Vini, Suiv Mwen
8–14 Jiyè. Travay 6–9: ‘Kisa w ta renmen m fè?’


“8–14 Jiyè. Travay 6–9: ‘Kisa w ta renmen m fè?’”Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“8–14 Jiyè. Travay 6–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Pòl sou wout Damas la

Se pou nou viv konsa, pa Sam Lawlor

8–14 Jiyè

Travay 6–9

”Kisa w ta renmen m fè?”

Etidye Travay 6–9epi ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Sa ap ede w resevwa revelasyon sou fason pou ede manm klas yo apwoche pi pre Jezikri atravè etid yo sou chapit sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Sou tablo a, ekri non kèk nan moun yo mansyone nan Travay 6–9 yo, tankou Etyèn, Sayil, Filip, Ananyas, Pyè, ak Tabita oswa Dòkas. Envite kèk manm nan klas la pou yo di yon bagay yo aprann nan men youn nan moun sa yo pandan yo t ap fè etid yo semèn sa a.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Travay 7

Si nou reziste a Sentespri a, sa ka lakoz nou rejte Sovè a ak pwofèt li yo.

  • Ki verite manm klas yo aprann nan lekti sou Etyèn nan semèn sa a? Panse pou w envite manm klas yo pou yo etidye ansèyman Etyèn yo nan Travay 7:37–53, pandan y ap chèche wè kijan dirijan Juif yo te tankou ansyen Izrayelit yo ki te rejte pwofèt yo. Ou gen dwa konsantre sou deklarasyon Etyèn nan konsènan dirijan sa yo nan Travay 7:51. Kijan 2 Nefi 28:3–6; 33:1–2; Mozya 2:36–37; Alma 10:5–6; ak Alma 34:37–38 ede manm klas yo konprann deklarasyon sa a? Poukisa nou “reziste a Sentespri a“? Kisa nou ka fè pi byen pou n rekonèt ak suiv enspirasyon Sentespri yo?

Travay 8:9–24

Kè nou bezwen “dwat devan Bondye.“

  • Etid istwa Simon an ka ede manm klas yo evalye rezon k fè y ap viv levanjil la. Pou n etidye istwa sa a antanke klas, ou gen dwa ekri kesyon sa yo sou tablo a Kiyès Simon te ye? Kisa l te vle? ak Kijan l te eseye jwenn ni? Bay chak manm nan klas la tach pou li Travay 8:9–24, pandan y ap chèche repons pou kesyon sa yo. Kisa nou aprann nan eksperyans Simon an?

  • Pou ede manm klas ou yo konprann kisa sa vledi pou kè yo “dwat devan Bondye” (Travay 8:21), ou gen dwa envite yo pou yo etidye Doktrin ak Alyans 121:41–46, pandan y ap chèche mo oswa fraz ki dekri a kisa kè nou dwe sanble lè n ap fè efò pou n sèvi Bondye ak resevwa don l yo. Manm klas yo ka konpare ide sa yo avèk istwa Simon an, nou jwenn nan Travay 8:9–24 la. Ki verite Simon potko konprann? Kòman nou ka fè kè nou “dwat devan Bondye“?

  • Èske manm klas ou yo te konpare Etyèn ak Filip avèk Simon pandan etid pèsonèl yo, jan yo sigjere nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo a? Si wi, kisa yo te aprann? Ou gen dwa envite yo pou yo chèche prèv sou kè lòt moun ki te dwat nan chapit sa yo—moun tankou Filip ak mesye k te soti Etyopi a (Travay 8:26–40) ak Sayil (Travay 9:1–22).

Travay 8:26–39

Sentespri a ap ede nou gide lòt moun al jwenn Jezikri.

  • Pou ede manm klas yo konprann kijan yo ka gide lòt moun al jwenn Jezkiri (gade Travay 8:31), ou gen dwa envite de manm nan klas la pou yo chita fasafas pou yo li konvèsasyon ant Filip ak mesye k te soti Etyopi a nan Travay 8:26–39. Yon twazyèm elèv ka li sa k pa fè pati konvèsasyon an. Kisa nou aprann nan egzanp Filip la sou anseye lòt moun levanjil la?

  • Pou fè yon paralèl ant egzanp modèn ak istwa nan Travay 8:26–39 la, mande manm klas yo pou yo pataje eksperyans yo te fè avèk pataje levanjil la oubyen lè yo t ap antre nan legliz la. Nan ki fason Sentespri a te ede yo? Ki fason yon moun te gide yo? Envite yo pou yo reflechi sou yon moun yo ta ka gide al nan levanjil la.

Travay 9

Lè nou soumèt nou devan volonte Senyè a, nou vin enstriman nan men li.

