Nouvo Testaman 2023
8-14 Me. Matye 19–20; Mak 10; Lik 18: “Kisa M Manke Ankò?”


“8-14 Me. Matye 19–20; Mak 10; Lik 18: “Kisa M Manke Ankò?” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“8-14 Me. Matye 19–20; Mak 10; Lik 18,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
travayè nan jaden an

8-14 Me.

Matye 19–20; Mak 10; Lik 18

Kisa M Manke Ankò?

Li Matye 19–20; Mak 10; ak Lik 18, pandan w gen timoun w ap anseye yo nan lespri w Ekri enpresyon ou resevwa yo. Preparasyon w ap pèmèt ou anseye timoun yo sa yo bezwen konnen nan chapit sa yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite Timoun yo pou yo pataje sa yo sonje nan leson semèn pase a. Montre foto ki ap ede yo sonje.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Mak 10:6–8

Pè Selès la vle pou nou marye nan tanp epi pou nou gen fanmi etènèl.

Kijan timoun w ap anseye yo ka tire pwofi nan aprann sou doktrin maryaj etènèl la? Li ka itil pou ou revize verite konsènan maryaj nan “Fanmi an: Yon Pwoklamasyon Pou Mond Lan” (ChurchofJesusChrist.org).

Aktivite posib

  • Li Mak 10:6–8 pou timoun yo, epi montre foto yon koup moun marye. Mande timoun yo pou yon montre gason an ak fi a lè yo tande w repete mo gason ak fi. Eksplike ke Pè Selès la prevwa ke se yon gason ak yon fi ki pou marye ansanm (gade Jenèz 1:27–28

  • Montre foto yon fanmi ak yon tanp. Envite timoun yo pou yo di w kisa yo wè nan foto yo. Eksplike ke Pè Selès la vle pou nou sele avèk fanmi nou nan tanp pou nou kapab avèk yo pou tout tan. Sonje timoun ki gen paran ki poko sele yo.

  • Chante yon kantik sou lanmou nan fanmi nou, tankou “Un foyer heureuxChants pour les enfants,104). Anvizaje chante chan plizy Envite timoun yo pou yo pataje bagay amizan yo te fè avèk fanmi yo. Poukisa yo rekonesan pou fanmi yo?

  • Chante yon kantik sou tanp tankou Oh, j’aime voir le temple”oubyen Ensemble à tout jamaisChants pour les enfants,, 99, 98). Fè timoun yo kenbe foto tanp oubyen foto fanmi, epi envite yo pou yo leve foto yo anlè chak fwa yo mansyone “tanp” oubyen “fanmi” nan chan an. Ede Timoun yo reflechi sou rezon ki fè li enpòtan pou moun marye nan tanp.

Imaj
Jezi avèk timoun ak paran

Jezi renmen timoun, paske “wayòm Bondye a se pou moun ki tankou yo“ (Mark 10:14).

Mak 10:13–16

Jezi vle pou timoun yo vin jwenn Li pou L ka beni yo.

Istwa sa a bay opòtinite pou ede timoun yo santi konbyen Jezi renmen yo.

Aktivite posib

  • Nan pwòp mo pa ou, rakonte istwa ki nan Mak 10:13–16 la. Ou ta gen dwa pase videyo “Kite timoun piti yo vin jwenn mwen” an (ChurchofJesusChrist.org Ede timoun yo reflechi a yon lè yo te santi lanmou Jezikri a yo menm. Rann timoun yo temwayaj ke Jezi remnen yo epi li vle beni yo.

  • Montre foto Kris la avèk timoun yoLiv Ilistrasyon Levanjil la, no.47). Ede timoun yo imajine kijan sa ta kapab ye pou youn nan timoun ki chita bò kote Jezikri nan foto a. Envite timoun yo pou yo di kijan yo santi yo apwopo Jezikri.

  • Fè timoun yo fè desen yomenm Jezi ap beni (gade nan Mak 10:16 ak paj aktivite semèn sa a).

Mak 10:17–22

Si nou obeyi kòmandman yo, nou ka jwenn lavi etènèl.

