Vini, Suiv Mwen
26 Oktòb–1e Novanm. Mòmon 1–6: “M ta renmen pèsyade tout moun … pou yo repanti”


“26 Oktòb–1e Novanm. Mòmon 1–6: ‘M ta renmen pèsyade tout moun … pou yo repanti,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“26 Oktòb–1e Novanm. Mòmon 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Mòmon ap ekri sou plak lò yo

Mòmon ap abreje plak yo, pa Tom Lovell

26 Oktòb–1e Novanm.

Mòmon 1-6

“M ta renmen pèsyade tout moun … pou yo repanti”

Evenman yo dekri nan Mòmon 1–6 yo gen dwa difisil pou timoun yo konprann totalman, men yo ka toujou aprann leson nan resi Mòmon an sou viv jis nan yon mond mechan. Kijan w ka itilize eksperyans li a pou anseye yo kijan pou yo rete fidèl nan levanjil la?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kisa timoun yo konnen apwopo Mòmon? Ankouraje yo pou pataje sa yo konnen oubyen aprann yo avèk fanmi yo. Montre yon foto Mòmon tankou sa k nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Mòmon 1:1–3

Mwen ka dwat tankou Mòmon.

Menmsi timoun w ap anseye yo piti, yo ka devlope kalite spirityèl epi mennen yon lavi dwat.

Aktivite posib

  • Li Mòmon 1:1–3 pou timoun yo oubyen itilize “Chapit 49: Mòmon ak ansèyman l yo” (Istwa Liv Mòmon yo, 138–42, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Envite yo pou yo koute ki laj Mòmon te genyen lè Amawon te ba l yon misyon espesyal. Apresa mande yo pou yo montre chif yo avèk dwèt yo. Pou ede yo imajine kijan Mòmon te jèn, montre yo foto yon moun ki gen 10 zan. Ede yo konprann kalite Amawon te wè nan Mòmon pandan l te jèn nan, epi temwaye ke yo ka tankou Mòmon si yo suiv Jezikri.

  • Jwe yon jwèt kote y ap repete jès senp ke w ap fè. Apresa, montre yo foto sou kèk bagay Jezi te fè, epi di yo kijan nou ka suiv li (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 33–35, 41–42). Diskite sou fason Mòmon te suiv Jezikri—paregzanp, nan anseye levanjil la, nan ankouraje moun yo pou yo obeyi Bondye, epi nan renmen lòt moun.

Mòmon 3:3, 9

Pè Selès la ban m anpil benediksyon.

Ansèyman Mòmon yo ka ede timoun yo rekonèt benediksyon Pè Selès la ba yo.

Aktivite posib

  • Li Mòmon 3:3 ak 9 pou timoun yo, epi eksplike yo ke Nefit yo pa t rekonèt ke Pè Selès la te beni yo. Ede yo panse a benediksyon Pè Selès la ba yo. Montre foto oubyen objè pou bayo ide. Kisa nou ka fè jodia pou montre ke nou rekonesan anvè Pè Selès la pou benediksyon nou yo?

  • Ede timoun yo panse a benediksyon Pè Selès la ba yo epi mande yo pou yo desine kèk nan benediksyon sa yo? Envite yo pou yo mete foto yo yon kote nan kay la kote yo ka wè yo epi sonje ke Pè Selès la beni yo nan plizyè fason. Ou gen dwa envite yo pou yo idantifye kèk benediksyon Pè Selès la ba yo pandan y ap chante premye kouplè kantik “Merci, ô mon Père divin” (Chants pour les enfants, 9) an.

Mòmon 3:12

Pè Selès la vle pou m renmen tout moun.

Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo gen yon dezi pou yo santi amou pou moun bò kote yo?

Aktivite posib

  • Mande chak timoun pou desine yon moun sou tablo a, epi montre kijan chak moun yo desine yo parèt diferan de lòt. Desine yon gwo kè ki antoure tout desen yo. Ede yo konprann ke Pè Selès la vle nou renmen tout moun. Li Mòmon 3:12, pandan w ap mete aksan sou mo “lanmou” ak “renmen” yo. Kisa Mòmon te fè pou l te montre amou li pou lòt moun?

  • Chante yon chan sou renmen pwochen nou, tankou “Aimez chacun” (Chants pour les enfants, 39), pandan w ap montre foto timoun nan tout mond lan. Temwaye de lanmou Bondye pou tout pitit li. Konplete paj aktivite semèn sa a avèk timoun yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Mòmon 1:1–3; 2:1, 23–24; 3:1–3, 12, 17–22

M ka dwat tankou Mòmon.

