Vini, Suiv Mwen
3–9 Jen. Jan 13–17: ‘Demere nan lanmou mwen’


“3–9 Jen. Jan 13–17: ‘Demere nan lanmou mwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“3–9 Jen. Jan 13–17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Dènye Repa a

Pou nou ka sonje mwen, pa Walter Rane

3–9 Jen.

Jan 13–17:

“Demere nan lanmou mwen”

Priye pou w ka konn bezwen timoun w ap anseye yo pandan w ap li Jan 13–17 la. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak plan leson sa a kapab ede w konprann doktrin nan e ba ou ide pou w anseye timoun nan klas ou yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede timoun yo pataje sa y ap aprann yo lakay yo, pase yon kè an papye youn bay lòt epi envite chak timoun pou l pataje yon bagay li te fè pou montre amou li pou lòt moun lè se tou pa li pou l kenbe kè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Jan 13:1–17

Jezi vle m sèvi lòt moun.

Istwa Jezi k ap lave pye Apot li yo se yon egzanp sou sèvis enb. Kijan w ka fè timoun yo suiv egzanp Jezi a?

Aktivite posib

  • Itilize foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pou ede w rakonte istwa ki nan Jan 13:1–17 la. Envite timoun yo pou yo montre detay nan istwa a ki sou foto yo.

  • Montre foto Jezi k ap sèvi lòt moun (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la ooubyen revi Legliz yo pou ide). Fè yo chak pran tou pa yo pou kenbe foto yo anlè pandan w ap rakonte istwa yo dekri yo (kite yo ede w rakonte istwa yo si yo kapab).

  • Mande yo kijan yo santi yo lè yon moun ede yo. Fè yo desine foto sou fason yo ka suiv egzanp Jezi nan sèvi yon moun.

Jan 13:34–35; 14:15

Mwen montre lanmou m pou Jezikri nan obeyi kòmandman l yo.

Kijan w ka fè timoun yo konprann ke obeyisans yo se prèv ke yon renmen Jezikri?

Aktivite posib

  • Bay chak timoun yon kè an papye pou l dekore. Envite yo pou yo leve kè yo a anlè chak fwa yo chante mo “lanmou” an nan chan “Aimez chacun” ak “Aimez vos frères,” Chants pour les enfants, p. 39, 74.

  • Ede timoun yo memorize Jan 14:15 pandan yo kenbe kè an papye yo a anlè lè y ap di: “Si w renmen m,” nan ak yon foto tablèt an wòch yo lè y ap di “Kenbe kòmandman m yo.”

  • Envite yo pou yo chak pran tou pa yo pou mime yon aksyon janti yo ta ka fè pou yon moun pou montre amou yo pou Jezi. Fè rès timoun yo devine sa y ap fè a.

  • Konplete paj aktivite pou semèn sa a avèk timoun yo.

Jan 14:26–27; 15:26; 16:13–14

Sentespri a ede m santi m pi pwòch Jezi.

Byenke timoun w ap anseye yo poko resevwa don Sentespri a, yo ka aprann depi kounyeya kijan pouvwa Sentespri a fonksyone nan lavi yo.

Aktivite posib

  • Montre foto Dènye Repa a (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 54). Eksplike timoun yo ke nan Dènye Repa a, Jezi te anseye disip li yo sou Sentespri a.

  • Envite yo pou yo mete men yo sou kè yo ak sou tèt yo. Ouvri ekriti yo nan Doktrin ak Alyans 8:2, epi eksplike ke Sentespri a ka pale avèk nou “nan lespri [nou] ak nan kè [nou],” oubyen atravè panse nou ak santiman nou.

  • Etenn limyè yo epi montre yon foto. Apresa limen yon flach sou foto a. Mande timoun yo nan ki fason limyè flach la sanble avèk Sentespri a.

  • Ansanm avèk timoun yo, chante “Le Saint-Esprit,” Chants pour les enfants, p. 56, ak yon “ti vwa tou piti.” Envite yo pou yo koute sa Sentespri a fè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Jan 13:34–35; 14:15; 15:10–14

Mwen montre lanmou m pou Jezi nan obeyi kòmandman l yo.

