“Leson 8: Atik Komen pou Chak Jou,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo (2002)
“Leson 8,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo
Lesson 8
Everyday Common Items
Objektiv: M ap aprann sèvi avèk this, that, these, ak those pou m poze kesyon konsènan sa ki apatni a yon moun.
Personal Study
Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou an nan konplete aktivite A rive nan E.
Study the Principle of Learning: Press Forward
Kontinye Avanse
With God’s help, I can press forward even when I face obstacles.
Avèk èd Bondye, m ka kontinye avanse menm lè m rankontre obstak.
Nou tout fè fas ak difikilte nan lavi a. Gen defwa difikilte nou yo rann li difisil pou nou akonpli bi nou yo. Nefi, yon pwofèt ak yon dirijan nan Liv Mòmon an, te fè eksperyans anpil difikilte. Li te pase tout lavi li ap anseye ak sèvi pèp li a. Li te konnen yo te gen pou yo afwonte difikilte ki difisil, epi li te vle ede yo konnen kijan pou yo pèsevere. Nefi te ansenye:
“Avanse avèk fèmte nan Krisla, avèk yon esperyans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak pou tout moun” (2 Nefi 31:20).
Ou Kapab avanse avèk fèmte tou. “Avanse avèk fèmte nan Kris la” vle di ou kapab kontinye eseye mete konfyans ou nan Jezikri, menm lè bagay yo difisil. Ou gen konfyans ke L ap beni tout efò ou menm lè bagay yo di oubyen lè w fè erè. Pa egzanp, ou gendwa remake ke w ap fè erè lè w ap eseye pale Anglè. Petèt li difisil pou ou pou w sonje nouvo mo yo. Ou kapab avanse an avan epi kontinye pratike chak jou, pandan w ap gen konfyans ke L ap ede ou aprann. Kèlkeswa pwoblèm w ap rankontre, ou ka avanse avèk lafwa.
Ponder
-
Nan ki fason ou kapab “avanse avèk fèmte” pou w aprann Anglè?
-
Kisa ki ede w kontinye eseye lè bagay yo difisil?
Memorize Vocabulary
Aprann siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo anvan konvèsasyon an gwoup ou a. Eseye kreye kat memorizasyon pou ede w memorize nouvo mo yo. Ou ka itilize papye oswa yon aplikasyon.
|
not |
pa |
|
this/these |
sa a/sa yo |
|
that/those |
sila/sila yo |
Nouns
|
book/books |
liv/liv yo |
|
chair/chairs |
chèz/chèz yo |
|
clock/clocks |
òloj/òlòj yo |
|
computer/computers |
konpitè/konpitè yo |
|
key/keys |
kle/kle yo |
|
notebook/notebooks |
kaye/kaye yo |
|
pen/pens |
plim/plim yo |
|
pencil/pencils |
kreyon/kreyon yo |
|
phone/phones |
telefòn/telefòn yo |
|
table/tables |
tab/tab yo |
|
wallet/wallets |
bous/bous yo |
|
watch/watches |
mont/mont yo |
Practice Pattern 1
Pratike itilizasyon modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Ou ka ranplase mo ki souliye yo avèk mo yo nan seksyon “Memorize Vocabulary” a.
Q: What is this?A: This is a (noun).
Questions
Answers
Examples
Q: What is this?A: This is a watch.
Q: What are these?A: These are pencils.
Q: What is that?A: That is a key.
Practice Pattern 2
Pratike itilize modèl yo jiskaske w kapab alèz nan poze ak reponn kesyon yo. Eseye konprann règ ki nan modèl yo. Panse sou kijan Anglè a gen similarite oubyen diferans avèk lang pa w la.
Q: Is this my (noun)?A: Yes, it is.
Questions
Answers
Examples
Q: Is this your book?A: No, it is not.
Q: Are those her keys?A: Yes, they are.
Use the Patterns
Ekri kat kesyon ou kapab poze yon moun. Ekri yon repons pou chak kesyon. Li yo awotvwa.
Additional Activities
Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan EnglishConnect 1 Kaye Egzèsis.
Act in Faith to Practice English Daily
Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Repase bi etid w la epi evalye efò ou yo.
Conversation Group
Discuss the Principle of Learning: Press Forward
(20–30 minutes)
-
Li prensip aprantisaj pou leson sa a awotvwa.
-
Diskite kesyon yo.
Activity 1: Practice the Patterns
(10–15 minutes)
Repase lis vokabilè a avèk yon patnè.
Pratike modèl 1 an avèk yon patnè:
-
Pratike poze kesyon.
-
Pratike reponn kesyon.
-
Pratike yon konvèsasyon nan itilize modèl yo.
Repete pou modèl 2.
Activity 2: Create Your Own Sentences
(10–15 minutes)
Gade foto yo Poze epi reponn kesyon konsènan chak atik ki nan chak foto. Pran tou. Chanje patnè epi pratike ankò.
Example
-
A: What are those?
-
B: Those are books.
-
A: Are those your books?
-
B: No, they are not my books.
Image 1
Image 2
Image 3
Image 4
Image 5
Image 6
Image 7
Activity 3: Create Your Own Conversations
(15–20 minutes)
Chwazi senk objè nan sal la. Montre patnè w la yo. Poze epi reponn kesyon konsènan chak objè. Pran tou. Chanje patnè epi pratike ankò.
Example
-
A: What is that?
-
B: That is a phone.
-
A: Is it your phone?
-
B: Yes, it is.
Evaluate
(5–10 minutes)
Evalye pwogrè w sou objektif ak efò ou yo pou pratike Anglè chak jou.
Evaluate Your Progress
I can:
-
Say what something is.
Di kisa yon bagay ye.
-
Use this, that, these, and those.
Itilize this, that, these, ak those.
-
Ask if something belongs to someone.
Mande si yon bagay apatni a yon moun.
Evaluate Your Efforts
Evalye efò ou pou:
-
Etidye prensip aprantisaj la.
-
Memorize vokabilè yo.
-
Pratike modèl yo.
-
Pratik chak jou.
Fikse yon bi. Konsidere sijesyon pou etid yo nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” la.
Pataje bi w la avèk yon patnè.
Act in Faith to Practice English Daily
“Pa lage. Kontinye mache. Kontinye eseye. Gen èd ak lajwa k ap tann ou … tout bagay ap mache byen alafen. Fè Bondye konfyans epi kwè nan bon bagay ki gen pou vini” (Jeffrey R. Holland, “Yon Gran Prèt pou Bon Bagay k ap Vini yo’,” Lyawona, Novanm. 1999, 38).