Mòmon te jèn anpil lè Amawon te rekonèt ke l t ap yon moun ki te responsab ase pou l te pran swen anal sakre yo. Ki kalite ou wè nan timoun w ap anseye yo?

Aktivite posib

  • Envite chak timoun pou li youn nan pasaj sa yo, epi ede yo pataje sa yo aprann osijè Mòmon: Mòmon 1:1–3; 2:1, 23–24; ak 3:1–3, 12, 20–22. Apresa, pale yo ke kalite ou remake nan yo chak.

  • Montre yo foto Mòmon (gade foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Po Moun yo ak Fanmi yo a). Ede timoun yo wè ke, paske Mòmon te responsab epi yo te ka fè l konfyans ase pou l te kenbe ak prezève anal Nefit yo, nou gen Liv Mòmon an jodia. Eksplike yo kisa savle di pou yon moun responsab ak diy pou yo fè l konfyans. Envite yo pou yo medite sou fason yo ka pi responsab.

    Imaj
    Mòmon lè l te jèn

    Mòmon, nan laj 10 zan, pa Scott M. Snow

Mòmon 2:8–15; 5:10–11

Tristès selon Bondye mennen chanjman reyèl.

Mòmon te wè ke Nefit mechan yo te tris, men, tristès yo a se pa t kalite tristès ki te pouse yo pou yo te repanti (gade Mòmon 2:13). Kijan w ka ede timoun yo konprann diferans ant tristès selon mond lan ak tristès selon Bondye ki mennen nan repantans lan?

Aktivite posib

  • Ekri tit sa yo sou tablo a: Tristès ki mennen nan repantans ak Tristès ki pa mennen nan repantans. Envite timoun yo pou yo pran tou pou li vèsè ki nan Mòmon 2:8, 10–15 yo. Ede yo ekri sa yo aprann sou trisès yo anba tit apwopriye yo sou tablo a. Kijan nou ka asire nou ke tristès nou santi pou peche nou yo fè nou chanje?

  • Envite yon manm episkopa a oubyen paran youn nan timoun yo pou pataje avèk klas la kijan tristès selon Bondye ka ede nou chanje pou nou vin plis tankou Pè Selès la ak Jezikri. Poukisa l enpòtan pou nou rekonèt ke sa nou santi a se tristès selon Bondye oubyen tristès selon mond lan? Envite timoun yo pou yo gade nan Mòmon 2:12 pou yo ka wè poukisa repantans dwe fè “kè[nou] … rejwi” (Mòmon 2:12).

Mòmon 3:12

Mwen ka santi amou Pè Selès la pou lòt moun.

Li souvan fasil pou nou renmen moun ki renmen nou e ki menmjan avèk nou, men, Mòmon te demontre ke, avèk èd Pè Selès la, nou ka renmen moun ki kwè ak aji diferan de noumenm.

Aktivite posib

  • Ede yon timoun li Mòmon 3:12, epi envite lòt yo pou yo ekri yon fraz ki rezime sa yo aprann nan men Mòmon sou renmen pwochen nou. Envite yo pou pataje sa yo te ekri yo. Kijan nou ka santi amou Bondye genyen pou lòt moun? (gade Mowoni 7:48). Kisa nou ka fè pou montre amou nou pou moun nan klas nou yo ak nan fanmi nou?

  • Ede timoun yo kolore ak konplete paj aktivite semèn sa a. Ede yo panse a kèk fason siyifikan pou nou montre lanmou pou moun ki gen dwa diferan de nou.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje yo pou yo mete paj aktivite semèn sa a yon kote lakay yo pou l ka raple yo pou yo montre amou pou lòt moun. Ba yo opòtinite pou yo di kisa yo te fè nan pwochen klas la.

Amelyore ansèyman nou

Priye pou w ka chèche konprann bezwen timoun w ap anseye yo. Timoun ki pi piti yo bezwen eksplikasyon detaye ak metòd pedagojik ki pi varye. Pandan y ap grandi, yo ka vin plis patisipe epi yo ka plis vin kapab pataje sa yo panse. Bayo okazyon pou yo pataje, temwaye, ak patisipe, ak pote èd yo si bezwen. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 25–26).