Nouvo Testaman 2023
24–30 Avril Jan 7–10: “M Se Bon Bèje a”


“24–30 Avril. Jan 7–10: ‘‘M Se Bon Bèje a” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“24–30 Avril. Jan 2–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Jezi avèk yon dam ki tonbe a tè

Neither Do I Condemn Thee (Mwen pa kondane w nonplis), pa Eva Koleva Timothy

24–30 Avril

Jan 7–10

“M Se Bon Bèje a”

Pandan w ap li Jan 7–10, panse a timoun w ap anseye yo. Aktivite pou timoun ki pi gran yo nan plan leson sa a ka adapte pou timoun ki pi piti yo, ou visevèsa.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Fè timoun yo sonje yon bagay ou te envite yo fè nan yon leson pase. Mande yo pou yo pataje sa yo te fè pou yo aji sou envitasyon an.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jan 7:14–17

Respekte kòmandman yo ap ede m konnen yo vrè.

Jezi te a ansenye ke nou ka gen yon temwayaj sou verite Li te pataje yo lè nou viv yo. Lapè nou jwenn lè nou obeyi kòmandman yo ede nou konnen yo vrè. Konsidere kijannou ta kapab ansenye timoun yo verite sa a.

Aktivite Posib

  • Rezime Jan 7:17 nan mo timoun yo ap kapab konprann. Ede yo konnen ke obeyi kòmandman yo ede nou santi nou pi pre Jezikri. Pa ekzanp, nou ta kapab chante ansanm yon chan tankou “Pour Trouver La Paix” oubyen “Choisier le Bien” (Chants Pour Les Enfants, 68, 82). Mande timoun yo pou yo koute jan n ap beni lè nou respekte kòmandman yo.

  • Pataje yon eksperyans lè ou te vin gen yon temwayaj ke yon kòmandman te soti nan Bondye paske ou te viv kòmandman sa a, tankou peye dim oubyen padone yon moun ki pa t janti. Envite timoun yo panse a yon eksperyans yo te genyen lè yo te obeyi yon kòmandman. Mande yo pou yo pataje kijan yo te santi yo lè yo te obeyi.

  • Envite timoun yo pou yo desine tèt yo ki ap obeyi yon kòmandman. (Ede yo panse a kèk egzanp.) Envite yo pou youn pataje foto yo avèk lòt epi pou yo pale de jwa yo jwenn lè yo obeyi kòmandman sa a.

Jan 8:29

Jezikri te obeyi Papa L.

Jezikri te toujou fè sa ki te fè Papa L ki nan Syèl la plezi. Kijan w ka ede timoun yo jwenn fa pou yo suiv egzanp Li?

Aktivite Posib

  • Ede timoun yo repete sa Jezi te di konsènan Papa nou ki nan Syèl la nan Jan 8:29: “M toujou fè sa k fè L plezi.” Mande yo pou yo pataje sa Jezi te fè ki te fè Papa nou ki nan Syèl la kontan. Montre foto ki nan Liv Ilistrasyon Levanjil la pou ba yo ide.

  • Mande timoun yo kisa ki fè yo kontan. Oubyen envite paran youn nan timoun yo pou l pataje yon eksperyans lè timoun nan te fè paran an santi l kontan. Kisa nou ka fè pou fè Papa nou ki nan Syèl la nou kontan? Envite timoun yo desine foto tèt yo ki ap fè aktivite sa yo pou pote lakay yo ak fè yo sonje

Jan 10:1–16

Jezi konnen m e L renmen m.

Parabòl bon bèje a ka ede timoun yo konprann ke Jezi renmen yo e Li konnen kiyès yo ye.

Aktivite Posib

  • Bay timoun yo foto ki reprezante yon bagay nan parabòl bon bèje a, tankou yon brebi, yon bèje, oubyen yon lou. Seleksyone kèk vèsè nan Jan 10:1-16 pou li pou timoun yo, epi mande yo pou yo kenbe foto yo lè yo tande ou li konsènan bagay ki nan foto yo. Ede timoun yo panse a fason Jezikri se tankou yon bèje pou nou. Rann temwayaj ou ke Sovè a renmen nou e L ap gide pou nou retounen al jwenn Li.

