“Leson 11: Aktivite Mwen yo,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo (2022)
“Leson 11,” EnglishConnect 1 pou Elèv yo
Lesson 11
My Activities
Objektif: Mwen pral aprann pale de sa yon moun ap fè kounyea ak woutin li yo.
Personal Study
Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou a nan konplete aktivite A rive nan E.
Study the Principle of Learning: Exercise Faith in Jesus Christ
Egzèse Lafwa nan Jezikri
Jesus Christ can help me do all things as I exercise faith in Him.
Jezikri ka ede mwen fè tout bagay si mwen egzèse lafwa nan Li.
Nefi te wè yon pwofèt nan Liv Mòmon an. Lè l te pi jèn, Nefi ak frè l yo te resevwa kòmandman pou yo te jwenn yon liv sakre. Liv sa a te enpòtan paske li te anseye konsènan plan Bondye a ak wòl Jezikri. Yon mesye mechan ki rele Laban te posede liv la. Nefi ak frè l yo te eseye mande l liv la. Laban te di non. Nefi ak frè l yo te eseye achte li. Laban te di non epi l te vòlè tout lajan yo. Apre yo te echwe defwa, frè Nefi yo te fache epi yo te vle abandone.
Nefi te ankouraje frè li yo nan di, “Ann monte Jerizalèm, epi ann nou rete fidèl nan kenbe kòmandman Senyè a yo; paske gade li pi puisan pase tout moun sou tè” (1 Nefi 4:1).
Konfyans Nefi nan Bondye te ede li eseye yon twazyèm fwa. Fwa sa a, avèk èd Bondye, li te reyisi jwenn liv sakre a. Eksperyans Nefi a anseye nou ke eseye epi echwe pafwa fè pati yon bagay difisil. Aprann yon nouvo lang difisil epi sa mande plizyè santèn èdtan. Petèt ou te eseye aprann Anglè avan, epi sa pa t byen pase. Petèt ou te rate reyinyon ebdomadè w la oswa ou te bliye etidye. Eseye ankò lè w echwe. Lè ou egzèse lafwa nan Jezikri, Li ka transfòme echèk an siksè.
Ponder
-
Kijan nou ka menmjan ak Nefi epi kontinye eseye lè nou echwe?.
-
Kijan ranfòse lafwa nou nan Jezikri ka ede nou aprann de echèk nou yo?
Memorize Vocabulary
Aprann siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo avan konvèsasyon an gwoup ou a. Eseye itilize nouvo mo yo nan yon konvèsasyon oswa nan yon mesaj pou yon moun ki konnen Anglè.
|
now |
kounyea |
Verbs/Verbs + ing
|
come home/coming home |
vini lakay/ap vini lakay |
|
do homework/doing homework |
fè devwa/ ap fè devwa |
|
eat dinner/eating dinner |
manje dine/ap manje dine |
|
exercise/exercising |
fè egzèsis/ap fè egzèsis |
|
get ready for bed/getting ready for bed |
pare pou al nan kabann/ap pare pou al nan kabann |
|
go to bed/going to bed |
al dòmi/m pral dòmi |
|
make lunch/making lunch |
prepare manje/ap prepare manje |
|
pray/praying |
priye/ap priye |
|
relax/relaxing |
rilaks/ap rilaks |
|
take a nap/taking a nap |
pran yon repo/ap pram repo |
|
take a walk/taking a walk |
fè yon ti mache/ap fè yon ti mache |
|
visit my friends/visiting my friends |
vizite zanmi m yo/ap vizite zanmi m yo |
|
watch movies/watching movies |
gade sinema/ap gade sinema |
|
work/working |
travay/ap travay |
Time
|
morning |
maten |
|
afternoon |
aprèmidi |
|
evening |
sware |
Practice Pattern 1
Pratike itilize modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans.
Q: What are you doing now?A: I am (verb + ing).
Questions
Answers
Examples
Q: What are you doing now?A: I am relaxing.
Q: What are they doing now?A: They are making dinner.
Q: What is he doing now?A: He is visiting his friends.
Practice Pattern 2
Pratike itilize modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Eseye fè aktivite konvèsasyon gwoup 1 ak 2 yo avan gwoup ou a rankontre.
Q: When do you (verb)?A: I (verb) in the (time).
Questions
Answers
Examples
Q: When do you work?A: I work in the morning.
Q: When do they eat dinner?A: They eat dinner in the evening.
Q: When does she do homework?A: She does homework in the afternoon.
Use the Patterns
Ekri kat kesyon yo ou ka poze yon moun. Ekri yon reponn pou chak kesyon. Li yo awotvwa.
Additional Activities
Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan EnglishConnect 1 Kaye Egzèsis.
Act in Faith to Practice English Daily
Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Repase bi etid w la epi evalye efò ou yo.
Conversation Group
Discuss the Principle of Learning: Exercise Faith in Jesus Christ
(20–30 minutes)
-
Li prensip aprantisaj pou leson sa a awotvwa.
-
Diskite kesyon yo.
Activity 1: Practice the Pattern
(10–15 minutes)
Repase lis vokabilè a avèk yon patnè.
Pratike modèl 1 avèk yon patnè:
-
Pratike poze kesyon.
-
Pratike reponn kesyon.
-
Pratike yon konvèsasyon nan itilize modèl yo.
Repete pou modèl 2.
Activity 2: Create Your Own Sentences
(10–15 minutes)
Gade foto yo. Poze ak reponn kesyon konsènan sa moun ki nan chak imaj yo ap fè kounyea. Youn apre lòt. Chanje patnè epi pratike ankò.
Example 1: Igor
-
A: What is Igor doing now?
-
B: He is eating lunch.
Example 2: Hua and Bao
-
A: What are Hua and Bao doing now?
-
B: They are cooking dinner.
Image 1: Imani
Image 2: Sophie
Image 3: Raquel and Vinny
Image 4: Lily and Suri
Image 5: Luis’s Family
Image 6: Maria’s Family
Activity 3: Create Your Own Conversations
(15–20 minutes)
Gade foto yo. Poze ak reponn kesyon konsènan lè w fè aktivite nan chak imaj la. Youn apre lòt. Chanje patnè epi pratike ankò.
Example
-
A: When do you do homework?
-
B: I do homework in the evening.
Image 1
Image 2
Image 3
Image 4
Image 5
Image 6
Image 7
Evaluate
(5–10 minutes)
Evalye pwogrè w sou objektif ak efò ou yo pou pratike Anglè chak jou.
Evaluate Your Progress
I can:
-
Say what I am doing now.
Di kisa m ap fè kounyea.
-
Talk about what others are doing now.
Pale sou sa lòt moun yo ap fè kounyea.
-
Describe daily routines.
Dekri woutin kotidyen yo
Evaluate Your Efforts
Evalye efò ou pou:
-
Etidye prensip aprantisaj la.
-
Memorize vokabilè yo.
-
Pratike modèl yo.
-
Pratik chak jou.
Fikse yon bi. Konsidere sijesyon pou etid yo nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” la.
Pataje bi w la avèk yon patnè.
Act in Faith to Practice English Daily
“Gras ak Jezikri, echèk nou yo pa oblije defini kiyès nou ye. Yo ka rafine nou” (Dieter F. Uchtdorf, “Bondye nan mitan Nou,” Lyawona, Me 2021, 9).