Vini, Suiv Mwen
10–16 Jen. Matye 26; Mak 14; Lik 22; Jan 18: ‘Non pa sa m vle, men sa ou vle’


“10–16 Jen. Matye 26; Mak 14; Lik 22; Jan 18: ‘Non pa sa mwen vle, men sa ou vle’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“10–16 Jen. Matye 26; Mak 14; Lik 22; Jan 18,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Dènye Repa a

Epi sete lannuit, pa Benjamin McPherson

10–16 Jen.

Matye 26; Mak 14; Lik 22; Jan 18

“Non pa sa m vle, men sa ou vle”

Pandan w ap li Matye 26; Mak 14; Lik 22; ak Jan 18 la, chèche prensip ou panse timoun yo bezwen konprann.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto sou evenman nan chapit sa yo, tankou Liv Ilistrasyon Levanjil, no. 54, 55, ak 56, epi envite timoun yo pou yo di kisa k ap fèt nan foto sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Mak 14:22–25; Lik 22:19–20

Sentsèn nan ede m panse a Jezi.

Ede timoun yo konprann ke moman sentsèn se yon chans yo genyen pou yo panse a Jezi.

Aktivite posib

  • Rezime istwa Jezi k ap entwodui sentsèn nan. Ou gen dwa itilize “Chapit 49: Premye Sentsèn nan,” Istwa Nouvo Testaman yo, 124–26, oswa videyo korespondan an nan (LDS.org). Gade videyo “Sentsèn” nan tou nan (LDS.org). Ede timoun yo konprann ke nou sonje Jezi pandan Sentsèn nan.

  • Mande yo si yo konnen kisa pen ak dlo sentsèn nan reprezante. Eksplike yo ke anblèm sa yo ede nou sonje ke Jezi te mouri pou nou epi li te resisite soti anba lanmò. Montre yon moso pen ak yon vè dlo pandan w ap ede timoun yo memorize fraz “Pou nou ka sonje l” la (Lik 22:19).

  • Mande yo pou yo fèmen je yo epi panse ak yon moun yo renmen, epi apresa, envite yo pou yo pale w de moun sa a. Mande yon pou yo fèmen je yo ankò, pou yo panse ak Sovè a, epi apresa pataje sa yo konnen de li. Ankouraje yo pou yo panse ak Jezi pandan sentsèn nan chak semèn.

  • Envite yo pou yo montre kisa yo ka fè pou yo sonje Jezi e montre reverans pandan sentsèn nan.

  • Ede yo fè ti livrè yo pale nan paj aktivite semèn sa a. Pwopoze yo pou yo itilize l pou ede yo panse ak Jezi pandan sentsèn nan.

  • Ede timoun yo chèche foto Jezi nan revi Legliz yo epi kreye yon kolaj ke yo ka gade pandan reyinyon sentsèn nan.

Matye 26:36–46

Jezi te soufri pou mwen paske li renmen mwen.

Reflechi sou fason w ka ede timoun yo santi amou Jezi pou yo pandan w ap pale yo sou soufrans li te andire nan Jetsemani yo.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo panse a yon moman kote yo te santi yo tris oubyen blese. Si sa apwopriye, envite kèk timoun pou yo pale sou sa. Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Eksplike yo ke, nan yon fason nou pa totalman konprann, Jezi te santi doulè ak lapenn tout moun ap gen pou yo santi. Sa vledi ke l ka ede nou santi n pi byen lè nou santi nou tris, blese, oubyen fache.

  • Chante “Je ressens son amour,” Chants pour les enfants, p. 42–43, avèk timoun yo. Envite yo pou yo di ki fason yo konn santi amou Jezi.

Imaj
Kris la k ap priye nan Jetsemani

Kris la k ap priye nan Jaden Jetsemani an, pa Hermann Clementz

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Mak 14:22–24

Sentsèn nan ede m sonje Jezikri ak sakrifis li te fè pou mwen an.

Kijan w ka ede timoun yo fè yon pi bèl eksperyans avèk sentsèn nan?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo chak pran tou pa yo pou yo li vèsè ki nan Mak 14:22–24 yo (gade Tradiksyon Joseph Smith, Mak 14:20–24 [nan apendiks Bib la]) ak Doktrin ak Alyans 20:75–79 tou. Ki pawòl ak ide ki sanble nan de pasaj ekriti sa yo?

  • Mande timoun yo kisa yo fè pou ede yo panse ak Jezi pandan sentsèn nan. Ede yo jwenn ekriti oubyen pawòl nan chan sentsèn yo ke yo ta ka li pandan sentsèn nan, epi apresa, fè lis yo sou yon kat pou timoun yo ka itilize kòm referans pwochèn fwa y ap pran sentsèn. Chante kèk nan chan sa yo avèk timoun yo (gade Cantiques, no. 9–119).