  • Montre foto Jezi ak mouton yo nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Po Moun yo ak Fanmi yo). Kijan nou fè konnen Jezi renmen mouton yo? Kijan nou fè konnen mouton yo renmen Jezi? Kijan nou ka montre Jezikri nou renmen L?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jan 7:14–17

Respè kòmandman yo ap ede m konnen ke yo vrè.

Oumenm ak timoun w ap ansenye yo gen dwa te gen eksperyans viv verite levanjil la ak aprann ke yo vrè. Kijan ou ka bati sou eksperyans sa yo lè w ap ansenye?

Aktivite Posib

  • Ekri chak vèsè nan Jan 7:14–17 sou moso papye diferan, epi afiche yo nan òd aleyatwa. Mande timoun yo pou yo mete yo nan òd kòrèk epi tcheke Jan 7:14–17 pou wè si yo gen rezon. Envite timoun yo pou yo rasanblè de pa de pou pataje konpreyansyon yo nan chak vèsè avèk patizan yo. Nan ki fason obeyisans a kòmandman Bondye yo te ede yo konnen ke kòmandman yo se verite?

  • Pataje ekzanp ki soti nan ekriti ki montre kijan moun te beni poutèt yo te viv verite levanjil la, tankou Danyèl (gade nan Danyèl 6) oubyen Elizabèt (gade nan Lik 1:5-14). Ki benediksyon nou te resevwa poutèt nou te obeyi kòmandman yo?

  • Kèk jou anvan klas la, envite youn nan timoun yo pou l ekri sou yon lè yo te resevwa temwayaj yon kòmandman paske yo t ap viv li. Pandan klas la, mande timoun nan pou l pataje sa l te ekri a.

Jan 8:31–36

Laverite kapab fè m lib.

Kèk moun ka panse ke viv levanjil la restrenn yo. Kijan w ka itilize Jan 8:31–36 pou ede timoun yo konprann ke viv levanjil la fè nou vin lib vre?

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo li Jan 8:31–36 epi pataje sa yo panse l vle di pou yon moun se yon sèvitè peche. Kijan ansèyman Jezi yo ka ede nou vin lib?

  • Montre yon seri pou reprezante peche ak yon kle pou reprezante kijan verite levanjil la ka fè nou lib. Pa egzanp, konesans konsènan ekspyasyon Sovè a ka bannou libète pou nou repanti ak jwenn padon pou peche nou yo. Oubyen konesans konsènan Pawòl Sajès la ka ban nou libète pou nou evite adiksyon.

Imaj
Kris la ki ap ansenye nan tanp lan.

Jezi te ansenye, “Laverite ap libere w”(Jan 8:32).

Jan 10:1–18

Jezi se tankou yon bèje pou mwen.

Pandan w ap etidye parabòl bon bèje a, chèche verite li ansenye konsènan relasyon nou avèk Sovè a. Kijan konesans verite sa yo beni timoun yo?

Aktivite Posib

  • Ekri bon bèje ak mèsenè sou tablo a. Eksplike ke yon mèsenè se yon moun yo anboche pou fè yon travay pou lajan. Mande timoun yo pou yo fè lis diferans yo jwenn nan Jan 10:1–18 ant yon bon bèje ak yon mèsenè. Poukisa ou ta renmen suiv bon bèje a olye ou suiv mèsenè a? Kijan Sovè a se tankou yon bèje pou nou?

  • Desine oubyen montre foto yon pòt. Li ansanm Jan 10:7–9, epi mande timoun yo nan ki fason Jezi tankou yon pòt. Selon vèsè 9, ki benediksyon ki vin jwenn moun ki “antre nan” pòt la? Kijan nou antre nan pòt Jezikri ban nou an?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ede timoun yo panse a yon kòmandman yo ka obeyi pi konplètman. Mande yo pou yo eseye obeyi kòmandman sa a pandan semèn ki ap vini an.

Amelyore Ansèyman Nou

Poze kesyon ki enspire. Poze kesyon ki envite timoun yo ale pi lwen pase rakonte bagay ki pase. Men, ankouraje yo pou yo pataje temwayaj yo konsènan verite levanjil la. Pa egzanp, si w ap diskite kòmandman yo, ou gen dwa mande timoun yo pou yo di kijan respekte kòmandman yo beni yo.