EnglishConnect for Missionaries
Leson 9: Rad ak Koulè


“Leson 9: Rad ak Koulè,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo (2022)

“Leson 9,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo

tifi k ap mache

Lesson 9

Clothing and Colors

Objektif: Mwen pral aprann dekri sa yon moun mete sou li.

Personal Study

Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou a nan konplete aktivite A rive nan E.

senbòl a
Study the Principle of Learning: Counsel with the Lord

Konsilte Senyè a

I improve my learning by counseling with God daily about my efforts.

Mwen amelyore aprantisaj mwen nan konsilte Bondye chak jou konsènan efò m yo.

Aprann se yon pwosesis ki rive avèk letan. Bondye vle ede ou aprann ak grandi. Li vle ede w aprann kijan pou w pran ti etap yo pou akonpli gwo bagay yo. Liv Mòmon an pale de yon mesye ak lafwa puisan ki rele Alma. Li sete yon pwofèt Bondye ak dirijan peyi li. Alma te ansenye:

“Avèk ti bagay senp, gwo bagay fèt.” Konsilte Senyè a nan tout sa w ap fè, epi l ap dirije w nan sa ki bon” (Alma 37:6, 37).

Bondye travay atravè ti bagay senp yo. Ti aksyon yo ka genyen gwo rezilta avèk letan. Nou priye Papa nou ki nan Syèl la nan non Pitit Gason Li a, Jezikri. Atravè lapriyè ak etid ekriti, ou ka konsilte Senyè a. Li ka ede ou chwazi ti mwayen senp pou w amelyore. Èske w bezwen amelyore konpreyansyon sou sa w tande? Pandan w ap konsilte Bondye nan lapriyè, ou ka deside pou w pase 10 minit pa jou ap pratike Anglè avèk yon zanmi. Èske ou gen difikilte pou sonje nouvo mo yo? Pandan w ap konsilte Bondye nan lapriyè, ou ka deside pou repase nouvo mo yo pandan ou nan bis. Efò konsistan ou pral akonpli “gwo bagay” pandan w ap aprann Anglè a.

Tigason ak tifi k ap priye sou kabann

Ponder

  • Èske kilti ou genyen yon dizon ki sanble ak “ti bagay senp”?

  • Kijan m ka konsilte Bondye chak jou osijè efò m yo?

  • Ki ti bagay piti ou ka fè chak jou pou aprann Anglè?

senbòl b
Memorize Vocabulary

Aprann siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo avan konvèsasyon an gwoup ou a. Eseye aplike mo yo nan lavi ou. Panse sou kilè ak kikote ou ta ka itilize mo sa yo.

I’m

Mwen

he’s

Li

she’s

Li

they’re

Yo

wearing

mete

looking for

ap chèche

this/these

sa a/sa yo

that/those

sila/sila yo

clothing

rad (abiman)

color/colors

koulè/koulè yo

Nouns

coat/coats

manto/manto yo

dress/dresses

abiman/abiman yo

pants

rad/rad yo

shirt/shirts

chemiz/chemiz yo

shoe/shoes

soulye/soulye yo

skirt/skirts

jipon/jipon yo

sweater/sweaters

mayo/mayo yo

Adjectives

orange

oranj

purple

mov

yellow

jòn

Gade leson 7 pou plis colors.

senbòl c
Practice Pattern 1

Pratike itilizasyon modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Ou ka ranplase mo ki souliye yo avèk mo yo nan seksyon “Memorize Vocabulary” a.

Q: What are you wearing?A: I’m wearing a (adjective) (noun).

Questions

kesyon modèl 1  kisa ou mete

Answers

repons modèl 1 Mwen mete yon non adjektif

Examples

chemiz polo wouj

Q: What is he wearing?A: He’s wearing a red shirt.

Q: What is she wearing?A: She’s wearing an orange skirt.

Q: What are they looking for?A: They’re looking for black shoes.

senbòl d
Practice Pattern 2

Pratike itilize modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans.

Q: Do you like this (adjective) (noun)?A: Yes, I like that (adjective) (noun).

Questions

kesyon modèl 2  èske ou renmen non adjektif sa a

Answers

repons modèl 2  wi, mwen renmen non adjektif sa a

Examples

Q: Do you like this green sweater?A: No, I don’t like that green sweater.

yon pè soulye wouj

Q: Do you like these red shoes?A: Yes, I like those shoes.

senbòl e
Use the Patterns

Ekri kat kesyon ou ka poze yon moun. Ekri yon repons pou chak kesyon. Li yo awotvwa.

