Vini, Suiv Mwen
1-7 Jiyè. Travay 1–5: ‘Nou pral temwen m’


"1-7 Jiyè. Travay 1–5: Nou pral temwen m'” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 20192019)

"1-7 Jiyè. Travay 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidiimanch: 2019

Imaj
jou Pannkot la

Jou Pannkot la, pa Sidney King

1–7 Jiyè

Travay 1–5

“Nou pral temwen m”

Si w li Travay 1–5 epi w chèche jwenn gidans Lespri a, w ap resevwa enspirasyon pou w ka konn ki verite nan chapit sa yo ki ka ede manm klas ou yo pi totalman apiye sou Sentespri a ak pi totalman rete temwen fidèl Senyè a, Jezikri.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Gen anpil pasaj ak prensip enpòtan nan Travay 1–5. Youn nan pi bon fason pou dekouvri sa ki pi presye ak valab pou manm klas ou yo se mande yo pou yo di kisa k frape yo pandan etid yo a. Kijan w ka envite yo fè sa? Ou gen dwa tou senpleman ba yo kèlke minit pou yo jwenn ak pataje yon vèsè nan Travay 1–5 kote yo te santi vwa Senyè a t ap pale avèk yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Travay 1:1–8; 2:37–39; 4:1–16, 31–33

Jezikri ap dirije Legliz li a palentèmedyè Sentespri a.

  • Si yo li eksperyans Apot yo, sa ka ede manm klas ou yo wè kijan yo ka resevwa pouvwa ak direksyon nan men Sentespri a nan apèl yo nan Legliz la. Youn nan fason pou repase eksperyans ki nan Travay 1–5 yo se ekri Sentespri a ka ede m nan apèl mwen nan: epi apresa envite manm klas yo pou yo chèche Travay 1:1–8; 2:36–39; ak 4:1–16, 31–33, pandan y ap chèche kijan pou fini fraz la. Poukisa Apot yo te bezwen Sentespri a?

  • Ansanm ak klas la, ou ka eksplore kijan Jezikri dirije Legliz li a nan epòk nou an atravè Sentespri a. Pou fè sa, ou gen dwa kontakte plizyè manm klas la alavans epi mande yo pou yo repase istwa ki nan Travay 1:1–8; 2:37–39; 4:1–16, 31–33 yo epi vini prepare pou yo pataje eksperyans pèsonèl pa yo ki sanble ak pa Apot yo. Paregzanp, ou gen dwa mande yo pou yo pale de yon eksperyans kote Sentespri a te ede yo temwaye sou yon prensip levanjil oubyen reponn kesyon yon moun te geyen. Kisa yo te fè pou yo te chèche gidans Sentespri a?

Travay 1:15–26

Se Bondye ki aple Apot Jezikri yo pa revelasyon.

  • Sa ta bon si klas la ta note ke nouvo manm Kolèj Douz Apot yo nan ansyen Legliz la te aple pa revelasyon, menmjan ak jodia. Panse pou w envite manm klas yo pou yo eksplike ki fason yon antrepriz ka seleksyone yon kandida pou yon pòs direksyon, paregezanp, nan gade nivo etid, eksperyans, eksetera. Mande yo pou konpare sa avèk fason Apot Matyas te aple a nan Travay 1:15–26 (gade 1 Samyèl 16:1–13) tou. Kisa sitasyon Prezidan Gordon B. Hinckley a ki nan seksyon “Resous adisyonèl” la ka ajoute sou konpreyansyon manm klas yo? (gade Russell M. Nelson, “Soutni pwofèt yo,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2014, 74–77) tou. Ki fason konesans sa a afekte lafwa nou nan dirijan Senyè a aple yo? Kijan w te fè gen temwayaj ou sou pwofèt ak apot aktyèl yo?

Travay 2:22–47; 3:13–26; 4:5–12

Nou resevwa benediksyon Sakrifis Ekspyatwa yo lè nou aplike premye prensip ak òdonans levanjil yo.

  • Ki fason moun w ap anseye yo ka wè ke verite senp Pyè ak Jan te anseye yo gen pouvwa ak siyifikasyon (lafwa nan Jezikri, repantans, batèm, don Sentespri a, ak pèsevere jiska lafen)? Youn nan fason sa yo se eksplore enpòtans prensip ak òdonans sa yo, ke yo pafwa rele doktrin Kris la (gade 2 Nefi 31). Ou gen dwa pote senk afich nan klas la epi ekri anlè yo chak youn nan aspè sa yo nan doktrin Kris la: Lafwa nan Jezikri, Repantans, Batèm, Don Sentespri a, Pèsevere jiska lafen. Divize klas la an senk gwoup epi bay chak gwoup youn nan afich yo. Envite gwoup yo pou yo repase definisyon tèm ki sou afich yo a nan Gid ekriti yo oubyen nan Preche levanjil mwen an. Apresa, yo repase ansèyman Pyè yo nan Travay 2:22–47; 3:13–26; ak 4:5–12 epi ekri egzanp yo jwenn nan ekriti yo sou afich yo a. Ki fason prensip ak òdonans levanjil sa yo ede nou jwenn benediksyon Sakrifis Ekspyatwa Sovè a? Ki wòl prensip ak òdonans sa yo jwe nan plan sali Pè Selès la?

