Nouvo Testaman 2023
27 Fevriye–5 Mas. Matye 8; Mak 2–4; Lik 7: “Se Konfyans ou nan Bondye ki Sove ou”


“27 Fevriye–5 Mas. Matye 8; Mak 2–4; Lik 7: ‘Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 2022)

“27 Fevriye–5 Mas. Matye 8; Mak 2–4; Lik 7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Jezi k ap leve yon mesye nan kabann

27 Fevriye–5 Mas.

Matye 8; Mak 2–4; Lik 7

“Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou”

Preparasyon w pou anseye a kòmanse lè w ap etidye Matye –8; Mak 2–4; ak Lik 7la nan yon espri lapriyè. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka anrichi etid ou a epi fè w panse a kèk ide ansèyman anplis ide yo prezante la yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Manm klas ou a ka jwenn kèk ide puisan pandan etid pèsonèl yo sou mirak nan chapit sa yo (gade lis gerizon Sovè a nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Panse pou w mande yo pou yo pataje limyè yo avèk yon patnè oubyen avèk tout klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Matye 8; Mak 2; Lik 7

Mirak fèt daprè volonte Bondye ak lafwa nou nan Jezikri.

  • Kijan ou ka itilize istwa mirak Sovè a pou ede manm klas yo ogmante lafwa yo nan Li? Ou gen dwa mande yo pou yo ekri sou tablo a yon lis plizyè nan gerizon yo mirakile nan Matye 8; Mak 2; ak Lik 7. Manm klas la ta ka diskite kijan moun ki te geri yo te montre lafwa yo nan Kris la. Kisa istwa sa yo anseye sou lafwa ak mirak? Manm klas yo gen dwa pataje plis verite sou lafwa ak mirak nan Mòmon 9:15–21; Etè 12:12–16; Mowoni 7:27–37; ak Doktry ak Alyans 35:8 (gade tou Diksyonè Bib la, “Mirak”). Kilè nou wè mirak lè n ap egzèse lafwa nan Jezikri?

  • Istwa mirak nan Mak 2:1–12 ansenye, ansanm ak lòt bagay yo, valè travay ansanm nan inite pou asiste Sovè a nan sèvis pastoral moun ki nan bezwen fizik ak espirityèl. Panse envite manm klas la pou yo revize istwa nan ekriti yo epi pataje ide adisyonèl nan mesaj Eldè Chi Hong (Sam) Wong la nan “Sekou nan Inite” (Liahona, Nov. 2014, 14–16; gade tou “Resous Adisyonè”) Kisa nou ka aprann nan Mak 2:1–12 konsènan valè travay nan inite pou n sèvi moun ki nan bezwen yo? (gade tou Mak 3:24–25).

Mak 4:35–41

Jezikri gen pouvwa pou l pote lapè nan mitan tanpèt lavi yo.

  • Petèt ou ka okouran kèk nan difikilte manm klas ou yo ap travèse. Paske nou tout gen eprèv nan yon moman kèlkonk nan lavi nou, repase istwa ki nan Mak 4:35–41 an ka bay manm klas yo plis lafwa pou yo konnen Sovè a ka pote lapè pou yo. Bay chak moun yon fèy papye, epi mande yo pou yo ekri yon eprèv yo te travèse sou yon bò papye a. Sou lòtbò a, mande yo pou yo ekri yon bagay nan Mak 4:35–41 an ki enspire yo pou yo tounen vè Sovè a pandan eprèv yo a. Ankouraje yo pou yo pataje sa yo ekri a, si yo santi yo konfòtab pou yo fè sa.

  • Kantik “Maître, la tempête lance” (Cantiques,, no. 105) la baze sou istwa nan Mak 4:35–41. Petèt manm klas yo ka jwenn pawòl nan kantik la ki gen rapò avèk fraz nan ekriti yo. Epitou ou gen dwa montre yo yon foto ki dekri sèn nan (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 40) epi diskite sou ki moman atis la ap dekri a. Ki lòt fason ou ta ka ede manm klas yo konprann siyifikasyon ak pouvwa mirak sa a?

Imaj
Jezi nan bato k ap kalme yon tanpèt

Soti nan Krent al nan Lafwa, pa Howard Lyon

Lik 7:36–50;

Lè nou jwenn padon pou peche nou, amou nou pou Sovè a vin pi pwofon.

  • Kisa nou ka aprann nan egzanp fi a ak ansèyman Sovè a nan Lik 7:36–50 la lè n ap chèche padon pou peche nou? Kijan repantans ede nou vin pi pre Jezikri? Kijan istwa sa a enfliyanse fason nou wè moun ki peche yo?

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

“Lè Jezi te wè lafwa yo”

Eldè Chi Hong (Sam) Wong te pataje ide sa yo sou istwa nan Mak 2:1–12:

“Kite m pataje avèk nou youn oswa plis trezò kache ki nan istwa ekriti sa a. Se nan vèsè 5: ‘Lè Jezi te wè lafwa yo’ (italik ajoute). Mwen pa t remake sa anvan—lafwa yo. …

“Kiyès moun sa yo te ye Jezi mansyone a? Yo te kapab byen se kat moun yo ki te pote nonm paralize a, nonm nan li menm poukont li, moun ki tap priye pou li yo, ak tout lòt moun yo ki te la pou yo te koute Jezi preche a e ki tap rejwi nan kè yo trankilman pou mirak sa a ki ta pral fèt la. Sa te gen dwa yon konjwen, yon paran, yon pitit gason oswa yon pitit fi, yon misyonè, yon prezidan kowòm, yon prezidant Sosyete Sekou, yon evèk, ak yon zanmi lwen. Nou youn ka ede lòt. Nou ta dwe toujou angaje nou seryezman nan chache sekouri moun ki nan bezwen” (“Sekou nan Inite,” Liahona, Nov. 2014, 16).

Amelyore ansèyman nou

Rann temwayaj souvan. Temwayaj senp e sensè ou sou verite espirityèl yo kapab gen yon enfliyans puisan sou moun w ap anseye yo. Temwayaj ou pa bezwen grandyoz ni byen long. Paregzanp, li gen dwa yon senp temwayaj sou mirak ki se gen levanjil la nan lavi w la.