Vini, Suiv Mwen
15–21 Jiyè. Travay 10–15: ‘Pawòl Bondye a te repann epi l te miltipliye’


“15–21 Jiyè. Travay 10–15: 'Pawòl Bondye a te repann epi l te miltipliye’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“15–21 Jiyè. Travay 10–15,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidiimanch: 2019

Imaj
Kònèy k ap pale ak Pyè

15–21 Jiyè

Travay 10–15

“Pawòl Bondye a te repann epi l te miltipliye"

Si w etidye Travay 10–15 nan lapriyè anvan w li plan leson sa a, sa ap ede w resevwa enpresyon nan men Senyè a. Ide anba la yo se sèlman sigjesyon yo ye.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas yo pou yo di moun ki chita bò kote yo a ki eksperyans misyonè nan Travay 10–15 la ki enpresyone yo. Envite kèk ladan yo pou pataje ide yo avèk rès klas la.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Travay 10; 11:1–18; 15:1–25

Pè Selès la anseye nou liy sou liy pa mwayen revelasyon.

  • Kèk manm nan klas la gen dwa mal konprann pwosesis pou resevwa revelasyon an. Sa ta ka petèt ede yo si w ta di yo ki fason Pyè te resevwa revelasyon ak kisa yo kapab fè pou yo avanse devan, “san doute” (Travay 10:20), lè revelasyon sanble l enkonplè oswa pa pur. Panse pou w trase yon liy sou tablo a epi ekri nan youn nan pwent liy nan Yo te preche Janti yo levanjil la. Antanke klas, repase Travay 10 ak 11:1–18, epi apresa, ajoute pwen sou liy nan ki montre kijan Senyè a revele te revele Pyè etap pa etap, ke moman an te rive pou l te preche Janti yo levanjil la. Paregzanp, ou gen dwa kòmanse avèk yon pwen ki rele “Kònèy te fè yon vizyon” (Travay 10:1–6) oubyen menm kòmanse avèk kòmandman Sovè a te bay disip li yo pou yo te “anseye tout nasyon” an nan Matye 28:19. Kisa nou ka aprann osijè revelasyon nan ekperyans Pyè a? Kisa ansèyman Nefi yo sou revelasyon an nan 2 Nefi 28:30 la ak ansèyman Èldè David A. Bednar ak Èldè Dallin H. Oaks nan seksyon “Resous adisyonèl” la ka ajoute sou diskisyon an?

  • Kijan w kapab ede manm klas yo reflechi pi pwofondeman sou fason pou yo resevwa revelasyon? Ou gen dwa etidye kèk sitiyasyon nan ekriti yo kote Senyè a te anseye pèp li a liy apre liy. Anplis eksperyans Pyè a nan Travay 10 la, manm klas yo ta ka repase eksperyans Nefi a (1 Nefi 18:1–3); Alma (Alma 7:8; 16:20); ak Mòmon (3 Nephi 28:17, 36–40). Ki lòt egzanp manm klas yo ka panse kote moun te resevwa gidans espirityèl “ti mòso isit, ti mòso lòtbò“? (2 Nefi 28:30). Poukisa Senyè a gen dwa pafwa chwazi pou l revele bagay yo nan fason sa a olye ke l ba nou repons yon sèl kou? (gade DA 50:40; 98:12). Yon analoji tankou sa a ta kapab ede: Sipoze ke yon moun ta sigjere w pou w pran yon klas calculus anvan w ta aprann aljèb ak jeyometri. Kisa w t ap reponn? Nan kisa sa sanble ak modèl Senyè a pou revele laverite a?

  • Pafwa manm yo gen kesyon oubyen enkyetid konsènan chanjman nan règ oswa pwogram yo nan Legliz la. Li ta bon pou nou ta diskite sou fason revelasyon pou kòmanse preche Janti yo levanjil la (gade Travay 10) te ranplase enstriksyon Senyè a te bay disip li yo anvan sa yo (gade Matye 10:1, 5–6). Kijan manm klas yo ta ka reponn yon moun nan epòk Pyè a ki pa ta dakò avèk direksyon Pyè te bay la paske l te kontredi pratik anvan yo? Ki fason revelasyon nan Travay 10 la ka ede nou suiv revelasyon kontini palentèmedyè pwofèt yo?

  • Sa ta ka petèt enteresan pou n repase ansanm sa k te pase pami Apot yo, jan yo dekri nan Travay 15:1–22 a, ak lèt yo te ekri Sen yo (gade vèsè 23–29). Ou ta gen dwa gade videyo “Konferans Jerizalèm nan” nan (LDS.org). Ki kesyon disip yo te genyen? Kijan yo te fè pou yo te chèche yon repons? Deklarasyon Prezidan Gordon B. Hinckley a nan “Resous adisyonèl” la ka plis klarifye fason Senyè a itilize Legliz li a atravè revelasyon l bay apot ak pwofèt yo.