  • Manm klas yo ka aprann verite puisan sou pwòp konvèsyon pa yo lè yo li eksperyans Sayil la, ansanm ak verite ki di moun ka repanti e chanje lavi yo si yo vle a. Ou gen dwa mande yo pou yo konpare eksperyans Sayil la avèk eksperyans Alma (gade Mozya 17:1–418; 26:15–21) ak Laman ak Lemyèl (gade 1 Nefi 3:28–31). Ki karakteristik Sayil ak Alma te genyen ki te ede yo repanti ak chanje? Ki karakteristik Laman ak Lemyèl te genyen ki te anpeche yo chanje? Ki enfliyans Sayil ak Alma te genyen apre yo te fin konvèti? Ki mesaj nou jwenn pou pwòp lavi pa nou nan istwa sa yo?

  • Pou ede manm klas yo aplike eksperyans Sayil la a tèt pa yo, ou gen dwa envite kèk ladan yo pou yo vini tou prepare pou pataje sa yo aprann nan chak seksyon diskou Prezidan Dieter F. Uchtdorf la, ki rele “Ceux qui attendent sur le chemin de Damas” (Ensign oswa Liahona, Me 2011, 70–77). Ki fason nou pafwa ap tann sou pwòp wout Damas pa nou? Selon Prezidan Uchtdorf, kisa k ka ede nou pi byen tande vwa Bondye? Ou gen dwa pase videyo “Wout Damas la” tou (LDS.org). Pou enspire manm klas yo pou yo suiv egzanp Sayil la pou yo mande Senyè a, “Kisa w vle m fè?” panse pou w pale de eksperyans Prezidan Thomas S. Monson nan ki nan seksyon “Resous adisyonèl” la. Petèt yo ta ka pataje eksperyans kote yo te chèche suiv volonte Bondye.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje yo li Travay 10–15 pandan semèn k ap vini an, ou gen dwa pale yo de kèk evenman spektakilè nan chapit sa yo—yon soti nan prizon ki te mirakile, misyonè moun yo te pran pou dye Women, ak yon Apot y ap lapide epi yo te panse l te mouri—men li te leve.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Travay 6–9

“Kisa w ta renmen m fè?”

Pandan Prezidan Thomas S. Monson t ap asiste yon konferans pieu, prezidan pieu a te mande l si l te ka al wè yon tifi 10 zan yo te rele Christal Methvin, ki te prèske mouri anba yon kansè. Tifi a t ap viv anviwon 130 kilomèt ak lye konferans lan t ap fèt la. Prezidan Monson te rakonte bagay sa a:

“M te gade orè reyinyon yo. ... Te tou senpleman pa t gen tan k te disponib pou sa. Epi yon lòt posiblite te vin nan lespri m. Èske nou pa ta ka panse ak tifi sa a pandan priyè n t ap fè yo pou konferans lan? …

“… [Pandan youn nan reyinyon yo,] m te rale nòt mwen yo, pou m te prepare m pou m t al pale sou chè a, lè yon vwa te pale avèk lespri mwen. Mesaj la te brèf, pawòl yo te familye: 'Kite timoun yo vin jwenn mwen, e pa anpeche yo; paske wayòm Bondye a se pou moun ki sanble avèk yo.“ Mak 10:14.) Nòt mwen yo te vin flou devan m. Panse m te vire vè yon tifi tou piti ki te bezwen yon benediksyon. M te pran dezisyon mwwen. M te chanje orè reyinyon an. ...

“… [Nan kay Methvin yo,] m te wè yon timoun ki te sitèlman malad ke l pa t ka kanpe—prèske twò fèb pou l te pale. Maladi l la te rann ni avèg. Lespri a te si fò ke m te tonbe ajenou, m te pran ti men frèl li yo nan men m, epi m te di senpleman: 'Christal, m la a.' ‘Frè Monson, m te konnen w t ap vini’” (“La foi d'un enfant,” L'Etoile, Out 1998, p. 4–6).

Dèzane apre, Prezidan Dieter F. Uchtdorf te pataje estwa sa a, epi l te envite nou pou n te “efòse nou pou n pami moun Senyè a ka konte sou yo pou tande enspirasyon l yo epi suiv yo, jan Pòl te fè sou wout Damas li a, ‘Senyè, kisa w ta renmen m fè?’” (“Moun k ap tann sou wout Damas yo,” Ensign oswa Liahona, Me 2011, 75).

Amelyore ansèyman nou

Gide elèv ou yo. Antanke enstriktè, ou ka gide elèv ou yo atravè ekriti yo, menmjan Filip te gide mesye Etyopyen an kote l te anseye l pawòl Ezayi yo (gade Travay 8:26–37). Pou fè sa, ou dwe “chèche konesans pa letid epi pa lafwa” (DA 109:7). Konesans ou akeri a kapab yon fòs puisan pou ede manm klas ou yo anvi dekouvri verite a pou tèt pa yo epi mete l an pratik nan lavi yo.