Nouvo Testaman 2023
6–12 Fevriye. Jan 2–4: “Ou Dwe Fèt Ankò”


“6–12 Fevriye. Jan 2–4: ‘Ou Dwe Fèt Ankò,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“6–12 Fevriye. Jan 2–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Jezikri Ap Pale Avèk Nikodèm

6–12 Fevriye.

Jan 2–4

“Ou Dwe Fèt Ankò”

Lekti Jan 2–4 la se yon bon fason pou kòmanse prepare w pou w anseye. Ekri tout enpresyon espirityèl ou resevwa, epi itilize plan leson sa a pou w jwenn eksplikasyon adisyonèl ak ide pou w anseye.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ekri twa tit sou tablo a: Jan 2, Jan 3, ak Jan 4. Manm klas la ta kapab pran kèk minit pou yo revize chapit sa yo, epi apre sa, mande yo pou yo ekri anba chak tit yon vèsè ki te ede yo konprann doktrin nan ak evènman yo nan chapit sa a. Diskite sou vèsè yo te ekri yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Jan 2:1–11

Mirak Jezikri yo “te manifeste glwa li.”

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere lekti Jan 2:1–11 apati pèspektiv yon moun ki te prezan lè Jezi te fè dlo tounen diven an. Petèt manm klas la ta kapab pataje ide yo te vin genyen lè yo fè sa. Kisa nou aprann osijè Sovè a nan vèsè sa yo? Kijan mirak sa a te manifeste glwa Bondye? ? (gade nan vèsè 11).

Jan 2:13–22

Nou ka defann lye sakre yo ak bagay sakre yo.

  • Pou ede manm klas la aprann apati de istwa Jezi ki ap chase kanbis yo nan tanp lan, ou ta kapab mande yo pou yo panse a lòt bagay, apre tanp yo, ke Senyè a konsidere kòm sakre. Kijan nou ka ede prezève sentete bagay sakre sa yo?

Jan 3:1–21

Nou dwe fèt ankò pou nou ka antre nan wayòm Bondye a.

  • Kijan nou ta kapab eksplike yon moun kisa fèt ankò vle di? Anvizaje envite manm klas la pou yo fè pratik avèk moun ki chita bòkote yo a sou jan yo tap reponn kesyon sa a. Pandan y ap fè sa, yo ta kapab diskite kesyon tankou sa yo: Kisa nou aprann nan pawòl Jezi yo nan Jan 3:3–7? Kijan repantans, batèm, ak konfimasyon ede nou fèt ankò? Deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl yo” ta kapab vin ajoute sou diskisyon sa a.

  • Gen kèk moun ki kwè ke yon moun pa ka vrèman chanje. Sepandan, Nikodèm se yon egzanp moun ki te chanje paske li tap suiv levanjail Jezikri a. Pou ede manm klas la wè sa, ou ta kapab envite yo pou yo ale nan Jan 3:1–2; Jan 7:40–52; ak Jan 19:36–40. Kisa nou aprann nan pasaj sa yo konsènan atitid ak kwayans Nikodèm? Kijan l te chanje avèk letan? Ki egzanp nou ka site konsènan moun nou konnen ki te chanje akozde levanjil la?

Jan 4:5–34

Jezikri ofri nou dlo vivan ak “dlo vivan an” ak “vyann” pou nou fè travay Bondye a.

  • Kò nou bezwen manje ak dlo chak jou. Jezikri te fè referans a bezwen inivèsèl sa yo lè l te anseye Samaritèn nan ak disip li yo (gade nan Jan 4:5–34). Pou ede manm klas la konprann sa Sovè a t ap anseye a, ou gen dwa mete foto manje ak dlo sou tablo a epi envite manm klas la pou yo ekri verite Jezikri te anseye yo anba chak foto. Kijan Sovè a satisfè lafen espirityè ak swaf espirityèl nou?

    Imaj
    kouran dlo

    Jezikri ofri nou dlo vivan.

  • Reflechi sou pwogresyon temwayaj Samaritèn nan konsènan Jezikr ka ede manm klas ou a medite sou fason yo te vin konnen li se Mesi a. a. Chèche ansanm antanke kòm yon klas tèm Samaritèn nan te itilize pou l te pale de Sovè a nan Jan 4:6–30. Kisa tèm sa yo enplike sou konsesans li konsènan kiyès Jezi te ye? Kijan temwayaj nou pwogrese poutèt nou konnen li se Sovè nou?

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Sa fèt ankò vle di

Èldè David A. Bednar te anseye: “Konvèsyon… se yon bagay puisan, li pa piti—se yon renesans espirityèl ak yon chanjman fondamantal nan sa nou santi ak sa nou vle, nan sa nou panse ak sa nou fè, ak sa nou ye. San okenn dout, esans levanjil Jezikri a antrene yon chanjman fondamantal ak pèmanan nan nati nou menm ki vin posib paske nou apiye nou sou ‘merit, ak mizèrikòd ak gras Mesi ki Sen an’ (2 Nefi 2:8). Lè nou chwazi pou nou suiv Mèt la, nou chwazi pou nou chanje—pou nou fèt ankò espirityèlman” (“Nou Dwe Fèt Ankò,” Lyawona, Me 2007, 20).

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye: “Nou te fèt ankò lè nou te antre nan yon relasyon alyans avèk Sovè a lè nou te fèt nan dlo a ak nan Lespri a ak lè nou te pran non Jezikri sou nou an. Nou ka renouvle renesans sa a chak jou Saba lè nou pran sentsèn. Sen Dènye Jou yo afime ke moun ki fèt ankò yo nan fason sa a, yo se pitit gason ak pitit fi literal Jezikri (gade Mozya 5:7; 15:9–13; 27:25). Sepandan, pou nou ka resevwa benediksyon ki lse se rezilta nouvo nesans sa a, nou dwe toujou resekte alyans nou yo epi pèsevere jiskalafen (“Have You Been Saved?,” Ensign, Me 1998, 56).

Amelyore Ansèyman Nou

Enstriktè a pa pi bon pase elèv la. Wòl ou kòm enstriktè enpòtan,men ou pa sèl sous enspirasyon nan klas la. Ede manm klas yo aprann nan men Lespri a epi pataje sa yo aprann yo youn avèk lòt.