Nouvo Testaman 2023
17–23 Avril. Matye 18; Lik 10: “Kisa M Dwe Fè Pou M Eritye Lavi Etènèl?”


“17–23 Avril. Matye 18; Lik 10: ‘Kisa M Dwe Fè Pou M Eritye Lavi Etènèl?,’” Vini, suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“17–23 Avril. Matye 18; Lik 10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Bon Samariten an

Bon Samariten an, tablo Dan Burr

17–23 Avril.

Matye 18; Lik 10

“Kisa M Dwe Fè Pou M Eritye Lavi Etènèl?”

Ki verite ki nan Matye18 ak Lik10 la timoun yo bezwen aprann? Koute enspirasyon Sentespri a pandan w ap etidye chapit sa yo. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo kapab ede pou gide etid ou a, epi plan sa a ka ba w ide pou ansèyman.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann sou Jezikri lakay yo oswa nan Primè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye 18:21–35

Mwen dwe toujou padone lòt moun.

Pandan w ap li Matye 18:21–35 la, panse sou pwòp eksperyans pa w avèk padon ak sa timoun yo bezwen konnen apwopo prensip sa a.

Aktivite Posib

  • Rakonte yo parabòl sèvitè ki pa t gen pitye a (gade Matye 18:23–35). Eksplike ke lè yon moun fè pa janti avèk nou oubyen fè nou yon bagay ki mal, n ap pwobableman santi nou fache oubyen tris toudabò. Men, padone vledi nou ka santi lapè ankò. Lè nou padone yon moun, nou deside pou nou pa fache avèk li ankò. (Ede timoun yo konprann ke si yon moun pa janti avèk yo oubyen fè yo yon bagay ki mal, yo ta dwe mande paran yo oubyen yon lòt moun yo fè konfyans pou ede yo.)

  • Ekri Mwen padone ou sou tablo a, epi di timoun yo ke pawòl sa yo ka ede moman tris yo vin tounen moman ki gen lajwa. Desine yon vizaj tris sou tablo a, epi bay kèk egzanp sou timoun ki ap padone youn lòt. Apre chak egzanp, envite yon timoun pou l transfòme vizaj tris la fè l vin yon vizaj souriyan.

  • Chante yon kantik sou padon, tankou “Aide-moi, Père” (Chants pour les enfants, 52). Temwaye ke Pè Selès la ap ede nou padone lòt moun.

Lik 10:25–37

Jezi te anseye m pou m konsidere tout moun kòm pwochen m epi renmen yo.

Parabòl Bon Samariten an ka montre timoun yo kiyès ki pwochen yo ak kijan yo ta dwe trete yo. Panse sou fason w ka enspire timoun yo pou yo “ale, epi fè … menmjan tou” (Lik 10:37).

Aktivite Posib

  • Mande chak timoun, “Kiyès ki pwochen ou?” Fè rezime istwa ki nan Lik 10:25–37 la, epi di yo kijan Jezi te reponn kesyon sa a. Kisa Jezi te anseye sou fason nou dwe trete pwochen nou?

  • Li Lik 10:25–37 pandan timoun yo ap mime parabòl bon Samariten an. Ede yo panse sou fason yo ka menmjan ak bon Samariten an nan montre lanmou ak bonte pou lòt moun.

  • Ekri kèk egzanp sou kèk sitiyasyon kote yon moun ka bezwen èd, epi kache papye yo nan tout sal la. Envite timoun yo pou yo chèche papye yo. Li sityasyon yo, epi envite timoun yo pou yo di kisa yo ta ka fè pou montre jantiyès pou yon moun ki nan sitiyasyon sa a.

  • Chante yon chan sou jantiyès avèk yo, tankou “Soyons gentils” oswa “Jésus-Christ est mon modèle” (Chants pour les enfants, 83, 40–41). Ede timoun yo panse sou kèk fason yo montre lanmou ak jantiyès pou lòt moun. Yo ta ka desine yomenm k ap fè bagay sa yo tou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye 18:21–35

Pè Selès la ap padone m si m padone lòt moun.