  • Ou gen dwa mande kèk misyonè aplentan, ansyen misyonè, oubyen misyonè pawas pou yo pran kèlke minit pou eksplike kijan yo te anseye lòt moun doktrin Kris la avèk èd leson 3 nan Preche levanjil mwen an. Poukisa doktrin Kris la se mesaj prensipal misyonè nou yo? Ki fason yon moun ki deja batize e ki resevwa don Sentespri a kapab kontinye aplike doktrin Kris la?

Travay 2:47,–47.

Sentespri a enspire nou pou n aji selon sa nou aprann yo.

  • Lè manm klas yo ap etidye ekriti yo lakay yo epi ansanm nan klas la chak semèn, yo gen dwa souvan santi “kè yo pwofondeman touche” (Travay 2:37). Ou gen dwa santi w enspire pou w ede yo ale pi lwen toujou nan mande yo: “Kisa nou dwe fè?” Travay 2:37. Li Travay 2:37–47 ansanm, pandan w ap envite yo pou yo chèche ki bagay gwoup 3.000 moun sa yo te fè apre yo te fin koute envitasyon Pyè a. Petèt yo gen dwa di ki fason yo te suiv enspirasyon yo te jwenn nan etid yo sou pawòl Bondye a. Apresa ou gen dwa rezève tan nan fen klas la pou chak moun poze tèt yo kesyon "Kisa m dwe fè?" a epi pou yo ekri enpresyon yo.

Imaj
Pyè k ap preche apre yo te fin bat li

Malge yo te arete l epi yo te bat li, Pyè te bravman preche levanjil la.

Travay 3; 4:1–21; 5:12–42

Lè nou ranpli ak Sentespri a, nou ka pataje levanjil la bravman.

  • Resi Pyè ak Jan ki bravman ap rann temwayaj sou Jezi a ka enspire manm klas yo pou yo pa pè sa lòt moun panse lè y ap pataje temwayaj yo de levanjil la. Kisa k frape manm klas yo sou kouraj Pyè ak Jan an nan Travay 3; 4:1–21; ak 5:12–42 la? Ki rapò ki genyen ant resevwa don Sentespri a ak kapasite nou pou n temwaye avèk asirans? Istwa nan chapit sa yo ilistre nan videyo “Pyè k ap preche epi yo arete l,” “Pyè ak Jan y ap jije,” ak “Pyè ak Jan ki kontinye ap preche levanjil la” (LDS.org). Manm klas yo siman gen dwa gen eksperyans pou yo pataje kote yomenm oubyen yon moun yo konnen te bravman defann oswa temwaye de levanjil la.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Mande yo pou yo panse sou fason yo t ap reyaji si yo ta konnen lefèt ke y ap viv levanjil la ta ka lakoz yo pèdi lavi yo. Di yo nan Travay 6–9 yo pral li istwa yon moun ki te dispoze pou l te mouri pou lafwa li.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Travay 1–5

Apèl yon manm Douz yo.

Gordon B. Hinckley te pataje kèk ide sou pwosesis pou aple yon nouvo Apot la: “Pwosedi a patikilyèman pwòp a Legliz Senyè a. Pa gen chèche yon ofis, ni fè koripsyon pou w ka jwenn yon pòs, ni kanpay pou vante kalite yon moun. Fason Senyè a kontrè avèk fason mond lan. Fason Senyè a trankil, se yon fason pezib, ki san fanfa ni depans lajan. Li san vantadiz, vanite, oswa anbisyon. Selon plan Senyè a, moun ki gen responsablite pou chwazi ofisye yo gide pa kesyon trè enpòtan sa a: 'Kiyès Senyè a t ap chwazi?' Gen yon deliberasyon trankil ak reflechi. Epi gen anpil priyè ki fèt pou resevwa konfimasyon Sentespri a pou konnen si chwa a kòrèk” (“Dieu est à la barre,” L'Étoile, Me 1994, 53).

Amelyore ansèyman nou

Fè dirijan yo konfyans. “Dirijan prètriz ak dirijan oksilyè w yo vle ede w reyisi. Mande konsèy yo pandan w ap fè efò pou amelyore w antanke enstriktè a e pandan w ap medite sou bezwen moun w ap anseye yo.” (Anseye nan fason Sovè a, 5).