Vini, Suiv Mwen
23–29 Novanm. Etè 12–15: “Tout bagay akonpli pa lafwa”


“23–29 Novanm. Etè 12–15: ‘Tout bagay akonpli pa lafwa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“23–29 Novanm. Etè 12–15,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Etè antre nan yon gwòt

Etè kache andedan yon gwòt, pa Gary Ernest Smith

23–29 Novanm.

Etè 12–15

“Tout bagay akonpli pa lafwa”

Pandan w ap li Etè 12–15 la, panse a timoun w ap anseye yo. Ide pou aktivite nan plan leson sa yo gen dwa ba ou kèk lòt ide ki ap ede w reponn bezwen timoun nan klas ou yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ede timoun yo panse a kèk istwa nan ekriti yo sou moun ki te montre gwo lafwa. Gen kèk egzanp w ap jwenn nan Etè 12:11–22.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Etè 12:6–22

Lafwa se kwè nan bagay nou pa kapab wè.

Mowoni te pataje plizyè egzanp sou moun ki te akonpli gwo bagay gras ak lafwa yo. Konsidere kijan w ka itilize egzanp sa yo pou anseye timoun yo kisa lafwa ye.

Aktivite posib

  • Li “Lafwa se bagay moun espere san yo pa wè” a nan Etè 12:6, epi mande yo pou yo repete fraz sa a avèk ou. Pale yo de kèk bagay ou kwè menmsi ou pa ka wè yo, epi ede yo panse a kèk lòt eganp. Kantik “La foi” a nan (Chants pour les enfants, 50) la oubyen yon lòt chan sou lafwa kapab ede.

  • Montre foto ki dekri kèk egzanp lafwa nan Etè 12:13–15, 20–21 yo (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 7885, ak nan paj aktivite semèn sa a.) Fè timoun yo di w kisa yo wè nan foto yo ak kisa yo konnen sou istwa yo. Pale yo ke fason moun sa yo te montre lafwa ak sa k te rive akoz lafwa yo.

  • Jwe yon jwèt devinèt avèk yo. Ba yo kèk endis sou moun fidèl yo dekri nan Etè 12:13–15, 19–20 yo jiskaske yo ka devine kiyès yo ye. Apresa fè yo jwe jwèt la ankò kote y ap pran tou pou yo bay endis sou menm moun sa yo (oubyen sou lòt moun fidèl) pandan rès klas la ap devine. Di kisa w admire sou lafwa moun sa yo.

Etè 12:23-27

Jezikri ka ede m vin fò.

Timoun yo konn pafwa rankontre sitiyasyon kote yo santi yo fèb, menmjan ak Mowoni. Ede yo aprann sa Mowoni te aprann yo—ke Sovè a ka “fè bagay fèb yo vin fò” (Etè 12:27).

Aktivite posib

  • Dekri pou timoun yo yon tach ki ap mande anpil fòs fizik pou akonpli li. Mande yo pou yo pataje egzanp sou kèk bagay yo pa gen ase fòs pou yo fè kounyeya. Kijan nou ka vin fò ase pou nou akonpli tach sa yo? Eksplike ke nou gen travay espirityèl pou nou fè tou, men pafwa nou santi nou fèb espirityèlman. Mowoni te santi l fason sa a lè l t ap ekri sou plak yo. Li Etè 12:27 pou timoun yo. Kisa Senyè a te pwomèt moun ki santi yo fèb yo?

  • Pataje yon eksperyans kote Sovè a te ede oumenm oubyen yon lòt moun ou konnen fè yon bagay ki te difisil. Temwaye pou yo ke si yo chèche èd li, Jezi ka ede yo vin fò, menm lè yo santi yo fèb.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Etè 12:5–6

Lafwa se kwè nan bagay nou pa kapab wè.

Timoun w ap anseye yo ap bati fondasyon temwayaj yo. Konsèy Mowoni sou lafwa a, ki nan Etè 12:6 la kapab ede yo.

Aktivite posib

  • Eksplike ke pwofèt Etè te eseye anseye Jaredit yo “gwo bagay mèveye,” men yo pa t kwè sa l te di yo. Mande timoun yo pou yo li Etè 12:5 pou yo ka wè poukisa moun sa yo pa t kwè. Ki kèk bagay Pè Selès la vle nou kwè menmsi nou pa wè yo? Li ansanm Etè 12:6. Kisa Mowoni te anseye moun ki pa t kwè nan verite spirityèl yo paske yo pa t ka wè yo a?