Travay 10:9–48

“Bondye pa rejte pèsonn.“

  • Èske manm klas ou yo ta ka benefisye nan yon diskisyon sou sa savledi "pa rejte pèsonn"? Ou gen dwa kòmanse pa envite klas la pou yo li ekriti ki anseye ke Bondye pa rejte pèsonn yo, tankou Women 2:1–11; 1 Nefi 17:34–40; 2 Nefi 26:32–33; Alma 5:33; Mowoni 8:12; ak Doktrin ak Alyans 1:34–35. Mande yo pou yo ekri kèk definisyon posib sou “pa rejte pèsonn,” ki baze sou sa yo li yo, epi apresa pou yo pataje sa yo ekri. Ou gen dwa ede yo konprann ke "pa rejte pèsonn" nan pa vledi ke Bondye beni tout moun nan fason egal, kèlkeswa aksyon nou. Li vle pou tout pitit li yo aksepte levanjil li a, men totalite benediksyon levanjil yo rezève pou moun ki fè ak kenbe alyans avèk li. Kijan evenman ak prensip nan Travay 10:34–48 yo montre ke Bondye pa rejte pèsonn? Kijan Bondye “aksepte” epi “favorize” moun jis yo menmsi l pa rejte pèsonn? (gade Travay 10:34–35; 1 Nefi 17:35).

Travay 12:1–17

Priyè jis yo ka mennen gwo mirak.

  • Istwa Pyè a nan delivrans li anba prizon an nan Travay 12:1–17 la ka ede manm klas yo bati lafwa yo nan pouvwa lapriyè. Petèt yon manm klas la ta ka vini tou prepare pou pataje kèk detay sou istwa sa a ak temwayaj li konsènan lapriyè. Ou gen dwa envite youn oubyen plis manm nan pawas oswa branch lan pou pataje eksperyans kote yo te santi oubyen yo te temwen pouvwa inyon manm yo nan lapriyè a. Ou gen dwa chante kantik sou lapriyè tou (tankou “La prière est comme un phare?” Cantiques, no. 140) epi diskite sou kisa kantik yo anseye sou pouvwa lapriyè.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite manm klas yo pou yo medite sou rezon k fè pafwa nou pa pataje levanjil la avèk lòt moun. Sigjere yo ke etidye Travay 16–21 ka ede yo simonte obstak ki ka anpeche yo pataje levanjil la.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Travay 10–15

Resevwa revelasyon liy apre liy.

Èldè David A. Bednar te fè obsèvasyon sa yo sou modèl revelasyon Senyè a: “Anpil nan nou tipikman asime nou pral resevwa yon repons oswa yon enspirasyon pou priyè ak siplikasyon sensè nou yo. Epitou nou souvan atann ke yon repons oswa yon enspirasyon konsa ap vini imedyatman epi tout alafwa. Konsa, nou gen tandans pou n panse ke Senyè a ap ba nou yon gwo repons byen vit e tout alafwa. Sepandan, chema yo dekri plizyè fwa nan ekriti yo sigjere ke nou resevwa bagay yo ‘liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon,’ oubyen, otremandi, anpil ti repons pandan yon sèten tan. Li enpòtan pou n rekonèt ak konprann ke chema sa a se yon kle enpòtan pou nou jwenn enspirasyon ak èd nan men Sentespri a” (“Line upon Line, Precept upon Precept,” New Era, Sept. 2010, 3–4).

Imaj
yon jènfi k ap li ekriti yo

Revelasyon pèsonèl souvan vini avèk letan, atravè efò pèsistan.

Èldè Dallin H. Oaks te bay konsèy sa a: “Nou dwe etidye bagay yo nan lespri nou, pandan n ap itilize pouvwa larezon Kreyatè a mete nan nou yo. Apresa nou dwe priye pou n jwenn gidans epi apresa aji an konsekans si nou resevwa li. Si nou pa resevwa gidans, nou dwe aji selon pi bon jijman nou” (“Our Strengths Can Become Our Downfall,” Ensign, Okt. 1994, 13–14).

Prezidan Gordon B. Hinckley te pataje vizyon l te akeri pandan l t ap sèvi nan konsèy prezidans Legliz la:

“Odepa, ka gen diferans opinyon lè n ap konsidere bagay yo. Nou dwe atann a sa. Mesye sa yo gen eksperyans pèsonèl diferan. Yo se moun ki gen opinyon pèsonèl yo. …

“… Nan pwosesis sa a kote mesye yo ap eksprime panse yo a, nou jwenn yon apwofondisman ak egzamen ide ak konsèp ekstraòdinè. Men m pa janm wè gwo diskòd oubyen ostilite pèsonèl nan mitan Frè m yo. Okontrè, mwen konn wè yon bèl bagay remakab—sou direksyon enfliyans Sentespri a ak pa pouvwa revelasyon an, m wè rapwochman pwendvi diferan jiskaske vin gen yon akò ak yon amoni total. Se sèlman lè sa a enplantasyon an fèt. Mwen temwaye ke sa reprezante espri revelasyon ki manifeste kontinyèlman lè n ap dirije travay Senyè a” (“God Is at the Helm,” Ensign, Me 1994, 54, 59).

Amelyore ansèyman nou

Kòmanse avèk ekriti yo. Anvan w li dokimantasyon siplemantè yo, se pou w etidye ekriti ansyen ak aktyèl yo ak dilijans. Etidye pawòl Bondye a nan yon espri lapriyè ap pèmèt Lespri a ede w itilize sa w te etidye a lè w ap anseye (gade Anseye nan fason Sovè a, 12).