Nouvo Testaman 2023
1–7 Me. Lik 12–17; Jan 11: “Rejwi avèk mwen; paske m jwenn mouton m nan ki te pèdi a”


“1–7 Me. Lik 12–17; Jan 11: ‘Rejwi avèk mwen; paske mwen jwenn mouton m nan ki te pèdi a’’ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“1–7 Me. Lik 12–17; Jan 11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
yon mesye ki ap bay pitit gason l akolad

The Prodigal Son (Pitit Gason Pwodig la), pa Liz Lemon Swindle

1–7 Me.

Lik 12–17; Jan 11

“Rejwi avèk mwen; paske m jwenn mouton m nan ki te pèdi a”

Nan lapriyè, li Lik 12–17 ak Jan 11, pandan w ap chèche wè kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann bann verite ki nan chapit sa yo epi fè yo santi lanmou Pè Selès la.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Raple timoun yo kèk nan parabòl ak istwa nou jwenn nan Lik 12–17 ak Jan 11yo, epi envite yo pou yo chwazi youn ladan yo oubyen desine yon foto li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Lik 15

Papa nou ki nan Syèl la vle tout pitit li yo retounen al jwenn Li.

Panse a timoumn i naReflechi ak timoun ki nan klas ou yo, enkli sa k gendwa pa vini regilyèman yo. Kijan ou ka ede yo santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la? Kijan w ka enspire timoun w ap anseye yo pou yo lonje lamen ba yo avèk amou?

Aktivite Posib

  • Bay yon timoun yon pyès monnen, bay yon lòt foto yon moutoni, epi bay yon lòt yon foto anfan pwodig la (gade ChurchofJesusChrist.org oubyen paj aktivite semèn sa a). Rakonte twa parabòl ki nan Lik 15 yo epi envite timoun yo pou yo montre pyès monnen an oubyen foto a lè w mansyone l. Ou ta kapab envite timoun yo pou youn rakonte lòt parabòl yo nan pwòp mo pa yo.

  • Mande timoun yo pou yo pale de yon lè kote yo te pèdi yon bagay. Kijan yo te fè jwenn li? Eksplike ke moun ka vin pèdi espirityèlman lè yo pa suiv Papa nou ki nan Syèl la. Temwaye ke Bondye vle pou moun ki pèdi yo vin jwenn Li, e nou ka ede yo.

  • Envite timoun yo pou yo panse a lòt timoun ki pa vin nan Primè a. Ede yo kolorye oubyen ekri nòt pou yo ka envite timoun sa yo vini nan Primè aoubyen nan yon aktivite Primè. Ki lòt fason nou ka ede timoun sa yo santi lanmou Pè Selès la pou yo?

Lik 17:11–19

Mwen ka montre lanmou m pou Pè Selès la lè m rekonesan pou benediksyon m yo.

Nan ki fason istwa dis lepre yo ankouraje timoun yo pou yo rekonesan?

Aktivite posib

  • Rakonte istwa dis lepre Jezi te geri yo. Montre foto ki nan plan leson semèn sa a ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a epi envite timoun yo pou yo konte sou dwèt yo jiska dis. Apre sa mande yo pou yo bese nèf dwèt pou montre lepre a ki te di Jezi mèsi a. Ede timoun yo panse a yon moun yo ta ka remèsye pou yon aksyon janti oubyen itil.

  • Envite chak timoun pou yo montre yon bagay yo rekonesan pou li, epi fè rès timoun yo nan klas la devine kisa l ye. Mande timoun yo pou yo di kijan nou ka montre Pè Selès la ke nou rekonesan pou benediksyon nou yo.

Jan 11:1–46

Nou kwè ke Jezi se Pitit Gason Bondye.

Mat, ki sete sè Laza, te di Jezi: “Mwen kwè ou se Kris la, Pitit Gason Bondye a” (Jan 11:27). Istwa Mari, Mat, ak Laza a ka fòtifye temwayaj timoun yo sou Jezikri.

Aktivite posib

  • Rezime istwa Jezi ki ap leve Laza soti anba lanmò a (gade tou “Chapit 43: Jezi k ap fè Laza retounen a lavi,” Istwa Nouvo Testaman, 107–9, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org. Montre timoun yo yon branch ki mouri ak yon plant vivan, e mande yo kiyès ki mouri e kiyès ki vivan. Rann temwayaj ke, gras a pouvwa Jezikri, moun ki mouri yo ap resisite epi yo ap viv pou tout tan.

  • Ede timoun yo memorize ekspresyon Jezi te di Mat la pa kè: “Mwen se rezirèksyon an, ak lavi a” (Jan 11:25). Eksplike yo ke, gras a Rezirèksyon Sovè a, nou ap wè ankò moun nou renmen ki mouri deja yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Lik 15

Mwen ka ede Jezi jwenn mouton pèdi L yo.

