Nouvo Testaman 2023
20–26 Fevriye. Matye 6–7: “Li te Anseye Yo tankou yon Moun ki gen Otorite”


20–26 Fevriye. Matye 6–7: ‘Li te anseye yo tankou yon moun ki gen otorite’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2023 (2022)

20–26 Fevriye. Matye 6–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Jezi ap anseye bò lanmè a

Jezi ap Anseye Moun bò Lanmè a, pa James Tissot

20–26 Fevriye.

Matye 6–7

“Li te anseye yo tankou yon moun ki gen otorite”

Lè w ap prepare pou w anseye, kòmanse prepare tèt pa w toudabò. Etidye Matye 6–7, epi ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Sa ap ede w resevwa revelasyon sou fason pou w pi byen reponn bezwen klas la. Apresa, chèche jwenn ide ansèyman nan plan leson sa a.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite manm klas yo pou yo pataje ki pasaj nan Diskou sou Mòn nan yo santi nou pi bezwen jodia. Ankouraje yo pou yo di sa yo panse youn apre lòt.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Matye 6–7

Si nou koute ansèyman Senyè a bay yo epi nou suiv yo, lavi nou ap bati sou yon fondasyon fèm.

  • Ki chanjman presi nan Matye 6–7 la ki ka pi plis benefisye moun w ap anseye yo? Panse pou w ekri sou tablo a plizyè referans nan Matye 6–7 la ki gen ansèyman sa yo. Manm klas yo ta dwe seleksyone yonn nan referans yo pou yo etidye an silans, epi apresa pou yo ekri sou tablo a nenpòt verite espirityèl yo aprann. Kòman ansèyman sa yo enfliyanse lavi nou?

  • Sovè a te fini diskou l la avèk yon parabòl ki ta ka ede klas ou a pi byen konprann kijan l enpòtan pou yo viv daprè ansèyman Sovè a bay yo (gade Matye 7:24–27; gade Elaman 5:12tou). Pou yo vizyalize parabòl sa a, manm klas yo gen dwa travay ansanm pou yo bati yon fondasyon solid kote y ap itilize blòk, gode, oubyen lòt materyèl epi apresa pou yo teste fòs fondasyon yo a. Petèt yo ta gen dwa mete etikèt sou materyèl y ap itilize yo kote yo ka ekri bagay yo ka fè pou yo aplike ansèyman Sovè a. Kijan lè nou fè bagay sa yo, sa ka ede nou kanpe devan tanpèt lavi yo?

Matye 6:5–13

Sovè a te anseye nou kijan pou n priye.

  • Etidye Priyè Senyè a (Notre Père), ka ede manm klas yo idantifye kijan yo ka amelyore pwòp priyè pa yo nan suiv egzanp Senyè a. Ou gen dwa envite yo pou yo ekri sou tablo a kèk fraz ki frape yo nan Matye 6:9–13 (oubyen Lik 11:1–4) la. Pandan n ap medite sou pawòl Sovè a yo, kisa nou aprann sou lapriyè? Sa ta ka aprann manm klas yo anpil si yo ta refòmile kèk nan fraz Sovè a kòm bagay yo ta ka di nan lapriyè pa yo. Paregzanp, “Ba nou pen kotidyen jodia” ta ka refòmile konsa “Tanpri ede m nan efò m pou m pran swen fanmi mwen.”

  • Apre lekti Matye 6:5–13 an klas, ou gen dwa diskite sou kesyon konsa: Kijan lapriyè te ranfòse relasyon ou avèk Pè Selès la? Kijan lapriyè te ede w vin konnen volonte Bondye?

Matye 7:7–11

Papa nou ki nan syèl la reponn priyè.

  • Pou ede manm klas la ranfòse lafwa yo ke Bondye ap tande ak reponn priyè yo, ou gen dwa ekri mande, chèche,ak frape sou tablo a. Apresa, manm klas la ka fouye ekriti yo pou yo chèche egzanp sou moun ki te “mande,” “chèche,” ak “frape” (paregzanp, gade nan 1 Nefi 11:1; Etè 2:183:6; Istwa—Joseph Smith 1:11–17. Kisa nou aprann nan egzanp sa yo konsènan resevwa repons priyè nou yo?

  • Nou ka jwenn kèk kontèks enpòtan pou Matye 7:7–11 la nan Tradiksyon Joseph Smith Matye 7:12–17 la tou (nan apendiks Bib la). Nan vèsè sa yo, disip Jezi yo te prevwa kèk ekskiz moun yo te ka bay pou yo pa chèche laverite nan men Papa nou ki nan syèl la. Ou gen dwa mande manm klas yo pou yo imajine yo gen yon zanmi ki gen retisans pou l chèche direksyon oubyen benediksyon nan men Senyè a. Kisa yo ta ka di pou ankouraje zanmi sa a? Kijan yo ka itilize pawòl Sovè a nan Matye 7:7–11yo?

Matye 7:15–20

Nou ka fè diferans ant vrè pwofèt ak fo pwofèt atravè fwi yo.

  • Manm klas la siman konn ekspoze anba fo filozofi ak lòt desepsyon advèsè a, keseswa sou entènèt oubyen nan kèk lòt sous. Yo gen dwa konn tande lòt moun ap kritike sèvitè Senyè yo tou. Kijan w ka ede yo konprann kijan pou yo disène ant fo pwofèt ak fo ansèyman yo ak sa ki vrè yo? Ou gen dwa montre yo plizyè kalite fwi epi mande yo kisa nou ka asime lè n ap panse nan ki pyebwa fwi sa yo soti. Nan ki fason egzèsis sa a ede nou konprann Matye 7:15–20an? Ou gen dwa li avèk yo kèk mesaj resan pwofèt vivan yo te bay. Ki “fwi” oubyen rezilta yon moun jwenn nan suiv konsèy yo?

    Imaj
    Fwi

    Nou ka konnen vrè pwofèt yo atravè fwi yo.

  • Matye 7:15–20 ta ka ede w bati lafwa manm klas yo nan misyon divin Pwofèt Joseph Smith la. Ki fwi travay Joseph Smith yo akonpli? Pou kèk ide, gade nan mesaj Èldè Neil L. Andersen nan “Joseph Smith” (Liahona, Nov. 2014, 28–31). Kijan nou ka itilize analoji Sovè a ki nan Matye 7:15–20 la pou nou rann zanmi ak fanmi nou temwayaj konsènan Pwofèt Joseph?

Amelyore ansèyman nou

Pa pè silans. “Bon kesyon pran tan pou yo jwenn repons. Yo mande meditasyon, rechèch, ak enspirasyon. Tan w pase ap tann repons pou yon kesyon an kapab yon moman meditasyon sakre. Evite tantasyon pou tèmine moman sa a twò bonè nan reponn pwòp kesyon pa w oubyen nan pase sou yon lòt sijè” (Anseye nan fason Sovè a,31).