Nouvo Testaman 2023
6–12 Mas. Matye 9–10; Mak 5; Lik 9: “Se Douz Jezi te Voye yo”


“6–12 Mas. Matye 9–10; Mak 5; Lik 9: “Se Douz Jezi te Voye yo” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“6–12 Mas. Matye 9–10; Mak 5; Lik 9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023

Imaj
Jezikri k ap òdone Pyè

6–12 Mas

Matye 9–10; Mak 5; Lik 9

“Se Douz Jezi te Voye yo’”

Lè w ap li Matye 9–10; Mak 5; ak Lik 9, chèche enspirasyon Sentespri a konsènan bezwen moun w ap anseye yo. Anrejistre enpresyon espirityèl ou kapab ede w prepare pou yon eksperyans k ap beni ou ak manm klas ou a.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ou gen dwa mande chak manm klas la pou yo ekri sou yon fèy papye yon verite yo te aprann nan ekriti yo semèn sa a ansanm ak vèsè nan ekriti yo. Apre w fin ranmase papye yo, chwazi plizyè nan yo pou li nan klas la. Kijan nou kapab aplike verite sa yo nan lavi nou?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Matye 9

Kris gen pouvwa pou geri nou fizikman ak espirityèlman,

  • Anpil nan gerizon mirakile Sovè a yo anseye verite espirityèl tou. Pou ede manm klas yo konprann sa, ou gen dwa divize klas la an kat gwoup epi bay chak gwoup responsablite youn nan pasaj sa yo: Matye 9:2–8; Matye 9:18–19, 23–26; Matye 9:20–22; ak Matye 9:27–31. Mande chak gwoup pou etidye mirak ki te dekri nan pasaj yo epi apresa rezime li pou klas la. Ki verite espirityèl nou ka aprann nan mirak sa yo?

Imaj
Yon fanm k ap avanse pou l touche wòb Jezi.

Konfyans nan Senyè a, pa Liz Lemon Swindle

Matye 10

Senyè a bay sevitè l yo pouvwa pou yo fè travay li.

  • Misyon Sovè a bay Apot li yo ka ede nou nan responsablite endividyèl nou. Manm klas yo ka petèt gen ide sou sijè sa a gras ak etid pèsonèl yo a; paregzanp, gen yon aktivite sou sijè sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Envite yo pou yo pataje sa yo te aprann oubyen travay an ti gwoup pou yo ka konplete aktivite a nan klas la. Envite yo pou yo pataje eksperyans kote yo te santi pouvwa Sovè a pandan yo t ap ranpli apèl yo.

  • Ki fason etid misyon Kris la te bay Douz Apot li yo nan Matye 10 la ka ede manm klas ou yo konprann wòl pwofèt ak apot modèn yo. Li ta ka bon pou w ta konpare misyon Sovè a te bay Douz yo avèk misyon li te bay premye Kolèj Douz Apot yo nan dispansasyon sa a, nou jwenn nan “Resous Adisyonèl.” Petèt manm klas yo ta ka pataje fason yo te enfliyanse pa ministè Apot vivan yo. Rann temwayaj ou sou apèl diven pwofèt ak apot vivan yo, epi envite manm klas yo pou rann temwayaj pa yo.

Matye 10: 17–20

Lè nou nan sèvis Senyè a, L ap enspire nou ak sa pou nou di.

  • Pafwa moun konn santi yo enkonfòtab lè y ap anseye lòt moun oubyen pale yo de levanjil la. Men Senyè a te pwomèt disip yo k l t ap ede yo konn kisa pou yo di. Kisa nou bezwen fè pou nou resevwa èd Senyè a te pwomèt la pou tèt pa nou? Envite manm klas yo pou yo li Matye 10:19–20; Doktrin ak Alyans 84:85; ak Doktrin ak Alyans 100:5–8 pou yo ka jwenn repons kesyon sa a. Kilè Sentespri a te ede w konn kisa pou w di? Ou gen dwa pataje eksperyans ou epi envite manm klas yo pataje pa yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Yon misyon pou Apot dènye jou yo.

Lè yo te aple kèk nan premye manm Kolèj Douz Apot yo nan dispansasyon sa a, Oliver Cowdery te ba yo yon misyon ki te menm avèk misyon Jezikri te bay nan Matye 10la. Li te di:

“‘Nou pral gen pou n konbat prejije tout nasyon. … Se poutèt sa, m avèti nou pou nou gen gwo imilite, paske m konnen ogèy ki nan kè lèzòm. Fè atansyon pou flatè nan mond la pa fè nou gen ògèy. Fè atansyon pou kè nou pa vire vè bagay ki nan mond la. Mete ministè nou an an premye. … [Li] nesesè pou ou resevwa yon temwayaj pèsonèl ki soti nan syèl la, pou ou ka rann temwayaj konsènan laverite. …

“‘… Ou dwe pote mesaj sa a bay moun ki konsidere tèt yo kòm moun saj yo. Epi, moun sa yo ka pèsekite nou; yo ka chèche pran lavi nou. Advèsè a te toujou chèche pran lavi sèvitè Bondye yo. Se poutèt sa, nou dwe prepare toutan pou n sakrifye lavi nou si Bondye ta mande sa pou avansman ak edifikasyon koz li a. …

“Apresa, li te pran men yo separeman epi l te di, ‘Èske se ak tout kè w ou vle patisipe nan ministè sa a, pou w pwoklame levanjil la ak tout dilijans avèk frè w yo, daprè kondisyon ak bi misyon w resevwa a?’ Yo chak te reponn wi” (nan “Minit ak Benediksyon, 21 Fevriye 1835,” Minute Book 1, 159–161, 164, josephsmithpapers.org; òtograf ak ponktiyasyon modènize).

Amelyore Ansèyman Nou

Temwaye sou benediksyon yo. Lè w ap ba yo envitasyon pou yo aji, temwaye bay elèv klas ou yo ke y ap resevwa benediksyon Bondye pwomèt yo lè yo suiv ansèyman l yo ak lafwa. Benediksyon pa ta dwe premye motivasyon obeyisans nou, men, Papa nou ki nan syèl la vle beni tout pitit Li. (Gade Anseye nan fason Sovè a35.)