Nou tout konn yon moun ki pèdi nan yon fason menm jan ak mouton pèdi an, talan pèdi an, oubyen anfan pwodij lan nan parabòl Sovè an. Konsidere fason ou ka enspire timoun yo pou yo lonje men bay moun sa yo avèk lanmou.

Aktivite Posib

  • Bay chak timoun tach pou l li parabòl mouton pèdi a oubyen parabòl pyès kòb ki pèdi a an silans, nan Lik 15:1–10epi pataje sa yo aprann.

  • Ekri non sa yo sou tablo a: papa, pi gran pitit gason, ak pitit ki pi jèn nan. Pase videyo “Anfan Pwodig la” (ChurchofJesusChrist.org) epi mete l sou poz pafwa pou timoun yo ka ekri sou tablo a kèk nan sa yo santi pou moun ki sou lis la. Kijan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri santi yo konsènan moun ki peche yo?

  • Mande yon timoun pou l kite sal la pandan lòt yo ap kache yon pyès lajan oubyen yon mouton an papye. Fè timoun nan retounen epi chèche pyès lajan an oubyen mouton an papye a. Nan ki fason moun ka santi yo “pèdi” tankou talan an oubyen mouton an? Envite timoun yo pou yo sigjere fason yo ka janti avèk lòt moun. Chante avèk timoun yo “Au Berger elles sont chères” (Cantiquesno.142, epi temwaye konsènan jwa ki vini lè moun retounen ale jwenn Bondye.

  • Eksplike ke Jezi te itilize mouton pèdi a, pyès lajan ki te pèdi a, ak anfan pwodig la pou reprezante moun ki “pèdi” paske yo pa jwenn benediksyon levanjil la. Envite timoun yo pou yo panse a moun yo konnen ki pa gen benediksyon sa yo nan lavi yo. Kisa yo ka fè pou ede moun sa yo santi lanmou Pè Selès la pou yo?

Imaj
Jezi ak mouton

Gentle Shepherd [Bèje Janti], pa Yongsung Kim

Lik 17:11–19

Mwen ka montre lanmou m pou Pè Selès la lè m rekonesan pou benediksyon m yo.

Istwa dis lepre yo ta kapab yon bon fason pou fè timoun yo eksprime rekonesans yo pou Pè Selès la pou benediksyon yo resevwa yo.

Aktivite posib

  • Li ansanm istwa dis lepre yo. Kijan lepre ki te di mèsi a te beni poutèt rekonesans li? Poukisa li enpòtan pou nou di Bondye mèsye pou benediksyon nou yo?

  • Envite timoun yo pou yo fè lis bagay yo rekonesan pou yo, ki kòmanse pa chak lèt nan non yo.

  • Mande timoun yo pou yo ekri nòt pou di Pè Selès la mèsi pou benediksyon li ba yo. Yo gen dwa mete ti nòt sa yo bò kabann yo pou raple yo pou yo eksprime rekonesans yo lè y ap priye.

Jan 11:1–46

Nou kwè ke Jezi se Pitit Gason Bondye.

Kijan ou ka itilize istwa Mari, Mat, ak Laza a pou ede timoun yo konnen, jan Mat te konnen an, ke Jezi se “Kris la, Pitit Gason Bondye a”? Jan 11:27).

Aktivite posib

  • Ekri sou tablo a kèk deklarasyon moun yo te fè nan Jan 11. Envite timoun yo pou yo idantifye kimoun ki te fè chak deklarasyon sa yo, epi mande yo pou yo gade nan Jan 11 pou yo ka verifye repons yo. Kisa yo tap santi si se yomenm ki te Jezi, Mat, Mari, oswa Laza? Kijan kwè nan Jezi ede nou lè nou tris oubyen lè nou pè?

  • Li temwayaj Mat la, ki nan Jan 11:20–27la. Mande timoun yo pou yo chèche mo ak ekspresyon ki montre ke Mat te gen lafwa nan Jezikri. Kisa nou ka fè pou nou ka gen lafwa nan Li?

  • Ede timoun yo memorize Jan 11:25. Eksplike yo ke tout moun ap resisite, men se sèl moun ki jis yo ki ap resevwa lavi etènèl e ki pral viv avèk Pè Selès la ak Jezikri ankò.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Bay timoun yo papye oubyen yon ti kanè yo ka itilize pou yo ekri oubyen desine bagay yo santi yo rekonesan pou yo pandan tout semèn nan.

Amelyore Ansèyman Nou

Repetisyon se kle aprantisaj. Timoun benefisye anpil lè yo tande yon prensip levanjil oubyen lè yo fè yon aktivite plis pase yon fwa. Eseye refè aktivite yo nan plizyè fason diferan.