  • Ekri kèk fraz kle nan priyè sentsèn yo sou tablo a, epi ede timoun yo memorize yo. Kisa fraz sa yo vledi? Poukisa nou rekonesan dèske nou gen okazyon pou nou renouvle alyans batèm nou yo chak semèn?

  • Envite yon detantè Prètriz Aawon pou l vin pale timoun yo de eksperyans li nan prepare, beni, oubyen distribye sentèn nan. Kisa k ede l prepare pou l fè sa? Kijan l santi l lè l ap fè li? Kijan pen an ak dlo a raple l Sovè a?

  • Mande timoun ki deja batize yo pou yo di kisa yo sonje sou batèm yo. Kijan yo te santi yo? Ki alyans yo te fè? (gade Mozya 18:8–10). Di yo ke chak semèn lè nou pran sentsèn, se kòmsi nou batize ankò—nou ka resevwa padon pou peche nou, epi renouvle alyans nou yo.

Matye 26:36–42

Nan Jetsemani, Jezikri te pran peche mwen ak lapenn mwen sou do li.

Si yo konn kisa Jezi te fè pou yo nan Jetsemani, sa ka ede timoun yo repanti pou peche yo epi tounen yo vè Sovè a lè y ap rankontre eprèv difisil.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li Matye 26:36–42, pandan y ap chèche mo oubyen fraz ki dekri kijan Jezi te santi l nan Jetsemani. Kisa Jezi t ap travèse ki te lakoz li te santi l fason sa a? Bayo opòtinite pou yo di sa yo santi sou Jezi ak sou sakrifis li pou nou an.

  • Envite yo pou yo pale de yon lè kote yo te santi yo tris oubyen nan doulè. Mande yo si yo konn yon moun ki te santi l konsa tou. Eksplike ke nan Jetsemani an, Jezi te santi tout doulè ak tristès chak moun gen pou yo santi. Li te fè sa pou l ka rekonfòte nou lè nou bezwen (gade Alma 7:11–12).

  • Bay chak timoun yon ti bout bwa ki pi long pase lajè pòt klas la, epi mande l pou l kenbe l orizontalman epi eseye pase l atravè pòt la. Eksplike ke ti bout bwa a reprezante peche nou yo, ki anpeche nou antre nan wayòm Bondye a. Retire bout bwa a pou montre ke Jezi te pran peche nou yo sou tèt li pou nou ka jwenn padon lè nou repanti.

Lik 22:39–44

Mwen ka suiv egzanp Jezi nan obeyi Papa nou ki nan Syèl la.

Jezi te montre obeyisans pou Papa a lè l te di: “Se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa ou” (Lik 22:42). Kijan w ka ede timoun yo aprann apati egzanp Jezi a?

Aktivite posib

  • Memorize fraz “Se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa ou” la avèk timoun yo (Lik 22:42) epi di yo kisa l vledi. Kisa nou ka fè pou n obeyi volonte Pè Selès la?

  • Ede timoun yo idantifye kèk kòmandman yo te obeyi. Mande: Ki benediksyon ou te resevwa lè w te obeyi Papa nou ki nan Syèl la, menm lè sa te difisil? Envite yo pou yo pataje eksperyans yo ak temwayaj yo.

Lik 22:41–43

Mwen ka resevwa èd lè m priye.

Lè Jezi te priye nan Jetsemani an, yon zanj te parèt pou fòtifye li. Èske timoun yo konprann ke yomenm tou yo ka priye Pè Selès la pou mande l fòs?

Aktivite posib

  • Rakonte yo istwa ki nan Lik 22:41–43 a (petèt ou ka itilize “Chapit 51 an: Jezi soufri nan Jaden Jetsemani an,” Istwa Nouvo Testaman, 129–32, oubyen pase videyo korespondan an nan LDS.org). Eksplike yo ke lè Jezi te priye, Pè Selès la te voye yon zanj vin ba l fòs. Kiyès Pè Selès la voye pou fòtifye nou?

  • Montre foto zanj lan k ap konsole Kris la nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, a epi pataje yon eksperyans kote ou te santi Pè Selès la fòtifye ou.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo sa yo pral fè pandan sentsèn nan pou yo ka sonje Jezi.

Amelyore ansèyman nou

Rann temwayaj ou pou klas la. Yon temwayaj kapab osi senp ke “Mwen konnen Pè Selès la renmen nou chak” oubyen “Mwen santi m byen lè m aprann sou Jezikri.”