Additional Activities

Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan EnglishConnect 1 Kaye Egzèsis.

Act in Faith to Practice English Daily

Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Repase bi etid w la epi evalye efò ou yo.

Conversation Group

Discuss the Principle of Learning: Counsel with the Lord

(20–30 minutes)

Tigason ak tifi k ap priye sou kabann

senbòl 1
Activity 1: Practice the Patterns

(10–15 minutes)

Repase lis vokabilè a avèk yon patnè.

Pratike modèl 1 avèk yon patnè:

  • Pratike poze kesyon.

  • Pratike reponn kesyon.

  • Pratike yon konvèsasyon nan itilize modèl yo.

Repete pou modèl 2.

senbòl 2
Activity 2: Create Your Own Sentences

(10–15 minutes)

New Vocabulary

belt/belts

sentiwon/sentiwon yo

sock/socks

chosèt/chosèt yo

suit/suits

vès/vès yo

tie/ties

kravat/kravat yo

Part 1

Poze ak reponn kesyon konsènan rad ou. Youn apre lòt. Chanje patnè epi pratike ankò.

Example
  • A: What are you wearing?

  • B: I’m wearing blue pants, a white shirt, yellow socks, and red shoes.

Part 2

Gade foto yo. Poze ak reponn kesyon konsènan rad chak moun. Di pi plis ou kapab. Youn apre lòt. Chanje patnè epi pratike ankò.

Example: Eliana
fi ki kenbe yon twofe e ki mete yon kòsaj gri ak pantalon nwa
  • A: What is Eliana wearing?

  • B: She’s wearing a gray shirt and black pants.

Image 1: Nadia

fi k ap danse nan yon kay

Image 2: Obasi

gason souriyan ki mete yon vès

Image 3: Mateo

tigason avèk bout pantalon ble ak chemiz jòn k ap jwe foutbòl (soccer)

Image 4: Hina

tifi avèk kòsaj nwa, bout pantalon nwa, chosèt nwa, ak soulye jòn k ap jwe foutbòl (soccer)

senbòl 3
Activity 3: Create Your Own Conversations

(15–20 minutes)

Jwe wòl. Patnè A travay nan yon magazen rad. Patnè B ap achte rad ak soulye. Poze ak reponn kesyon konsènan atik ki nan chak imaj yo. Chanje wòl. Chanje patnè epi pratike pratike ankò.

Example

yon pè soulye mawon ak soulye ble
  • A: What are you looking for?

  • B: I’m looking for shoes.

  • A: Do you like these brown shoes?

  • B: No, I don’t like those brown shoes.

Image 1

yon pè soulye vèt ak soulye wouj

Image 2

rad pou fi ki ekspoze nan magazen

Image 3

rad pou gason ki ekspoze nan magazen

Image 4

melanj chosèt koulè

Image 5

melanj kravat koulè

Evaluate

(5–10 minutes)

Evalye pwogrè w sou objektif ak efò ou yo pou pratike Anglè chak jou.

Evaluate Your Progress

I can:

  • Talk about clothing and colors.

    Pale konsènan rad yo ak koulè yo.

    figi endiferan, figi kontan, ak figi jwaye
  • Say what I and others are wearing.

    Di kisa mwenmenm ak lòt moun mete.

    figi endiferan, figi kontan, ak figi jwaye

Evaluate Your Efforts

Evalye efò ou pou:

  1. Etidye prensip aprantisaj la.

  2. Memorize vokabilè yo.

  3. Pratike modèl yo.

  4. Pratik chak jou.

Fikse yon bi. Konsidere sijesyon pou etid yo nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” la.

Pataje bi w la avèk yon patnè.

Act in Faith to Practice English Daily

“Nou ka priye Papa nou ki nan Syèl la epi resevwa gidans ak direksyon … epi jwenn kapasite pou akonpli bagay nou senpleman pa ta p ka akonpli poukont nou. …

Priye … epi apresa koute! Ekri panse ki vini nan lespri w yo. Ekri sa w santi epi fè sa w santi w pouse pou w fè yo” (Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi Nou,” Lyawona, Me 2018, 94–95).