Lè w ap li pasaj sa yo nan eti pèsonèl ou, panse avèk timoun w ap anseye yo. Ki jan y ap beni lè yo konprann ke obeyisans yo se prèv amou yo pou Sovè a?

Aktivite posib

  • Memorize Jan 13:34–35. Yon fason pou yo fè sa se chante “Aimez vos frères,” Chants pour les enfants, p. 136, epi ede yo aprann jès ki mache avèk chan an.

  • Envite yo pou yo ekri ki fason Jezi montre ke l renmen nou sou tablo a. Ou gen dwa montre foto lavi Sovè a pou ede yo (pou ide, gade Liv Ilistrasyon Levanjil la). Ki fason nou ka montre amou nou pou lòt moun jan l te fè a? Envite chak timoun pou l kanpe epi di yon fason li pral aplike kòmandman pou “youn renmen lòt” la (Jan 13:34).

  • Envite yon timoun pou l li Jan 14:15. Fè chak timoun pran tou pa yo pou desine yon moun ki respekte yon kòmandman, pandan ke rès timoun yo ap eseye devine sa l ap desine a. Pou egzanp sou kòmandman yo, gade bwochi Pou fòs jèn yo. Nan ki fason obeyi kòmandman sa yo montre Sovè a ke nou renmen li?

Jan 14:26; 15:26; 16:13

Sentespri a gide, li konsole, li temwaye konsènan laverite.

Kounyeya ke anpil nan timoun yo te resevwa don Sentespri a, kijan w ka ede yo pi byen konprann wòl Sentespri a?

Aktivite posib

  • Bay timoun yo vèsè sa yo pou yo li de pa de: Jan 14:26; 15:26; ak 16:13. Mande yo pou yo chèche mo ki anseye yo sa Sentespri a fè. Ekri mo sa yo sou tablo a.

  • Pataje yon eksperyans kote Sentespri a te gide ou, rekonfòte ou, avèti ou, oubyen temwaye w laverite. Envite yo pou yo pataje nenpòt eksperyans yo te fè avèk Sentespri a. Kijan yo te rekonèt enfliyans Sentespri a?

  • Mande chak timoun pou l desine figi l sou yon sache papye. Limen yon flach, pou reprezante Sentespri a nan sache yo. Epi mete bagay ki bloke limyè nan sache yo, bagay tankou yon foula oubyen yon mouchwa, pou anseye yo ke move chwa nou yo ka limite enfliyans Sentespri a nan lavi nou. Fè timoun yo retire foula a oubyen mouchwa yo nan sache yo pou reprezante repantans.

Jan 15:1–8; 17:3

Papa nou ki nan Syèl la ak Jezi vle pou m konnen yo.

W ap gen yon enfliyans pozitif ajamè nan lavi timoun yo si w ede yo aprann konnen Pè Selès la avèk Jezikri.

Aktivite posib

  • Montre yon plant pandan ke, youn apre lòt, timoun yo ap li vèsè ki nan Jan 15:1–8 yo. Nan kisa Jezi tankou yon pye rezen? Nan ki fason nou se branch yo? Kisa nou ka fè pou nou rete pwòch Sovè a?

  • Li Jan 17:3 awotvwa. Mande timoun yo kisa y ap fè pou yo aprann konnen Pè Selès la ak Jezikri. Eksplike yo kisa w fè pou w vin konnen yo.

Imaj
Jezi avèk yon tigason sou janm ni

Kris la te anseye: “Demere nan mwen” (Jan 15:4).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo mande yon manm fanmi kisa yo ka fè pou rann ni sèvis. Nan pwochen klas la, bay timoun yo tan pou yo pataje sa yo te fè.

Amelyore ansèyman nou

Adapte aktivite yo. Si w ap anseye timoun ki pi piti yo, ou gen dwa jwenn ide ki ka adapte pou klas ou a nan seksyon pou timoun ki pi gran yo nan plan sa a. Menmjan tou, aktivite pou timoun ki pi piti yo ka adapte pou anseye timoun ki pi gran yo tou.