Jezi te anseye jenòm rich la ke, pou l jwenn lavi etènèl—yon lavi tankou sa Papa a genyen an—li dwe obeyi kòmandman yo.

Aktivite posib

  • Rakonte timoun yo istwa jenòm rich la nan Mak 10:17–22. (Gade tou nan “Chapit 42: Jenòm Rich la,”Istwa Nouvo Testaman,105–6, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org Mande yo pou yo koute sa Jezi te di jenòm nan pou l te fè ak kijan jenòm nan te reyaji.

  • Rakonte youn oubyen plizyè istwa sou timoun ki ap mande paran yo konsèy ak direksyon men ki pa suiv yo ni obeyi yo. Kisa Pè Selès la mande nou pou nou fè? Kijan nou santi nou lè nou obeyi kòmandman L yo?

  • Pataje eksperyans kote ou te resevwa enspirasyon pèsonèl pou w fè yon bagay pou w ka amelyore.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Mak 10:6–8

Pè Selès la vle pou nou marye nan tanp epi pou nou gen fanmi etènèl.

Bagay Jezi te ansenye yo konsènan maryaj ka ede timoun yo pou yo espere marye nan tanp ak leve yon fanmi etènèl.

Aktivite posib

  • Mande youn nan timoun yo pou l li Mak 10:6–8 awotvwa. Eksplike ke atache vle di “vkole sou” yon bagay oubyen “kenbe fèm” nan yon bagay. Poukisa li enpòtan pou mari yo ak madanm yo ini ansanm, pou youn remen lòt, epi pou yo travay kòm patnè?

  • Mande timoun yo pou yo ede w panse a repons pou kesyon tankou “Poukisa fanmi enpòtan nan Llegliz la?” oubyen “Poukisa li enpòtan pou nou marye nan tanp?” Ede yo jwenn repons nan resous tankou Mak 10:6–8; 1 Korentyen 11:11; Doktrin ak Alyans 42:22; 131:1–4; Moyiz 3:18, 21–24; ak “Fanmi an: Yon Pwoklamasyon Pou Mond Lan.”

  • Chante yon chan ansanm konsènan fanmi, tankou “Ensemble à Tous Jamais” (Chants Pour Les Enfants,, 98) Pataje temwayaj ou sou maryaj ak fanmi etènèl avèk timoun yo. Envite yo pou yo pataje temwayaj pa yo tou.

Mak 10:17–22

Jezi ka ede m konnen sa m bezwen fè pou m pwogrese.

Jenòm rich la te chèche Jezi epi li te resevwa enstriksyon espesifik ki te destine pou limenm espesyalman. Kijan w ka ankouraje timoun yo pou yo chèche menm kalite asistans sa a nan lavi pa yo?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo jwenn yon vèsè nan Mak 10:17–22 ki dekri foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Eksplike ke konsèy Jezi te bay jenòm lan te pèsonèl, e nou tout ka resevwa direksyon pèsonèl nan men Senyè a atravè Lespri a.

  • Li ansanm Mak 10:17–22. Envite timoun yo pou yo ekri kòmandman Sovè a te mande jenòm rich la pou l obeyi yo sou tablo a (gade nan vèsè 19). Kisa ankò Jezi te mande l pou l fè? (gade nan vèsè 21). Ankouraje timoun yo pou yo panse sou kèk bagay yo ta kapab bezwen kòmanse fè oubyen ke yo bezwen sispann fè pou yo ka suiv Jezi. Ki fason nou ka dekouvri sa Jezi vle nou fè?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo montre fanmi yo ke yo renmen yo, petèt nan ekri yon nòt oubyen fè yon ak sèvis janti.

Amelyore Ansèyman Nou

Prete atansyon a timoun yo. Ki fason timoun nan klas ou a reyaji nan aktivite aprantisaj yo? Si yo pa sanble yo enterese, petèt se moman pou w eseye yon lòt aktivite oubyen pou w fè yon ti pwomnad an silans avèk yo. Yon lòt bò, si w remake timoun yo patisipe epi enterese nan yon sèten pati nan leson an, ou pa dwe santi w oblije kontinye senpleman pou asire w ke w kouvri tout pwen yo nan leson an.