  • Montre youn nan timoun yo yon foto san w pa kite lòt yo wè, epi mande l pou l dekri foto a pou rès klas la. Si w gen tan, fè chak lòt timoun yo pran tou pa yo pou fè menm bagay la avèk foto diferan. Apresa, envite yo pou yo li Etè 12:6 epi jwenn fraz sa a: “Lafwa se bagay moun espere san yo pa wè” a. Kijan nou montre lafwa nan Jezikri lè nou pa ka wè li?

  • Mande timoun yo pou yo li fraz nan Etè 12:6 la: “Ou p ap resevwa temwayaj pazavan lafwa w pa fin teste.” Ede yo konprann ke lè nou obeyi yon kòmandman, nou ka konnen ke l vrè. Mande yo pou yo panse ak prensip levanjil Bondye vle nou gen temwayaj yo, tankou peye dim, sanktifye jou Saba a, oubyen viv Pawòl Sajès la. Apresa ekri sou tablo a Pou m akeri yon temwayaj sou , mwen dwe . Di kijan w te egzèse lafwa pou w te ka fòtifye temwayaj ou sou bagay sa yo ak lòt verite nan levanjil la.

Etè 12:4, 32

Esperans se tankou yon ankraj pou nanm mwen.

Ede timoun w ap anseye yo konprann ke nou ka “espere yon mond ki pi bon” akoz lafwa nou nan Kris la (Etè 12:4).

Aktivite posib

  • Pataje avèk timoun yo definisyon esperans ou jwenn nan “Esperans” (Gid Ekriti yo, scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Selon definisyon sa a ak Etè 12:4, 32, kisa nou espere? (gade Mowoni 7:40–42) tou. Ede yo panse a lòt mo pou esperans, ansanm ak mo ki vledi opoze esperans. Di yo kèk verite levanjil ki ba ou esperans, epi envite yo pou yo fè menm bagay la.

  • Montre yo (oubyen desine sou tablo a) foto yon bato ak yon ankraj. Poukisa bato bezwen ankraj? Kisa k t ap rive yon bato ki pa gen ankraj? Li Etè 12:4 ansanm, epi mande yo kijan esperans se tankou yon ankraj. Envite yo pou yo desine foto yon bato ak yon ankraj pou yo ka anseye fanmi yo sou esperans.

Etè 12:23-29

Jezikri ka rann mwen fò.

Pandan timoun yo ap vin pi gran, yo ap vin pi konsyan de feblès yo. Itilize vèsè sa yo pou anseye yo kijan Sovè a ka fè “bagay fèb yo vin fò” (Etè 12:27).

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo li Etè 12:23–25 pou yo ka wè poukisa Mowoni te enkyè. Mande yo si yo janm konn gen kalite santiman sa yo. Apresa envite yo pou yo li vèsè 26–27 yo pou yo ka wè kijan Senyè a ankouraje Mowoni. Kisa nou bezwen fè pou Senyè a ka ede nou solid lè nou santi nou fèb? Pataje yon eksperyans kote Sovè a te ede w vin solid ase pou w te fè yon bagay ki te difisil.

  • Envite timoun yo pou yo desine foto yon bagay fèb ak yon bagay solid. Apresa envite yo pou yo ajoute kèk mo ak fraz nan Etè 12:23–29 a nan desen yo a ki anseye kijan Sovè a ka ede nou fè feblès nou yo tounen fòs. Ankouraje yo pou yo panse sou yon feblès yo ka genyen epi apresa chèche èd Sovè a pou ede yo vin fò.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo ekri yon verite yo ta renmen akeri yon temwayaj konsènan li. Ede yo fikse bi pou egzèse lafwa pou yo ka akeri yon temwayaj konsènan verite sa a.

Amelyore ansèyman nou

Chèche konprann timoun w ap anseye yo. Chèche konprann pase, enterè, talan, ak bezwen [timoun] w ap anseye yo. Poze kesyon, koute avèk atansyon, epi obsève sa moun k ap aprann yo ap di ak fè nan diferant sitiyasyon. ... Mande paran yo kèk ide. Anvan tout bagay, priye pou w ka jwenn konpreyansyon ke sèlman Lespri a kabay la” (Anseye nan fason Sovè a, 7).