se responsab pou tèt pa yo. Epi toutotan lèzòm fè byen, yo p ap pèdi rekonpans yo nan okenn fason.” (Doktrin ak Alyans 58:27–28).}
Pouvwa a nan ou. Ou ka pran responsablite pou aprantisaj ou. Si yon enstriktè malad epi l pa ka vini, ou ka chwazi pratike avèk lòt etidyan. Si w pa konprann yon bagay, ou ka mande èd. Si w bezwen ide sou fason ou ka etidye pibyen, ou ka mande lòt etidyan nan gwoup ou a kisa ki mache byen pou yo. Ou gen pouvwa pou w chwazi ak aji. Avèk Bondye, ou deside kisa w ap aprann ak vin tounen.
Ponder
-
Kisa w panse ki se responsablite w kòm yon etidyan?
-
Kisa ou ka fè pou w pran responsablite pou aprantisaj pa w?
Memorize Vocabulary
Aprann siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo anvan konvèsasyon an gwoup ou a. Eseye aprann plis mo ou ka itilize nan modèl yo. Konsidere itilize yon diksyonè oubyen yon tradiktè oubyen mande yon zanmi.
|
date |
Dat |
|
day |
jou |
|
time |
lè |
|
at |
nan |
|
on |
sou |
Time
|
noon |
midi |
|
midnight |
minwi |
|
five o’clock/5:00 a.m. |
senk è/5:00 dimaten. |
|
five thirty/5:30 p.m. |
senkè trant/5:30 apremidi. |
Days
|
Sunday |
Dimanch |
|
Monday |
Lendi |
|
Tuesday |
Madi |
|
Wednesday |
Mèkredi |
|
Thursday |
Jedi |
|
Friday |
Vandredi |
|
Saturday |
Samdi |
|
Saturday, January 1st |
Samdi, 1 Janvye |
Verbs
|
clean the house |
netwaye kay la |
|
get the mail |
pran kourye a |
|
wash the dishes |
lave veso yo |
Practice Pattern 1
Pratike itilizasyon modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Ou ka ranplase mo ki souliye yo avèk mo yo nan seksyon “Memorize Vocabulary” a.
Q: What time is it?A: It’s (time).
Questions
Answers
Examples
Q: What time is it?A: It’s five o’clock.
Q: What day is it?A: It is Sunday.
Q: What day is it?A: It’s February 5th.
Practice Pattern 2
Pratike itilize modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon avèk konfyans. Eseye itilize modèl yo nan yon konvèsasyon avèk yon zanmi. Ou ta ka pale oubyen voye mesaj.
Q: When do you (verb)?A: I (verb) on (day).
Questions
Answers
Examples
Q: When do they clean the house?A: They clean the house on Monday.
Q: When do you get the mail?A: I get the mail at noon.
Q: When does he wash the dishes?A: He washes the dishes at 5:30 p.m.
Use the Patterns
Ekri kat kesyon ou ka poze yon moun. Ekri yon repons pou chak kesyon. Li yo awotvwa.
Additional Activities
Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan EnglishConnect 1 Kaye Egzèsis.
Act in Faith to Practice English Daily
Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Repase bi etid w la epi evalye efò ou yo.
Conversation Group
Discuss the Principle of Learning: Take Responsibility
(20–30 minutes)
-
Li prensip aprantisaj pou leson sa a awotvwa.
-
Diskite kesyon yo.
Activity 1: Practice the Patterns
(10–15 minutes)
Repase lis vokabilè a avèk yon patnè.
Pratike modèl 1 avèk yon patnè.
-
Pratike poze kesyon.
-
Pratike reponn kesyon.
-
Pratike yon konvèsasyon nan itilize modèl yo.
Repete pou modèl 2.
Activity 2: Create Your Own Sentences
(10–15 minutes)
New Vocabulary
|
Is it Friday, June 9th? |
Èske se Vendredi, 9 Jen? |
Gade kalandriye a. Chwazi yon jou. pa di patnè w la ki jou ou chwazi. Poze epi reponn kesyon pou devine jou a. Pran tou.
Example
-
A: What day is it?
-
B: It’s Wednesday.
-
A: Is it Wednesday, June 7th?
-
B: No.
-
A: Is it Wednesday, June 14th?
-
B: Yes, it’s Wednesday, June 14th.
Activity 3: Create Your Own Conversations
(15–20 minutes)
Part 1
Poze epi reponn kesyon sou kilè w ap fè yon bagay. Itilize vokabilè nan leson sa a ak leson 11 lan. Di otan ou kapab. Pran tou. Chanje patnè epi pratike ankò.
Example
-
A: When do you wake up?
-
B: I wake up at 7:00 a.m.
-
A: When do you visit your friends?
-
B: I visit my friends on Saturday at 5:30 p.m.
Part 2
Poze epi reponn kesyon sou kilè w ap selebre evènman enpòtan. Pale konsènan evènman enpòtan ki sou lis la oubyen panse sou lòt evènman enpòtan. Di otan ou kapab. Pran tou.
New Vocabulary
|
anniversary |
anivèsè |
|
celebrate |
selebre |
|
holiday |
konje |
Evènman Enpòtan
-
Jou nesan ou
-
Jou nesans yon manm fanmi
-
Yon anivèsè
-
Yon konje favori (Nwèl; Jou Endepandans; Nouvèl Ane)
Example
-
A: When do you celebrate your sister’s birthday?
-
B: I celebrate my sister’s birthday on December 10th.
Evaluate
(5–10 minutes)
Evalye pwogrè w sou objektif ak efò ou yo pou pratike Anglè chak jou.
Evaluate Your Progress
I can:
-
Say the time and date.
Di lè ak dat la.
-
Ask for the time and date.
Mande lè ak dat.
Evaluate Your Efforts
Evalye efò ou pou:
-
Etidye prensip aprantisaj la.
-
Memorize vokabilè yo.
-
Pratike modèl yo.
-
Pratik chak jou.
Fikse yon bi. Konsidere sijesyon pou etid yo nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” la.
Pataje bi w la avèk yon patnè.
Act in Faith to Practice English Daily
“Pouvwa pou chwazi a nan nou chak, epi anyen pa ka pran l nan men nou. Nou gen pouvwa pou nou chwazi chemen nou nan lavi a” (Harold C. Brown, “Don Mèveye ki rele Chwa a,” Ensign, Des. 2001, 49).