Parabòl sèvitè san pitye a kapab yon fason memorab pou anseye yo ke Pè Selès la vle pou nou padone tout moun.

Aktivite Posib

  • Li Matye 18:23–35 avèk timoun yo. Eksplike ke wa a oswa senyè a reprezante Papa nou ki nan Syèl la, sèvitè a reprezante noumenm, epi zanmi sèvitè a reprezante moun ki fè nou mal yo. Poze yo kesyon tankou sa a “Kisa istwa sa a anseye sou fason nou dwe trete lòt moun?” Kilè ou konn twouve l difisil pou w padone yon moun? Kijan w te abandone santiman blese sa yo? Èske w konn bezwen moun padone ou pou yon move chwa?”

  • Video “Forgive Every One Their Trespasses: The Parable of the Unmerciful Servant (Padone chak moun ofans yo: Parabòl sèvitè san pitye a)” nan (ChurchofJesusChrist.org ka ede timoun yo vizyalize parabòl sa a

  • Ekri miltiplikasyon sa a sou tablo a 70 × 7, epi ede yo rezoud li. Mande yon moun pou li Matye 18:21–22, epi eksplike ke Jezi te itilize nimewo sa a pou anseye nou ke nou dwe toujou padone.

  • Mande yo pou yo ede w panse a kèk sitiyasyon kote yon moun ta ka bezwen padone yon lòt moun. Envite yo pou yo mime fason yo t ap montre padon yo nan sitiyasyon sa yo.

  • Chante yon kantik sou padon, tankou “Aide-moi, Père” (Chants pour les enfants, 52). Ede yo konprann kisa chan an anseye sou padone lòt moun.

Lik 10:30–37

Mwen ka renmen ak sèvi lòt moun, espesyalman moun ki nan bezwen yo.

Reflechi sou moman nan lavi ou kote yon moun te “yon bon Samariten” pou ou. Kijan w ka pouse timoun yo pou yo “bon Samariten” pou lòt moun?

Aktivite Posib

  • Bay chak timoun tach pou l li yon pati nan parabòl bon Samariten an an silans. Envite timoun yo pou yo rakonte pati pa yo a nan parabòl la nan lòd evenman yo te rive a.

  • Eksplike timoun yo ke Juif yo te sitèlman pa t renmen Samariten yo ke lè yo t ap soti Jerizalèm pou yo t al Galile, yo te konn kontoune Samari pou yo te ka evite rankontre avèk Samariten. Pou ilistre sa, montre yo kat 1 Bib la “Kat fizik Tè Sent la.” Poukisa Jezi te itilize yon Samariten kòm yon egzanp sou jantiyès nan parabòl sa a? Kisa istwa sa a anseye nou sou ede lòt moun ki nan bezwen? (Gade tou Moyiz 4:16–22.)

  • Mande timoun yo pou yo pataje yon eksperyans kote yon moun te tankou yon bon Samariten pou yo.

  • Ba yo tach pou yo fikse bi pou yo tankou yon bon Samariten semèn sa a. Ou ta gen dwa mande yo si yo konn yon moun ki malad oubyen ki santi l poukont li oubyen yon moun ki pa vin legliz regilyèman? Mande yo kijan yo ts ka ede moun sa a. Ede timoun yo konprann kijan sèvi lòt moun ap ede yo kenbe pwomès yo te fè nan batèm yo (gade Mozya 18:8–10).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo kisa yo planifye pou yo fè pou yo ka pi padonan oubyen pou yo ka plis tankou bon Samariten an semèn sa a.

Amelyore Ansèyman Nou

Anseye timoun yo pou yo ekri enpresyon yo resevwa yo. Si yo ka pran abitid pou yo ekri enpresyon yo, sa ap ede yo rekonèt Lespri a ak suiv Li. Timoun yo ka ekri enpresyon yo nan make ekriti yo, desine foto, oubyen ekri nan jounal yo.